Youn A Lòt

Boukan News, 10/18/2024 – Nan sa Ayiti ye la jodi an, nou ta dwe mete tèt nou ansanb pou n rezoud pwoblèm peyi an. Men se pa sa ki ap fèt. Youn n vini tou swe, tou bouke, li vin n regle zafè ti klan. E se bagay klanik, ti koulout sa yo ki fè depi lendepandans ou de depi lanmò Papa nasyon an, nou pa jan m k ab mete tèt nou ansanb pou nou konstwui peyi an. Kòm depi aprè 17 oktòb 1806, gen anpil dlo ki koule anba pon pongongon politik an Ayiti, donk li ap pran twòp tan pou nou ta pale, de Papa Dessalines ak lè diktatè Jean-Claude Duvalier te ap kite peyi an 7 fevriye 1986. An n rete pito, sèlman de aprè dat ke pitit tig te kite pouvwa an. Konsa, sa ap pèmèt nou konpran n batay ki genyen an gwo bèt sovaj yo nan politik peyi Dayiti. Men pa janm bliye sa: Pitit tig, se tig.
Depi plis pase ke 38 tan, nou toujou rete nan yon kesyon de tranzisyon. Yon tranzisyon ki pa jan m vle fini. Jodi an, kote bagay yo pi grav lan, se lè sa nou vle fè yon tranzisyon andedan yon lòt tranzisyon. Mwen pa konpran n. Ou kwè nou serye? Atache an refize detache. Ansyen manb FRAPH lan vle kontinye ap frape. Nou pa grandi. Nou rete rachitik nan panse nou. Ki vle di: nou gran nan petitès. Nou rete nan yon ti bwat tou piti de ti klan. Ti pati politik pa m. Ti ansyen gwoup VSN mwen. Ti gwoup kriminèl FRAPH ak GNB pa nou. San konte de fòmasyon politik kale tèt PHTK. Alòske alfabèt lan gen 26 lèt ladan l, nou sèlman chwazi ti sa yo sèlman pou fè peyi an fè bak.
Kòm nou toujou bezwen yon blan pou di n ki sa pou n fè, donk nou te oblije bezwen yon blan ki pou te vi n di nou pa goumen antre nou. Prèske 100 mounn asasinen pa bandi nan Pont Sondé, se pa biznis nou. Wout Matisan fèmen depi plis ke 3 zan, sa pa gade nou pi rèd. Bandi mete tout mounn deyò lakay yo, se bagay pa yo. Sa pa regade nou. Nou pa wè pwoblèm malere nan liv ke nou ap li an. Yon sèl vèb ke nou konjigue. Se vèb avwa ki gen ladan l: machinn blinde, kay, telefòn, gaz, polisye pou ba nou sekirite, ak anpil lòt privilèj pou nou monte desann a letranje, ranmase kòb pèdiyèm, ak mache fè foto ak tout blan. Menm blan mannan. Lè nou vwayaje, nou ap blede depanse kòb Trezò piblik nan dòmi nan gwo otèl 5 etwal, pandan ke pèp lan ap dòmi a la bèl etwal nan tout plas piblik nan peyi an.
Alòske fèy de wout ke nou gen nan men nou an di n pou n mete tèt nou ansanb, youn ak lòt, pou n rezoud pwoblèm ensekirite lan epi fè yon bon eleksyion pou n k ab sòti nan zafè tranzisyon sa ki pa jan m fini. Men, se pa sa ke nou vle fè. Se goumen pou pouvwa. Kòm si, nou pa gen ase pouvwa toujou. Nou divize pou nenpòt ti bagay. Nou refize poze vrè kesyon an, mwen te vle di: vrè pwoblèm peyi an. Nou genlè panse ke yon sèl dwèt manje kalalou. Nou mete nan tèt nou ke se yon pouvwa avi ke nou genyen. Al mande doktè an,“Même le pouvoir a vie est éphèmère”.
Nou chita ap goumen ak lonbraj nou. Nou, gentan ak zanmi etranje, ap prepare kòman pou n pran pouvwa nan fo eleksyon. Alòske nou pa menm k ab monte yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Nou refize fè yon gwo konplo pou n mete peyi sa sou ray devlopman. Yon sèl bagay nou fò, se kontinye gade dyaspowa an byen lwoin zafè politik peyi l. Men m jan ak lòt lan te fè, sa gen kèlke zane, se gonfle Konsila yo ansanb ak anbasad yo ak ti klan zanmi ki san kapasite akademik, eksperyans ak moralité. Se te krèy yè. Se krèy jodi an. E jan bagay yo pwale la, mwen pè se pap krèy pi rèd demen.
Alòske andedan peyi an, tankou nan dyaspowa an, gen bon kad pou nou ta monte yon ekip ki k ab bay bon rezilta. Malerezman nou refize chita youn ak lòt. VSN, FRAPH, GNB, PHTK, CPT, PM an nou mete tèt nou ansanb, youn ak lòt pou nou fè ke tranzisyon sa se dènye. An nou sispan kreye ti gwoup tranzisyon nan yon pouvwa de tranzisyon ki deja gen yon fèy de wout ki byen trase.
Esau Jean-Baptiste, politolog





