Ochan pou met Mehu Milius Garçon!

YON GWO MAPOU, YON MODÈL,

YON IKON TONBE

MÈT MEHU MILIUS GARÇON

 

Mwen pa moun ki pi byen plase pou ta pale sou lavi Mèt Mehu. Mwen pa menm jenerasyon ak li. Men, pliske mwen tap viv ak li, milite bó kotel nan GAJ ak kèk lót èstrikti politik, depi 32 lane. Mwen kwè, m ka di de timo pou onore memwa gwo potorik gason sa. Mwen kite rès pawòl yo pou: Mèt wilfrid Suprena, Mèt Jean Bernadin, Mèt Ariel, Mèt Dalusma, Mèt Gaby Ducatel, Mèt Joseph J. Jasmin ( Djo Jas), Senatè Kely Bastien, Kamarad Phernel Manigat, kamarad Roland wazenmbeck… ki se te konpayon batay li byennavan mwen menm.

Mèt Mehu se te yonn nan pi ansyen militan lagoch nan peyi Dayiti. Se te yon revolisyonè-pwogresis, yon patriyòt, yon nasyonalis ki te renmen peyi Dayiti anpil. Se te yon gran defansè moun ki pi pòv yo, èspesyalman: ouvriye, peyizan ak atizan. Li, se te tou, Avoka sila yo ki pi pòv yo. Mèt Mehu pase preske tout lavil, atravè GAJ, ap defann moun sa yo nan anpil Tribinal nan peyi a, anpatikilye nan Nò, Nòdès ak nan Pòtoprens. Se te yon gran imanis, yon modèl, yon mentò.

Premye fwa mwen wè epi rekonèt Mèt la se te nan lane 1979, lè sa mwen te gen 13 zan, nan lokazyon manifestasyon pou te kore kandidati Alexandre Lerouge ( Motè nan pantalon) kòm depite vil Okap nan plas Claude Vixamar. Nan moman sa plizyè moun nan katye lakay mwen tap lonje dwèt montre moun  ki Mèt Mehu a; yo tap di me Mèt Mehu, se yon Jij entèg, li pa nan paspouki, ou gen rezon lap ba ou rezon; ou gen tò lap ba ou tò…

Mwen ta pral gen lonè rankontre pèsonaj la, fasafas, nan lane 1989, lè kamarad Daniel Dorsainvil ( Da lepliwo de regrete memwa), te prezantel mwen menm epi pwopozel pou mwen te fè kou nan Kolèj Diwa kote li te direktè. Apre anpil echanj sou vizyon ak filozofi lekòl la epi ak konpetans mwen, Mèt Mehu te finalman aksèpte pou te entegrem nan èstaf pwofesè lekòl la. Mwen sonje li te dim, mwen tandew, mwen wè ou reponn ak filozofi lekòl la, men fòk ou  konvenk mwen ou ka fè kou a pou nou kontinye ak wou. Kidonk, Mèt Mehu pat kwè nan militans sèlman li te kwè tou nan konpetans.

Mèt Mehu se yon moun ki sakrifye lavil, tanl, fanmi ni nan batay pou chanje Leta ak transfòme sosyete a. Li fè prèske tout vil nan monte desann fè fòmasyon nan Nò, Nòdès, Nòdwès, lwès pou te kap louvri je pèp la nan batay pou chanje kondisyon lavi yo. Li te gen anpil konviksyon ak detèminasyon. Li pat janm chanje kan. Li pat yon politisyen anganman kap zigzage; jodi a li la, demen li yon lòt kote. Li te regilye nan batay la. Óf lajan, djób ak lót privilèj pat fèl trayi kan pèp la, ni abandone batay la. Mèt Mehu te rete toujou fidèl ak liy òganizasyon an jouk li mouri. Li te gen yon santiman dapatenans trèfò. Li pat janm kite òganizasyon an, li te manm yon sèl òganizasyon jis li mouri. Gen anpil kamarad ki mouri, gen anpil lòt ki chanje kan. Men Mèt Mehu ak anpil lòt kamarad te toujou goumen pou óganizasyon an toujou rete anvi epi kontinye batay pou chanje Leta ak transfóme sosyete a. Mèt Mehu te konn toujou dim: ” Timèt, mwen rete nan mitan nou paske nou pa kòwonpi epi nou gen konviksyon”.

Kòm Senatè larepiblik, li reprezante pèp la valableman. Li pat konn vann vòt li ni vote kont enterè pèp la ak peyi a. Li te dirije ansanm ak òganizasyon an. Tout sa lap fè, tout desizyon li gen pou pran se apre deba ak òganizasyon an.

Mèt Mehu, kòm konseye nan koudèkont, te toujou kenbe menm liy nan ak menm vizyon an. Li te toujou din, li enterese ak koudèkont paske li kwè se yonn nan enstitisyon ki ka pèmèt yon moun goumen konkrètman kont kòripsyon. Se te yon nèg pragmatik, li pat kwè sèlman nan teyori. Li se yonn nan konseye ki jwe yon gwo wòl pou fè koudèkont sa li ye jodi a. Li se yonn nan gran atizan rapò sou lajan petwo karibe a. Li te toujou akonpanye sendika kou Dèkont nan, nan batay pou fè rèspèkte dwa anplaye yo. Mèt Mehu, kòm konseye, te toujou rete soude ak òganizasyon an. Li te toujou kotize, kontribiye nan mezi li kapab pou ede òganizasyon ak soutni lòt kamarad ki andifikilte.

Mèt Mehu pat yon dirijan matadò sipèb, yon dirijan kap enpoze moun lidel; li pat janm konpòte-l tankou patwon òganizasyon an. Dayè, li toujou pliyel anba desizyon majorite a. E, li pat gen pwoblèm pou angajel kokrètman nan sans majorite a ( m sonje 1990). Mèt Mehu pat kwè li se yon dirijan avi, se li oubyen óganizasyon an pa egziste. Li gen yon mo li te renmen anpil, wotasyon. Li te toujou ap di fòk gen wotasyon nan òganizasyon an, fòk nou bay jèn yo posibilite pou yo dirije. Enben, li pat sèlman di mo-a, men li te metel an pratik. Mèt Mehu te fè retrè pou t bay jèn ki gen kapasite yo plas pou yo dirije. Nan sans sa, li pat gen pwoblèm pou te tounen senp manm òganizasyon an, epi rèspèkte ak akonpli san pwoblèm tout tach dirijan sa yo te ba li nan non asanble a. Mèt la toujou rekonèt tó li. Menmsi li fache ak wou, apre li ap relew pou klarifye sa.

Mèt Mehu te kwè anpil nan mouvman ouvriye ak atizan. Nan sans sa, se li menm, atravè GAJ, ki ta pral revolisyone pwosè nan zafè travay ant patwon ak ouvriye nan vil Okap. Avan, lè yon patwon te revoke yon ouvriye, yon ouvriyèz, yon triyèz kafe nan NOVELA, se ak anpil difikilte pou yo te fè pwosè paske yo pat gen gwo kób pou te peye sèvis yon avoka. Men, ak GAJ, Mèt Mehu antèt, anpil pwosè te rive fèt. Asiste ouvriye ak ouvriyèz yo nan tribinal pat rete sèlman nan Okap. Nan Pòtoprens, Mèt la te fè anpil pwosè atravè kabinè ” Max Antoine et associés”. Se siksè ak eko batay bò kote ouvriye yo ki fè Didié Dominique te chwazi GAJ, atravè Mèt Mehu, kòm kabinè avoka Batay Ouvriye (BO).

Mèt Mehu se te yon limyè, yon fa, yon gid, li kontribiye nan fòmasyon akademik, klasik, inivèsitè, jiridik ak politik anpil gason ak fanm nan peyi a, èspesyalman nan depatman Nò ak Nódès. Anpil, ki gwo avoka, gwo politisyen, gwo dirijan nan Leta-a oswa ki te gwo dirijan…, dwe Mèt Mehu yon fyè chandèl.

Mèt Mehu, menm jan ak anpil lòt kamarad, te kwè batay la dwe mennen sou depye. Yon pye politik ak yon pye legal. Se pou rezon sa, akote òganizasyon debaz yo, ki tap mennen batay politik la, GAJ, ki vin jodya F-GAJ, te kreye ann októb 1987 pou te mennen batay legal la.

Depi lè sa, Avoka GAJ yo ak Mèt Mehu te toujou reponn prezan nan tribinal yo pou tal defann militan yo te konn arete nan manifestasyon oswa pou konviksyon politik yo. Entimidasyon, menas lanmò pat fè Mèt la fè bak. Pandan koudeta 91 lan, bagay la te pirèd. Gen dejou se anba menas zàm miltè yo, Mèt la ak lót avoka GAJ yo kont pase pou al defann miltan yo.

Soti 87 rive jouk jounen jodya, òganizasyon debaz yo, ouvriye, ouvriyèz, malere ki pa gen gwo kòb pou peye sèvis yon avoka, toujou gen GAJ kòm referans oswa yon avoka ki te pase nan lekòl GAJ la.

Se te yon lide jenyal ekstrawòdinè ki te bay gwo rezilta e ki kontinye jouk jounen jodya ap bay rezilta. Chapo ba pou Mèt la!

GAJ toujou la, jodi-a li vin Fondasyon F-GAJ, avèk menm vizyon an, menm filozofi a. Kidonk, pou nou menm, Mèt Mehu pa mouri. Li kontinye ap viv atravè yonn nan zèv li yo, F-GAJ. Pi gwo fason nou ka onore memwa Mèt la, se kenbe F-GAJ toujou vivan san nou pa denatire ak pwostitiye liy ak fozofi li (GAJ).

Mèt Mehu se yon mati, lavi li pat janm èstab. Li te toujou anba menas lanmó ak pèsekisyon. Li toujou nan kouri pou konviksyonl ak detèminasyonl nan batay pou chanje Leta ak transfòme sosyete a. Depi nan jenès li, sou Divalye pè ak pitit li Jean Claude, li te yon kat make, yon pèsonaj ki toujou sou siveyans paske yo te di li se yon kominis. Anpil fwa, li oblije al nan mawon, lwen pitit  li ak madanm li.

Mèt Mehu te jwe yon gwo wòl nan mouvman 86 ki ta pral debouche sou dechoukaj Jean Clode Duvalier 7 fevriye 1986. Nou ka di mèt Mehu se yonn nan prekisè mouvman sa a, ak Mèt Jean Bernadin, Mèt Suprena…, paske byennavan 86, li te konn nan katye popilè Okap yo, nan lòt komin depatman nò ak nòdès, èspesyalman nan komin Lakil, pou te louvri je pèp la. Epi tou, mande yo leve kanpe pou ranvèse rejim “Duvalier” a. Mèt la te fè yon kout jounalis tou, li te konn ekri nan ” Petit Samedi Soir”. Aktivite sa yo, ke rejim nan te konsidere kòm sibvèsif, te toujou konn  mete lavil andanje.

Apre 86, sou rèy militè yo, li te sibi anpil menas ak pèsekisyon. Tanto li te Okap, tanto li te Pòtoprens oswa yon lòt kote nan peyi a. Militè yo te fè plizyè tantativ pou aretel ak asasinenl.

27 mas 1996, pandan li te senatè, li te manke pèdi lavil apre yon atak nèg ak zàm te fè sou machin ni. Nan atak sa, kamarad Gary Obas te mouri menm lè a. Mèt Mehu, bò kote pal, te gen yon pwojèktil ki te frole l dèyè tèt li.

Pandan li te konseye Koudèkont, pèsekisyon, entimidasyon ak menas lanmó yo te kontinye, sitou apre rapò Petwo Karibe a. Moman sa te difisil anpil pou Mèt la paske li te kwenside ak eta sante-l ki tap dejenere. Anpil fwa, li te oblije metel akouvè ak tout fanmi li.

Mèt Mehu se te yon gran imanis. Li pase tout vil ap ede sak pi pòv yo. Li toujou prè pou ede moun ki gen pwoblèm. Li kontribye nan fòmasyon akademik ak pwofesyonèl anpil gason, fanm ak kamarad, swa nan peye pou yo, ba yo konsèy oswa chèche djòb pou yo.

Nou koube byen ba tou pou salye memwa papa Mèt Mehu, Milius Garçon (Bòs Mi), ki te ban nou gwo Potorik gason sa. Bòs Mi se te yon sous enspirasyon pou Mèt la. Li toujou dim, li pat rekonèt manmanl paske li te mouri depi li te tikatkat. Se gras ak papal ki fèl vin moun li ye a. Papal te gen ven (20) pitit, se li ki te premye. Li pat janm konsidere lòt yo kòm demi frè oswa demi sè. Li te konsidere yo kòmsi li te soti nan menm zantray ak yo. Li kontribye nan fòmasyon yo tout. Se sak fè, yo te konsiderel kòm.yon poto mitan, yon dezyèm papa.

Pratik Mèt Mehu pat diferan ak pawòl li, ak sa lap preche. Map pran yon grenn egzanp, nan mitan anpil lòt m te ka pran: Se sèl direktè lekòl, nan epòk li a, ki te gen lekòl kote se nan lekól li a menm, li te mete pitit li yo. Anpil lòt, te gen lekòl, yo te prefere mete pitit yo kay chè frè oswa chè sè.

Mèt Mehu te konn dim anpil bagay, lè nap reflechi sou pwoblèm peyi a. Pami yo, mwen retni 2 ke map pataje ak nou:

Nou pa bezwen fè yon lòt revolisyon. Se revolisyon 1804 la pou nou acheve atravè ideyal “Dessalines” nan.

Boukmann ban nou yonn nan kle pou libere peyi a, nan lapriyè li te fè nan seremoni Bwa Kayiman an, se: Jete pòtrè (imaj) Bondje blan yo.

Se rezon sa yo, ki fè  li te entegre mouvman ginen an. Li pat janm kache apatenans li ak mouvman sa-a. Li te toujou di, li se vodouyizan, li kwè nan verite, renmen, jistis, rèspè lapawòl done, antrèd ak solidarite. Epi yon lòt kote, an 2014, li te mete ak anpil lòt kamarad pou te fonde KOREJAD (Kòwòdinasyon Rezistans Janjak Desalin).

Bon travèse Gran Frè! Ou pa mouri! Wap toujou rete byen vivan atravè zèv ou yo! Èspesyalman, atravè  F-GAJ ak anpil lòt èstrikti, tankou POHDH, KAPLA.., ou te kontribiye pou mete kanpe. Wap toujou rete byen vivan nan memwa anpil gason ak fanm, kamarad ou te kontribye nan fòmasyon yo ki fè jodi a yo ka itil tèt yo, fanmi yo ak peyi a.

M pa ka diw ale anpè paske m konnen pi gwo regrè ou genyen, se paske ou travèse ou pa wè chanjman ou tap goumen pou li a. Men nou pwomèt ou batay la pap kanpe.

 

Fritz VEUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *