PÈSÒN PA « APRE-DYE »
Pa Réginal Souffrant
Gason an te kwè i te yon ti Jezikri.
Zòt te panse i te yon zo pwason di.
Epoutan, se yon moso banann mi
Ki bay li so kabrit, e jete l sou galeri.
Tout gwo ansyen zanmi yo vin lènmi
Paske swadizan zamitay la se yon endistri
Ki makonnen ak enterè, e ki gen yon pri.
Se sa ki fè lanmò fleri nan plas lavi.
Ban m ba w yon bon konsèy ti papi :
Sekirite pa kache nan zam, nan enfantri,
Nan Atilri ak kavalri. Lè w fè mal, lanati
Tande w, jije w, e kondane w kon yon jiri.
——————
Réginal Souffrant
17 jiyè 2021





Bravo profesè Regi! Se tj yon plezi pou Nou enrichi konesans Nou ak pataj ou yo❤️
Sè Mag, ankourajman ale dirèkteman nan kè m. Yon chay mèsi!