Gwoup Polisye Fantom-509 anonse lap remonte beton an ankò

Fantòm 509 anonse yap nan lari a.
☠️☠️☠️☠️☠️☠️☠️
🚔🚔🚔🚔🚔🚔🚔

Gaye nouvèl sa pou nou tout kote.

Nou menm, nou se yon gwoup polisye kap travay tankou esklav. Yo derefize trete nou tankou moun. Lajan pou yo ta itilize pou byen ekipe nou, se bay bandi yo voye yo. Ekipman ak matryèl pou yo ta byen ekipe nou, poun fè travay pèp la, tankou zam ak minisyon, se bandi yo bay yo. Pou janvye ak Jwen, bandi deja touye 32 pami nou. Sa vle di, leta sa, se nou yap fè viktim chak jou. Lè nou fin fè tout konsta sa yo, nou di nou pap bese lèbra. Se poutèt sa, bawon sanmdi te bannou lòd, pou nou batay pou libere ti peyi sa, rejim tèt san cheve yo pran depi 10 zan yap kraze.

Yo te panse nou kraze Elas. Non, nou pa kraze, dayè se Zonbi nou ye, nou pa ka nan lari nenpòt kijan. Paske anvan poun pran lari a, nou dwe tann lòd bawon sanmdi. Kòm yo panse nou kraze, ebyen bawon sanmdi mande nou, poun sòti kounya, poun al bay pèp sa kap pase mizè anba rejim PHTK yo, libète. Nou se Fantòm 509 ☠️☠️☠️, yon gwoup polisye 🚔 kap goumen pou byenèt pèp ayisyen an. Daprè lòd nou resevwa nan men bawon sanmdi, *jou kap 21 jen ak 22 jen 2021 an, nou mande pou tout popilasyon ayisyen an, rete lakay yo* pou evite domaj kolatawo.
Paske se ap batay final la. Se dènye batay nap fè poun chavire chodyè a.

Pèp ayisyen, nou gran timoun, nou konprann.
Lendi 21 ak Madi 22 jwen 2021, pèp ayisyen, rete lakay nou, paske bagay la pap dous menm.

Nan dat sa, lari ap move anpillllll. Paske nou menm Fantòm 509, ☠️☠️☠️ 🚔🚔 nou pral chèche liberasyon tout polisye yo mete nan prizon enjis yo, paske yo tap defann dwa yo. Lari a pral nan gwo boulvèsman nan 2 jou sa yo.

Lagè avèti, pa touye kokobe.

Fantòm 509, ☠️☠️☠️🚔🚔🚔🚔🚔🚔🚔🚔
Eskew dako siw dako vinn soutni yo anba post la
Pndan wap abone patage Plaisir lakay

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *