NÒT POU LA PRÈS, SÒTI BÒ KOTE RNC( RÉVEILLONS NOUS CITOYENS)/ LKS( LEVE KANPE SITWAYEN) JOU MÈKREDI 26 ME 2021
Nou menm sitwayen kap viv nan 3 depatman Nò a( Nò, Nòdwès, Nòdès), deside sòti nan silans nou, Pou di mo sitwayen nou sou zafè referandom ki prevwa pou dat 27 juin ane sa.
Sa gen 35 lane depi pèp ayisien te deside vote an foul konstitisyon 29 Màs 1987. Lide a, se pou te enpeche tout fòm POUVWA GRO PONYÈT SIMAYE DÈY NAN MITAN FANMIY AYISIENN NAN E METE BABOUKÈT NAN BOUCH SITWAYEN KI PAT GEN KENN DWA LIBÈTE ENDIVIDYEL JAN SA TE FÈT PANDAN 29 Lane ak pouvwa DUVALIER YO.
Nan lane 2010, menm si te déjà gen kadejak ki fèt sou konstitisyon an, men, pase men pou te amande kèk atik te fèt nan kad lalwa. Sa vle di, Pouvwa ekzekitif la te propoze lwa amande yo a chanm depite ak senatè ki te vote lwa amande yo.
Jodia, nan moman yon sèl pouvwa ap feraye nan peyi a, san provizyon legal, pandan palman kòm youn nan pouvwa ki gen misyon mete kontrol sou pouvwa ekzekitif la: DISFONKSYONÈL, sitwayen Jovenel Moïse, San tit ak kalite deside Pou kont li: CHANJE KONSTITISYON AN A TRAVÈ YON REFERANDOM POU DAT 27 Jen kap vini la. Yon dezisyon ki mete a kote tout sitwayen, sitwayenn e san patisipasyon laj diferan group sosyo, kiltirel, ekonomik ak politik ke moun ka konsidere kom de fòs andedan peyi a.
Nou menm sitwayen, sitwayenn nan LKS/ RNC, pa pèdi tan pòte okenn lèkti e ni debat nouvèl konstitisyon an ke nou tande referandom ap pare pou fèt pou li a.
Nou panse se yon mank respè Pou peyi a. Se pou sa nou kwè devwa nou kòm sitwayen entèpele konsyans nou pou defann manman lwa peyi a ke pèp ayisien bay san pou li nan dat 29 Novanm 1987. Menm si konstitisyon amande 87 la gen feblès li, men gen yon ansanm aki demokratik ke pep ayisien rejwenn andedan l.
Li klèman ekri nan atik 284-3: LI FÒMÈLMAN ENTÈDI POU ÒGANIZE REFERANDOM POU CHANJE KONSTITISYON AN.
LKS/RNC kwè ke sitwayen Jovenel Moïse pa gen manda pou l deside chanje konstitisyon an. Dayè li te asepte kandida sou banyè konstitisyon an e li prete sèman devan palman an pou te respekte konstitisyon an.
An plis, li te fè kanpay kòm kandida pou pòte amelyorasyon ekonomik e non pou chanje manman lwa peyi a.
Se pou tèt sa, RNC AP DENONSE AK TOUT FÒS LI TOUT REFERANDOM KI PA GEN LÒT OBJEKTIF KE POZE BAZ POU PEYI A KONTINYE MACHE DEVAN DEYÈ.
Nou mande chak grenn sitwayen sitwayenn pou kanpe an fas referandom 27 Jen 2021 an.
Oken fonksyonè leta peyi a pa gen nil dwa e ni sibi presyon kenn gro zotobre nan leta Pou lage peyi a nan trou san fon.
Kenn chef kelkanswa pòs ou okipe pa gen dwa trennen peyi a nan avanti ki pral tounen frèt nan deyè pèp la.
Nap lanse yon apel a tout sitwayen sitwayenn pou leve kanpe defann aki demokratik ki andedan konstitisyon amande 29 Màs 1987 la.
VIV AYITI
POU RNC:
STANLEY JEAN-MARY (DOUDY),
LOUIS JOSEPH JUNIOR,
JOCELIN ZEPHIRIN,
DONALD LEROY,
SAUL GAUTHIER,
FRANDLEY JULIEN,
WILMAR INNOCENT,
VEDLY GUSTAVE,
WEESLEY PIERRE




