Alokazyon fen d misyon kamarad Eddy a ! 2 Mo !
Kan kont-revolisyonè yo te asasine Desalin an 1806 la, pèsonn pat devine objektif kriminèl yo, se te touye rèv egalite sosyal, lekòl pou tout moun, inite nan mitan pèp la pou defann peyi a, pataj byen peyi a ak ekite e mete tout etranje ki te vize richès peyi a nan wòl yo ke Desalin te senbolize a.
Sepandan, yon ti tan apre, vizyon asasen yo pral parèt aklè lòske konze Bwaye te siyen ak lafrans esklavajis an 1825, yon akò pou pataje richès peyi a ak kolonyalis franse yo, ranplase sistèm eksplwatasyon esklavajis la pa yon sistèm eksplwatasyon feyodal ak neyokolonyal kote oligachi kont-revolisyonè lokal la erije tèt li an nouvo kolon pou redwi pèp la an demi-esklav.
Konsa, oligachi kriminèl la, olye pou yo itilize enèji pèp la pou konstri peyi a, pral lese dekote tout fòs pwodiktif ansyen esklav yo sou baz prejije koulè ak ensousyans kolektif.
Jodia, Ayiti nan dèyè kamyonèt lan ak yon ekonomi aryere e rachitik paske depi 19em syèk la li te toujou gen pwisans oksidantal pou l angrese tanto lafrans tanto kolonyalis ameriken yo. Se poutèt sa, listwa peyi dAyiti apre endepandans, rete make pa 2 gran peryòd tris e kalamite :
– yon peryòd feyodalite ak neyokolonyalism anba kontwòl piyajè franse yo (1825-1915) kote lafrans ranmase 150 milyon fran lò, mete komèsan franse nan kòmès san peye taks ak Bank peyi lafrans k ap enpoze Ayiti yon seri kredi koutponya nan to enterè ke bank yo deside yomenm
– Yon peryòd feyodalite ak neyokolonyalism anba dominasyon rapas ameriken yo (1915 a jodia) kote ameriken yo enpoze peyi a yon gwoup ameriken swadizan komèsan pou ranmase plis pase lamwatye lajan nan Bidjè peyi dAyiti nan konbinezon pou pote ozetazini chak ane.
Komèsan raketè ameriken sa yo ranmase fo kontra nan men leta pou fè la lajan, konstri dwann prive pou yo pa peye taks, ranmase franchiz nan pouvwa popetwèl yo, òganize kontrebann ak monopòl nan do leta a. Toutfwa, pagen anyen ki nouvo sou latè dAyiti sèlman.
Si lakay, nan 19em syèk la lafrans te vini ak 11 bato de gè pou kase ponyèt konze Bwaye pou pran 150 milyon fran lò ki vo plis pase 30 milyon dola, Alman yo te antre an Ayiti ak bato de gè pa yo pou egzije gouvènman ayisyen kase Bank Santral pou ba yo lajan (zafè Bach ak zafè Lidès) ak ameriken yo ki te vini ak anpil bato e sòlda le 17 desanm 1914 pou kanbriyole Bank Santral nan Pòtoprens, vòlè tout rezèv lò peyi a, tout lajan an dola, an fran franse, vòlè tout lajan an liv Sterling angle ak lajan an pyas espanyòl pou pote kache nan Bank lakay ozetazini, jodia yo pwente nen yo an Libi, an Iraq, an Siri, O Soudan ou an Afganistan. Malerezman pou yo, nan radyo kòm nan televizyon Prezidan Biden anonse misyon enposib an Afganistan li deside abandone teren an bay pèp afgan an le 31 dawout 2021 an oplita. Men, lè n gade nan televizyon dezas yo kite dèyè yo apre 20 tan dokipasyon ; sòlda afgan paka touche, moun ak sak nan do k ap kouri pasipala !Nou sonje bizaman imaj yon kote yo rele Matisan ! Yon kote yo rele Vilaj dedye ! Delma 2! Lasalin ak Site Solèy.
Jodia, mobilizasyon san pran souf pèp la atenn yon dimansyon san presedan. Enperyalis ak ajan PHTK yo ozabwa. Revandikasyon yo klè, vòl ak eksplwatasyon enperyalis la ak alye l yo pa p ka fèt menmjan ankò tankou l te konn fèt nan tan pase yo paske kontradiksyon klas yo rive nan yon lòt dimansyon. Pèp la kwè sou fòs ponyèt li pou konstri peyi a, tanpi pou pwomès tontonnwèl FMI, kògwoup ak ameriken yo.
Moman tèt kole pou pwojè Nasyonal la rive. Apre preske 200 lane dokipasyon franse ak ameriken ! Yo pa fè anyen ! Anyen menm. Oksidan fè fayit, kovid konfime sa.
Malerezman, lanati mete fen nan misyon Eddy nan moman krisyal sa kote enperyalis la ak alye l yo ap jwe dènye zèl kat yo malgre kontradiksyon ki soulve nan mobilizasyon an fout bounda yo toutouni nan je tout moun. Konsa, san dipetèt, disiplin ak sans responsablite Eddy te toujou montre nan Myèl kòm nan Tekeyo, nan Anòp kòm nan KPLA, akote KRPBB kòm nan MPDP t ap itil okote tout pwogresis ki santi devwa akonpaye pèp la nan dènye liy dwat pou Liberasyon Nasyonal la.
Kògwoup ak enperyalis la ap naje akontkouran. Patou se menm batay la. An frans ak jilèt jo n kòm ozetazini ak blaklivès se menm konba. Pèp yo refize viv anba jouk oligachi parazit mondyal la. Gang, Mèsenè ak za m ameriken yo pa p sifi pou bloke mach an avan pèp ayisyen an pou l wete tèt li anba lokipasyon, piyaj ak imilyasyon peyi enperyalis yo.
Travay kamarad Eddy founi nan batay la sifi pou l ale trankil ak santiman didevwa akonpli paske pèp la sèmante pou l fout do sistèm pezesouse a atè.




