Matris Liberasyon
Port-au-Prince le 7 avril 2021
Lèt tou louvri pou : Relijyon pou lapè nasyonal ak entènasyonal
“Kilès ki ka di li pa konnen, pèsonn pa dwe fòse yon lòt bwote dlo nan panyen pou plen kannari koule ?”
Nou menm, Matris Liberasyon, ki se yon Mouvman sosyal ak politik k ap kontwole epi veye sou respè manman lwa peyi a ki se Konstitisyon 1987 la, wete chapo nou byen ba pou salye tout konpatriyòt Relijyon pou lapè yo, kòm yon enstitisyon moral ki pa danse kole ak tout ajisman k ap fèt nan fènwa kòripsyon ak nan do lalwa!
Nan sans sa, Matris Liberasyon chwazi ekri nou pou fè n sonje, sizoka sitiyasyon latèrè rejim bout di PHTK ta fè n bliye, manda Konstitisyon 1987 la te bay ansyen prezidan Jovenel Moise la rive nan bout li depi 7 fevriye 2021 ki sot pase la, daprè atik 134-2 a.
Malgre nou menm nan Matris Liberasyon, nou rive konprann kout men Notab-respektab Relijyon Pou Lapè yo vle bay, pou peyi a pa rete nan bafon pratik bout di ak gwo ponyèt ansyen prezidan Jovenel Moise kòmanse enstale nan peyi a depi 7 fevriye 2021 an, nan chache jwenn yon mannyè pou kriz la rezoud ant aktè Ayisyen yo, ki se premye konsène yo; epi tounen sou wout demokrasi ak transparans jan Konstitisyon 1987 la egzije l la.
Matris liberasyon pa swete okenn enstitisyon nan sosyete sivil ak politik la antre nan yon demach kouri pou lapli endiferans nan yon tan, pou yo al lage peyi a nan asid batri mètdam ak koken nan yon lòt tan, menm jan kominote entènasyonal rasis la ap fè depi lontan.
Nan lide pou ede nou konprann, kòm Apot lapè, dimansyon kriz la, ak pou n pa antre nan vannen dlo nan laye pèdi tan ; Matris Liberasyon tanmen yon refleksyon sou 10 nan yon bann ak yon pakèt move zak pouvwa defakto a fè nan peyi a, pandan n ap tou pwofite mande nou :
« ÈSKE NOU PA OKOURAN ? »
1- Èske n pa okouran, malgre manda Jovenel Moise fini depi 7 fevriye 2021, li rete nan palè a an bon Dasomann ? Malgre atik 134-3 konstitisyon an entèdi pwolonjman manda prezidan ?
2- Èske n pa okouran ansyen prezidan Jovnel kraze palman depi dezyèm lendi janvye 2020 ?
3- Èske n pa okouran, ansyen prezidan Jovenel Moise kraze pouvwa jidisyè a lè l revoke epi nome 3 jij nan lakou Kasasyon an ?
4- Èske n pa okouran, okenn moun pa epanye anba kidnaping gang G9 pouvwa a ap sipote, menm espas legliz pa epanye ?
5- Èske n pa okouran, kantite polisye pouvwa phtk a sakrifye prensipalman nan vilaj de dye ?
6- Èske n pa okouran Pèsekisyon pouvwa phtk a ap fè sou manm ak responsab asosyasyon sendika yo espesyalman Sendika Lapolis la. Kote li mete ansyen pòt pawòl sendika a Abelson Gros-Nègre nan prizon pou konviksyon l kòm sitwayen sendike?
7- Èske n pa okouran masak G9 e alye, gang pouvwa a ap kontinye fè sou popilasyon nan katye popilè yo ? Dènye a fèt Bèlè nan jou pase yo, kote pami viktim yo gen yon granmoun avèg, 81 lanne, ki pèdi lavi l kankannen anba dife milis pouvwa a!
8- Èske n pa okouran plizyè milyon konpatriyòt soti nan la ri pou di Jovenel Moise manda l fini depi 7 fevriye 2021 ?
9- Èske n pa okouran kantite sitwayen rejim nan egzile ak anprizonen?
10- Èske n pa okouran tantasyon pou fè referandòm tèt chat ak S-eleksyon pou kontinye krache sou Konstitisyon 1987 la ?
Se vre nou konprann dyalòg se yon zouti enpòtan pou kenbe demokrasi vivan! Men nou konprann tou, okenn kazak totalitè ak fachis pap ka rive abiye demokrasi pou chante libera lajistis!
Nou menm nan Matris Liberasyon, nou pou tout dyalòg nan mitan fòs pwogresis ak nasyonalis yo! Nou dakò pou n sipòte dyalòg pou peyi a rekonsilye ak tèt li kidonk listwa l, kilti l, nan lide pou rejwenn diyite nou kòm pèp, pou gen bon jan relans ekonomik ak pwodiksyon endistriyèl, pou nou rejwenn dwa grandèt majè nou ak pou n sòti nan sistèm apateyd ak eksklizyon sa.
Men, nou voye jete nan poubèl tout dyalòg pou djòb ak pou pòch, k ap favorize enpinite, pou kòripsyon kontinye depafini pi plis toujou fanmi ayisyen yo!
Resevwa salitasyon patriyotik nou!
Communication ML Tel : +50944454545/40209052 matrisliberasyon33@gmail.com





