Eliminatwa mondyal 2022 : Ayiti pa nan batay ankò!!!

Eliminatwa mondyal 2022 : Ayiti pa nan batay ankò!!!

Pa Réginal Souffrant

Se vre Chicago se yon vil meriken konpatriyot nou, Jean Baptiste Point du Sable, te fonde; men, teritwa sa pa t favorab pou Grenadye yo nan yon moman kote bwa te mare pou reprezantan foutbòl nasyonal la.

Jean Jacques Pierre, entrenè seleksyon nasyonal la

Madi 15 jwen an nan lakou Chicago (Etazini), se dènye kout klou ki te antre nan sèkèy seleksyon nasyonal la. Ekip la te tonbe 0-3 devan Kanada  nan kat eliminatwa pou mondyal 2022 a.  Li pa nesesè pou blame gadyen, jwè osnon estaf teknik la pou eliminasyon nou. Pou jan bagay yo te fèt voupvap la, pa t gen okenn preparasyon pou Ayiti te menm ale nan faz eliminatwa, ale wè nan mondyal.

Nou rekolte sa nou te plante. Nou te plante zero planifikasyon, e nou rekolte echèk. Twòp dram nan foutbòl aysyen an te anpeche nou gen antrenè padan lontan, rasanble jwè pou yo te abitye evolye ansanm, fè match amikal…Brèf, nou pa t gen anyen ki te ka pèmèt nou kwè nou te pare pou ale nan mondyal.

Randevou : 2026… si nou chanje mòd fonksyonman nou !

 

Réginal Souffrant

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *