EWÒP : SEMI FINAL LIG CHANPYON
Pa Rejinal Soufran
- Chelsea vs Real Madrid
Pandan de jou, se te dewoulman match ale semi final Lig Chanpyon nan kontinan ewopeyen an.

Dabò, nan jounen madi 27 avril 2021 an, se te lese-frape ant Real Madrid ak Chelsea, yon rankont ki te fini nil 1-1. Atakan meriken Christian Pulisic te louvri eskò a pou ekip angle a (14èm minit) ; alòs, Karim Benzema te egalize pou ekip blan nan 29èm minit apati yon bèl jès teknik : amotisman balon sou lestomak epi fizye gadyen an ak yon boulèt sou do pye. Bèl bagay !
N ap pwofite fè remake : akoz bèl pèfomans Benzema ak ekip « merengue” a, laprès nan peyi Lafrans ake Espay ap mete anpil presyon sou antrenè Didier Deschamps pou li re-entegre atakan sila nan seleksyon franse a. Imajine yon atak ak Benzema nan mitan, Kylian Mbappé agoch epi Ousmane Dembele adwat…Se t ap yon eksplosyon ofansif !
2.- Manchester City vs Paris St. Germain ( PSG)

Nan jounen mèkredi 28 la, fanatik boul yo te pran ti chèf ba yo pou gade Manchester City ak PSG ki t ap trase chema. Nan premye mitan, taktik Mauricio Pochettino a te anpeche “Citizens” yo enpoze èstil jwèt yo ki baze sou posesyon ak sikilasyon boul la. Makaj la te tèlman di, pafwa nou te gen enpresyon Parizyen yo te kenbe ti jennonm Pep Guardiola yo nan gagann nan pwòp mwatye teren yo.
Nan 15èm minit, PSG fè gòl gras ak yon kout tèt defansè brezilyen Marcos Aoás Corrêa (Marquinhos) ki ap jwe yon bèl sezon.
Nan 2èm mitan, se ak anpil regrè nou te konstate PSG te chanje taktik. Angiz yon makaj depi nan kan Manchester City, PSG te prefere jwe dèyè ak 9 jwè pou mize sou kontatak ak Neymar ak Mbappé. Chanjman sa te lakòz klib parizyen te pran anpil presyon. Ekip wouj-ble a te ankese 2 gòl olenpik ki ta dwe evite. Premyeman, Kevin De Bruyne egalize pou Mankinyen yo pa chans: yon pas transvèsal ki ateri nan filè, alòs yon gadyen ki chaje ak esksperyans tankou Keylor Navas ta sipoze entèsepte yon boul fasil konsa.
Answit, Riyad Mahrez te make 2èm gòl pou Manchester City sou koufran. Balon an pase nan mitan miray imen franse a. Navas pa t menm gen tan pou salye boul la avan li te fofile nan filè a. Jeneralman, se ekip ki manke eksperyans ki pran tip gòl sa yo… nou konsidere kon yon erè olenpik. Sitiyasyon an te vin pi konplike pou PSG lè abit la te bay demi defansif senegalè Idrissa Gana Gueye yon katon wouj. Enferyorite nimerik sa te kreye yon twou ravin nan mitan teren an ki bat janm ka bouche.

Orezime : Move nouvèl pou PSG ki tonbe lakay li 2-1 nan match ale chanpyona sa. Bagay yo parèt wòz pou mesye Guardiola yo ki fè 2 gòl sou teren advèsè a.
Me orè dezyèm 2èm tou chanpyona sa :
Madi 3 me 3 PM (lè atlantik): Manchester City vs PSG
Mèkredi 5 me, 3 PM (lè atlantik): Chelsea vs Real Madrid
Rejinal Soufran




