Pozisyon òganizasyon politik, sosyete sivil ak pèsonalite nan dyaspora

Pozisyon Oganizasyon Politik, Sosyete Sivilak Pèsonalite nan Diaspora a.

Nou menm nan Dyaspora a ki siyen deklarasyon sa a, nou konstate kriz politik kap brase bil peyi a vini pi malouk aprè zak sasinay sou ansyen Prezidan defaktoJovenel Moise lakay li 7 Jiyè pase a. Nou kondane aktout fòs nou zak malonèt sa a ki montre nou kijan rejimkriminèl   PHTK a fin kangrennen peyi a nèt. Menmansyen Prezidan an pa chape anba gangrennaj sa a.Jovenel Moise ki pandan 5 dènye lane pase yo te eseyekenbe peyi a nan yon eta deksepsyon, vyolans jeneralak kidnaping, anlèvman, pèsekisyon opozan politiktrouve l jodi a viktim menm vyolans sa a. Men diferansla fwa sa a se pa pèp la ki viktim lan men se li menmmenm kriminèl PHTK yo manje.

 

Nou menm nan diaspora a ki siyen nöt sa a nap denonse gouvènman PHTK a ak tout alye li yo ki apbay manti sou lanmò sa a nan kase fèy kouvri sa yon fason pou lave epi blanchi Kadav Jovenel Moise. Nap denonse tout tantativ koudeta dappiyanp sou pouvwa aPHTK ak alye li yo vle sou pouvwa a. Nou di koudeta sa a pap pase, masuife sa a dwe kaba pou pèpAyisyen an. Pou sa Nou menm nan Diaspora a nap mande yon gwo rasanbleman tout fòs progresis, demokratik e popilè nan peyi a pou yon GouvènmanTranzisyon koupe fache. Yon Tranzisyon ki finalmanap pèmèt revandikasyon jistis, respè dwa moun, la manjay, diyite ak indepandans peyi a tounen reyalite.

 

Nou men nan diaspora a nap denonse ReprezantanNasyon Zini an Madan Lalime ki sèmante pou l krazepeyi a nan manniganse pou kenbe rejim PHTK a soupouvwa a. Diaspora Ayisyen an ap rele anmwe: Madan Lalime ak Core Group la bay peyi Dayiti yon chans!Bay Pèp Ayisyen an chans pou chache solisyonAyisyen pou problèm Ayiti.

 

Pandan nap mande Pèp Ayisyen an andedan tankoudeyò peyi a pou rete vijilan kont tout animal politiktout plim tout plimay kap vole, politisyen san koutcha, nap rete mobilize pou pa gen oken gouvènman degizePHTK #3 ki monte nan t peyi a. Anfin pandan nouregrèt kòd lajistis pa gentan pase nan kou JovenelMoise pou tout vòl, masak ak krim li yo, Diaspora ap mande Lajistis dilijans pou mete la pat sou tout kriminèl ki inplike nan zak sa a.

 

Moun ki siyen Deklarasyon sa a

 

New York ​​​​​​​​

Roland Sainristil (Tel: 917-815-2228)

Deputé James Desrosin

Fred Joseph (Tel: 718-576-8861)​​​

Edens Deba (Tout Haiti Tel: 347-546-1468)

Rev. Guy Dorvil

Jacqueline François

Midlyne François

Senet Achille

Felix Bien-Aimé

Yves Pierre

Leon Ronald

Ledinois Leconte

Lionel labardy

 

Pennsylvania

Fabienne Réné ( DIRPOD Tel: 407-541-7912)

Serge Blaise

André Lozier

Joèl Léon

 

Florida

Farah Juste (Fanmi Lavalas)

Maxi François (SOHD Tel: 516-967-1559)

Jean Robert Pierre Louis

Théobale Pierre-Paul (Tel: 786-290-7187)

Senateur Harry

Guerda L.Charles

Abel Moise

Thony Jean Thénor   (Organization Veye Yo)

Theodore Lucien

Jackson Auguste

Jean Rica Charles

Lydie Fatal

 

New Jersey

Rev. Claudy Jean Jacques

Heraldo Erasme

 

Massachusetts

Deputé Géraut Charles

Tina Lorquet (Vwa Ayiti)

 

Georgia

Dr Dimy Fluyau

Roody Metellus

 

Connecticut

Dr Billy Berthier (Fanmi Lavalas)

Felix Bien-Aimé

 

Canada

Beliot Fleuristin

Jean Livette Praslin (SOHD)

Dr Bruno Derson

 

France

Paul Chétel (SOHD)

Fenor Rigodon

Serge Obed Alexis

Wilson Chery

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *