Chelsea : Rwa Lig Chanpyon an
Pa Réginal Souffrant
Samdi 29 me 2021 pase a, fanatik bon boul toupatou te pase yon bèl jounen ak resital bèl jwèt yo te gade ant Chelsea ak Manchester City ki te jwe final Lig Chanpyon an.
Jan nou konnen an, Manchester City te ranpòte Premier League la ak otorite. E, li te gen anbisyon pou te ajoute yon lòt kouron sezon sa atravè yon viktwa nan Lig Chanpyon an. Enben, se te byen konte, mal kalkile. « Citizens » yo te woule bèl boul tiki-taka, men Chelsea te plis klinik. Ekip pèp Guardiola te posede balon an 61% , e “Blues” yo sèlman touche balon an 39%. Sepandan, nan 42èm minit, Kai Harvertz, te mete tout foug li deyò e fè inik gòl ki te pèmèt Chelsea genyen match la 1-0 e ranpòte tit prestijye sa.
Pami tout gwo jwè entènasyonal ki konpoze de ekip sa yo, genyen yonn obsèvatè yo konsidere ki te gen pi bon pèfòmans pase tout moun. Non li se N’Golo Kanté.

Foutbolè sila, se li ki te gen pi piti fizik pase tout moun sou teren an. Epoutan, se li ki te atire atansyon gwo konesè yo. Kanté se yon demi defansif ki gen yon talan ki difisil pou antrenè enseye. Msye gen yon lekti de jwèt la ki pèmèt li antisipe atak advèsè a. Ou ta di se yon divinò k ap li sèvo jwè ak antrenè. Gras a pèfòmans li, komite Lig Chanpyon an te chwazi li kon meyè jwè match la. Li merite sa !
Konsa, Chelsea mete nan djakout li yon 2èm tit rwa Lig Chanpyon an apre 9 sezon.
Réginal Souffrant




