BÒN FÈT TOUT FANM

BÒN FÈT TOUT FANM

 

Nan iteris ou lavi antre.

Anndan vant ou  lavi kache.

Ou bay lavi lè w akouche.

Lavi kontinye lè w bay tete.

Ou fè lavi souri le w ap chante

Krab nan kalalou pou ti bebe.

 

Kè  gason kontan le w ap karese.

Po bouch ou, se siwo kann sikre

Pou n souse, pou n niche.

Se dwèt dous yon fanm ki kajole

Tout kò nou tout lè nou fatige.

 

Se fanm ki ale nan mache.

Rou nan men, yo sekle

Jaden; chak fwa gen konbit, se

Yo tou ki fè chay manje.

 

Lè maten, se fanm ki koule kafe ;

A midi… waw!…me dine!

Aswè, se yo ankò ki bay soupe.

Ah !!! Fanm se lavi nèt ay kole.

Bòn fèt pou tout fanm tout kote !

 

Fanm, se yon refren ki merite chante:

Lannwit, se yo ki fè zetwal  klere.

Lajounen, s’on bèl fanm ki fè solèy leve.

Souri fanm bay lajwa lè bwa bare.

 

————————–

Rejinal Souffran

8 mas 2014

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *