Premye Janvye 2022
Papa Desalin nou vin mande w padon
Padon papa Desalin !
Nou mande w eskiz
Pou sa ki pa respekte memwa w
Sa ki bliye listwa
Pou sila yo ki pa sonje sakrifis ou fè
Pou kite eritaj libète ak lendepandans
Nou mande w padon Papa Desalin !
Pou tout souflèt nou ba ou
chak jou devan je lemonn
Pou tout imilyasyon
Pou tout engratitid
Nou mande w padon Papa !
Nou koube nou byen ba pou mande w padon
Pou tout pitit k ap touye w chak jou
Pou sa k ap pase memwa w anba pye
Nan Vètyè, sou Pon wouj oswa Gonayiv
Padon Papa Desalin!
Pou tout move pitit
Sa ki deyò ak sa ki anndan
Sa ki manje manje bliye
Sa ki pèdi wout ou te trase pou nou
Pou sila yo ki pèdi nanm yo
Pou pitit ki krache nan figi w
Padon Papa Desalin !
Pou sa ki kraze eritaj endependans lan
Pou sa ki boule testaman w te kite
Ki pa respekte volonte w
Pou sa ki gaspiye byen ou te kite pou nou tout jwenn
N ap mande w padon Papa Desalin !
Pou sa ki bliye w
Sa ki pa konen w
Sa ki pa aprann konnen w
Pou sila yo ki trayi listwa
Pou sa ki brize rèv ou chak jou
Pou sa ki pase lespwa anba pye
Pou sa ki bliye se linyon ki bay fòs
N ap mande w padon Papa !
Pou sa ki pèdi wout linyon ak solidarite
Pou sa ki refize pran chimen tèt ansanm
Pou sa ki ap limen dife divizyon ak dezagreman
Pou sa ki ap vann lapatri
ki trayi l chak jou
Pou sa ki pa sonje premye jou lan se fèt tout Ayisyen
Nou mande w Padon Papa Desalin CR 2022
Clarens Renois
+50934623026
Ak tout moun pou tout moun/Avec tous, pour tous





