Demokrasi, wi Men ki Demokrasi?  Demokrasi ak Ki moun?  Pou ki Moun?

Vwa Rezistans Popilè ( Nimewo 4)
Demokrasi, wi
Men ki Demokrasi? 
Demokrasi ak Ki moun? 
Pou ki Moun?
Nan jounal ekri, jounal pale, televize kòm nan teledjòl, moun ap site Ayiti kòm premye Repiblik Nwa, yon swadizan Repiblik Demokratik Jeneral e militè asasen yo ta enstale nan peyi a apre 17 Oktòb, apwe lanmò Desalin.
An reyalite, ekip kriminèl  fiti Oligak yo, te sèlman fotokopye kòd sivil ak konstitisyon ansyen metropolitan la , pou te pentire devanti rejim feyodal neyokolonyal yo te mete kanpe nan peyi a. E Se rejim politik sa ki kontinye feraye jouk jounen jodi anba kontwòl néo kolonyalis ameriken yo.
Repiblik Demokratik Klass dominant yo enstale nan listwa limanite, gen yon pase istorik, ekonomik ak sosyal ki byen karakterize l. Konsa, nou te ka trouve yon demokrasi ki se te ekspresyon rapò esklavajis nan lantikite nan peyi Lagrès ak nan Anpi Romen.
Se sitwayen ki te gen pwopriyete materyèl ki te fè e defè.   Èsklav pat  gen dwa ni vote ni okipe pòs nan Leta paske esklav ak pòv pat moun. E yo pat sou moun.Se byen “ meuble” yo te ye.
Sepandan, nan 18èm syèk la nan peyi Ewòp yo, pwal genyen yon evolisyon nan konsèp Demokrasi a lè Klass Boujwa a ki te yon klass entèmedyè vin pwan sant pouvwa politik la e tap chache fè konkèt li.
Ekriven  franse  Montèskye nan liv ” Lespri Lalwa “, te pwopoze yon nouvo fpm demokrasi pi òganize, pi  èstriktire , pi estab pou Nouvo klass rich yo, boujwa yo vin chita dominasyon politik, ekonomik, militè ak kiltirèl yo sou planèt la.
Piyaj richès peyi tout kontinan yo, komès esklav ak esklavaj plizyè milyon fanm ak gason afriken, endyen pral fasilite peyi kolonyal ewopeyen ak Etazini akimile anpil fòs ekonomik, politik ak kiltirèl pou  chita dominasyon yo sou mond lan.
Depi kòmansman 20 èm Syèk la, peyi enperyalis yo, ki gwoupe yo, deside  enpoze modèl demokrasi  fasad  sa bay tout pèp sou latè kote se klas dominan ki kontwole tout mwayen pwodiksyon yo, ( byen ak lajan). Se menm klass sa yo ki  nan tout konfyolo pou  chwazi moun k ap soti nan yon elit prefabrike nan moul aparèy ideyolojik kap repwodwi panse  dominant yo atravè Lekòl, Inivèsite,  Legliz ak  gwan  près  ki sou kontwòl yo.
Karl Marx

Filozòf alman Karl Marx te deklare: “Eleksyon, se chwazi yon jou nan plizyè lane fatig mas popilè yo, pou fòse yo triye kilès pami bouwo k ap trangle yo, ki pou foule dwa yo anba pye nan demokrasi mizerab e falsifye pou moun rich yo “.

Malgre tou, demokrasi lafòm sa  rive Kenbe  nan peyi oksidantal yo  pandan yon bout tan, Paske  peyi sa yo kontinye èksplwate richès nan peyi depandan yo pou satisfè bezwen debaz majorite moun lakay yo tankou bay lekòl primè ak segondè pou timoun, kèk lopital pou sante debaz, manje debaz pou moun yo, redwi chomaj e trouve mwayen kanpe aparèy represif Leta yo (lame, lapolis, ajan sekrè, lajistis ak prizon) pou kwape leve kanpe lè mas popilè yo ankòlè.
Poukisa fòrm demokrasi  sipèfisyèl sa  sa pa ka pran pye an Ayiti?
Paske nan peyi depandan tankou Ayiti, kolonyalis yo gen rapas ki anpeche Leta mete mwayen pou moun travay, manje, voye timoun lekòl ak jwenn swen sante. Elit nan klas dominan pagen moralite pou fè pèp yo kwè nan charabya FMI ak Bank Mondyal mete nan bouch yo pou tronpe mas popilè yo.
Kidonk, machann Demokrasi fòmèl la, pwopagandis Boujwa yo kontinye pwonmennen l toupatou nan menm bak  ki gen resèt  ki gen mak fabrik  FMI, Bank Mondyal ak Miltinasyonal yo pou preche ajisteman striktirèl, lib-echanj. Tout sa pou  eliminen  Ti antrepriz lokal, konsakre vòl,chomaj, kòripsyon ak piyaj richès peyi depandan yo kòm mòd politik piblik e menm mòdlavi.
Martelly et Jovenel (Haiti-Liberté)

Sepandan, devan kilti rebèl yon laj kouch nan popilasyon ayisyen an pou yo pa koube anba mepri kriminèl piyajè, rasis ameriken yo oblije itilize Gang ak pati politik tankou PHTK pou redwi peyi a nan kawo, mizè ak anachi. Menmjan, Demokrasi  klass dominant yo  pat bay dwa vòt a esklav e moun ki pòv yo, ameriken ak “Core-Gwoup ” kreye Gang ak PHTK pou mete mas popilè yo deyò sou sèn politik la, anpeche yo mobilize pou Liberasyon peyi yo.

Toutfwa, menmjan mas esklav yo te kabre siveyans kolon franse yo pou reyinyon Bwakayiman an, mas popilè yo ap trouve mwayen òganize tèt yo, konekte youn ak lòt nan tout peyi a pou kwape Gang, domèstik ak enperyalis k ap tire fisèl pou yo Libere peyi a.
Viv mobilizasyon Pèmanan, Libète ou Lanmò. KRPBB
Wilfrid Supréna
Pou Komite a..

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *