Kominike Vwa Rezistans Popilè (No7): Mouvman Refòmis La Nan Kouri, Y Ap Nwaye!

Vwa Rezistans Popilè (No7).-
Mouvman Refòmis La Nan Kouri, Y Ap Nwaye!
Depi jiyè 2018, pèp ayisyen an ap foule beton an nan yon mobilizasyon manch long, pou derasinen sistèm feyodal neyokolonyal la (sistèm peze souse) ki gen nan tèt li kounyela, kòm chofè ak kòchon kamyon, yon mafya politik ki rele PHTK.
Ekip dinozò sa, ameriken yo parachite nan tèt peyi a an 2011, pou kache peche piyaj yo te fè nan lajan rekonstriksyon Ayiti anndan CIRH la, tonbe monte Gang, kidnape, asasinen manifestan, vòlè lajan Petro a, vann dwòg san enkyetid anba benediksyon “Core-Gwoup ” ak ameriken yo.
Nan fè mèsenè, zam ak trafikan rantre nan peyi a pou simen latroublay, Jovnèl fè yon move kout gidon, dirijan PHTK ak konplisite mèt neyokoloni an, itilize mèsenè kolonbyen, polisye gang PHTKIS pou fè Jomo apredye vale dlo bouch li nan lendiferans total pèp ayisyen an.
Asasina sanzatann Jomo apredye sa, pral pran blòk opozisyon politik refòmis anti Jovnèl la ak sipriz. Yo pase yon bann tan bèkèkè pou swiv nan ki direksyon van pozisyon enperyalis la t ap soufle, avan pou yo te pwononse yo. Pou kouri dèyè timoso pouvwa, yo fann tèt yo an 3 kolonn:
– Yon gwoup al nan penn,
– youn al nan SPD e alye pou rejwenn Mately-Aryèl Anri,
– e rès la lage kò yo nan Montana.
Penn! Se lapenn, pliske l deja sou kabann lanmò, Lanbè ap chache yon kote pou l foure tèt li avan l antere l. Akò Miso, Mateli-Aryèl Anri a, malkoumizè fasilite SDP e alye kouri fè yon ti kòb paske yo konnen avni akò sa pa long, menmsi se mèt neyokoloni an ki kenbe l anba oksijè n.
Kanta Montana, kote pifò sektè refòmis yo gonfle kò yo, li rete an atant kòm rezèv pou enperyalis la pou jou k ap vini yo, pliske jiska prezan ekip Mateli-Aryèl Anri a, pa anmezi sove aparans pou ameriken yo.
Konsa, rezèv sa ki pagen koneksyon ak mas popilè yo, prezante yon pwofil ideyal pou “Core-Gwoup ” ak ameriken yo nan pespektiv kase ren mobilizasyon pèp la. Se pou tèt sa, apre demach (lòbi) refòmis Montana yo bòkote kongrè ameriken, moun nan pati demokrat ozetazini pou ride yo fè depatman deta aksepte yo kòm nouvo domèstik nan neyokoloni an, aktè Montana yo monte CNT (Conseil National de Transition) pou nome prezidan ak premye minis nan yon alyans laj ki gen tetelang ak Gang PHTK pou voye pousyè nan je pèp la pandan ke sou teren an, kat la deja mare ak Gang ame pou jwe wòl gran elektè pou enperyalis la.
Jodi a, Lachin premye puisans ekonomik, Larisi premye puisans militè nan mond lan, oksidan efondre. Etazini, Lafrans, Kanada, Japon, Almay, Itali Angletè elatriye, andegraba nan tout domèn. Kowonaviris la sot konfime kouman sistèm Sante, Edikasyon nan peyi sa yo kraze, akoz politik liberal la ki mete Leta akote pou l pagen yon vizyon sosyal anfavè pèp yo. Kiba fè 3 vaksen, Iran fè youn k ap byen fonksyone pandan ke Lafrans, Almay, Itali, Kanada, Espay, Japon elatriye, pako janm anmezi prezante anyen pou fè kwè yo gen syans lakay yo k ap devlope.
Pa bò isit, mizanplas FMI ak Bank Mondyal te fè nan ekonomi peyi a, tounen yon kochma pou pèp ayisyen an. Yo fòse Leta ayisyen kraze tout enstitisyon pou fè n mechanste, kreye chomaj ak mizè sou do pèp la. Ekonomi peyi a anlanbo, sosyete a debousole, Ayiti efondre. Se pou tèt sa, Ayiti paka panse yon nouvo fòm ekonomi san tabli relasyon granmoun e souveren ak nouvo lidè ekonomik mondyal yo tankou, Lachin, Larisi e Lend menmjan toupre nou, Dominikani ak Jamayik deja anbake nan tren chanjman ekonomik sa k ap woule an Azi a.
Konsa, nou bezwen lidè pwogresis ki dispoze mete vi yo nan balans pou defann enterè peyi dAyiti. Pagen plas pou refòmis k ap trennen bounda devan kongrè ameriken nan Wachintonn pou trouve benediksyon kolon piyajè ameriken yo.
Kidonk, bousòl mond lan deplase. Mache mondyal la trouve l an Azi, kote ki konsantre ni puisans ekonomik, ni puisans militè yo. Peyi dAyiti paka fèmen je sou reyalite istorik sa. Refòmis yo ki pa kwè nan lit deklas, nan òganizasyon mas pèp la, ni nan kapasite mas popilè yo, kondane pou jwe opòtinis nan bounda kabwèt enperyalis la pou trouve jwisans nan yon pouvwa anba lòd ak dikte peyi kolonyalis andegraba yo.
Sepandan, pèp la konnen solèy p ap janm leve pou li kay tontonsam, ki apre 106 lane dokipasyon, pa menm sonje konstri yon lekòl primè nan peyi a pou Tijorèl ta aprann kenbe yon timalis. Andeyò masak peyizan kako ak masak peyizan Okay nan machatè, sèl souvni ameriken yo bay peyi a, se Gang ak PHTK. Pou refòmis k ap aji nan non tranzisyon ripti, Marx ak Lenin te mande pou pwogresis yo pat abandone teren lit deklas la sou beton an pou Boujwa reyaksyonè yo, men yo pat janm mande pou moun onèt t al separe pouvwa ak Gang PHTK anba dra neyokolonyalis piyajè dekadan yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè! Libète ou Lanmò. 
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. – 20 desanm 2021.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *