An nou fè yon konplo…

An nou fè yon konplo…

Esau Jean-Baptiste

Boukan News, 10/20/2024 – Pou n ka sispan n di betiz, fè betiz ak pase peyi nan betiz.  An n fè yon gwo konplo nasyonal pou n k ab sispan n resikle nan pòs de desizyon yo tankou: ansyen manb VSN, atache ki refize detache, manb FRAPH ki kontinye ap frape menm jan yo te kon n fè l nan ane 90 yo, GNB ki kontinye ap fè bwui menm jan yo te kon n fè l an 2004.

Jounalis, an n fè yon konplo, mwen te vle di: yon jefò pou n k ab poze bon kesyon. Manb opizisyon ki toujou nan opozisyon pou pozisyon politik, an nou fè yon konplo pou n siyen bon akò. Se pa akò akòkò ki ap dezakòde batay pou chanjman pèp lan.  Men se akò nan akòdeyon mizikal ki ap pèmèt bon jan son mizik nan zòrey tout mounn ki renmen tande bon son mizik.

Pastè, prèt, ansanb ak vodouyizan, nan pawòl ke n ap pale ak mounn ki ap swuiv ou ki ap tande nou yo, an n fè yon konplo pou n sove peyi sa. Paske si nou refize pale pawòl lan, ki se yon pawòl de verite, wòch ki nan solèy yo ap oblije pale pou sa yo ki nan bon lonbraj, men ki fèmen bouch yo, olye pou yo ta denonse enjistis ki ap fèt nan sosyete an.

Se yon konplo ki ap pèmèt manb CPT yo ansanb ak PM lan pran responsabilite yo pou yo respekte fèy de wout ke yo te siyen an. An fè yo konpran n se pa pou sa ke n te fè 7 fevriye 1986.  PM ak CPT an n sispan n ak zafè divizyon sa. An n sispan n ak zafè voye lèt a goch a dwat sa. ” Fouchèt divizyon pa bwè sou demokrasi”. Pandan ke nou ap respekte tout akò ki mete nou nan plas kote nou ye an, epi pase men nan kèk ministè ki pap regle anyen, an nou lonje men bay fanmi pòv pou ke pitit ak pitit pitit yo k ab gen yon lòt demen.

Menmjan zansèt nou yo te fè nan Akayè 18 me 1803 ak nan batay Vètyè 18 novanb nan menm ane an, an n fè yon gwo konplo pou n bay entènasyonal lan limit li nan zafè politik peyi an. Yo konpote yo twòp tankou chwal papa nan jaden papa.

An pasan, pandan ke vwazen ap voye retounen ba nou tout pitit nou yo ki te ap viv lakay yo, an nou fè yon gwo konplo, ranmase karaktè nou pou n konnen ke kay vwazen se pa lakay nou. An nou panse konstwui peyi an. An nou sispan dirije an ti koulout. Pou ti krik, ti krak, ke lakay mounn yo ke nou ye. Chak weekend nou lakay yo. Se la ke nou al pran plezi ak ti boubout, jenn ti gengenn nou. Se la pitit nou yo al nan inivèsite. Se la ke nou al pran swoin santé. An nou fè yon efò ki ap debouche sou yon gwo konplo. Lè sa, nou ap rive konprann pawòl sa ki di: Kay vwazinaj se pa kay kay pa w.

Otorite de fakto, an n sispan n pale de konstitisyon. An sispan n tòdye atik nan konstitisyon pou defann pozisyon politik de ti klan.  Nou tout ilegal.  CPT ilegal.  PM ilegal. Se yon konpwomi politik ki mete nou la. Donk an n sispan n jere 27,750 kilomèt kare an tankou yon gwo Bric-A-Brac, ou yon Mezon Dafè ki la pou fè move zafè enpafè ak aksyonè.   An pasan, an sispan n jere ministè zafè etranje kòm zafè pa n sèlman.  Se zafè pa m li ye tou. An sispan n fè de Konsila yo yon boutik ki ap vann paspò an gwo e an detay ak raketè.

Otorite peyi m an, kòm zafè m pa zafè pa w, sispann vwayaje ap ranmase kòb pèdiyèm, epi fè foto pou albòm foto pèsonèl. De preferans, fè yon jefò pou mete sekirite nan peyi an paske mounn nan dyaspowa yo anvi rantre nan peyi an pou vin n danse fèt chanpèt pou fen ane an. Yo anvi vinn bwè soup joumou premye janvye lakay yo.  Yo anvi vinn jete dlo, pran beny chans. Pandan ke yo ap bwè yon Kola Kouwòn byen glase, yo ap manje yon griyo ak bannann peze, kasav, bobori bonbon siwo ak zaboka. Yo anvi danse yon serenad konpa anba yon tonèl. Si fanmi w ak ou an Ayiti ou a letranje kote ke sou frè Leta ou kapab ale wè yo san pwoblèm, mounn nan dyaspowa yo anvi wè fanmi yo nan peyi an.  O, mwen bliye ke se ak yon Premye minis ki sòti nan dyaspowa ke m ap pale ansanb ak yon prezidan ki te Minis dyaspowa pandan dezyèm manda ansyen prezidan Aristide. Ebyen, se sa ki fè ke dyaspowa an pa gen Ministè ankò, li gentan gen repezantan l nan Leta an.  Si se te vre?

Esau Jean-Baptiste

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *