Nouyòk, 7 Jiyè 2021
TWA PA POU N WETE PEYI D’AYITI NAN KRIZ
Renouvo Demokratik aprann ak anpil sezisman nouvèl zak sasinay ki fèt sou
prezidan de fakto peyi a Jovèl Moyiz ansanm ak madanm li nan lannuit 6 jiyè 2021.
Renouvo Demokratik konstate se ak kout bàl ak kout fizi klas moun kap dirije
peyi a sèvi yon lòt fwa ankò pou rezoud diferans yo genyen nan mitan yo olye yo chita
ansanm pou yo diskite epi chache solisyon diràb ki nan entère tout moun. Pratik sasinay
dirijan ak opozan politik pa gen plas li nan sosyete demokratik, modèn, ki respekte dwa
tout moun genyen. Nan sans sa, Renouvo Demokratik deplore lanmò Jovnèl ak sasinay
madanm li. Chak gout san ayisyen ki koule se twòp nan larivyè san kap benyen peyi a.
Renouvo Demokratik di se vre lanmò Jovnel la louvri pòt pou yon tranzisyon
an Ayiti. Men, pèp Ayisyen ak fòs demokratik/ Pwogresis dwe rete vijilan etan yap
chache repons pou kesyon sa yo : Ki ajanda sektè oswa moun ki touye Jovnel la ? Ki
entere yap chache fè avanse? Ki plas pèp Ayisyen ak revandikasyon Ii yo pou jistis,
sekirite, plis demokrasi ak byennèt ap genyen nan apre jovnel la.
Renouvo Demoktatik ap kontinye kleronnen pèp Aytisyen konsyan, òganize ,
mobilize dwe make twa (3) pa pou l wete peyi a nan kriz tout bonvre :
1e pa: Mete nou dakò sou ki peyi nou vle
2èm pa: Mete Pèp ayisyen kòm poto mitan demokrasi a dekwa pou garanti
patisipasyon l nan desizyon kap pran pou satisfè tout revandikasyon li genyen.
3èm pa: Mete yon lidèship pwogresis alatèt peyi a ak yon plan 50 lane dekwa
pou 2068 pa sanble ak jodya
Pou Renouvo Demokratik :
Yves Pierre (732-801-3649)
Alain Zephyr (516-451-2448)





