Kat (4) KOZE ki ta dwe ENTERESE PATRIYOT AYISYEN nan MOUVMAN ki TANMEN pou PREZEVE DEMOKRASI OZETAZINI

Kat (4) KOZE ki ta dwe ENTERESE PATRIYOT AYISYEN nan MOUVMAN ki TANMEN pou PREZEVE DEMOKRASI OZETAZINI

 

Par : Alain Zéphyr, Sosyològ

Manm Kowodinasyon Renouveau Démocratique

 

Apre desizyon prezidan Joe Biden pran pou li bandonnen kous pou yon dezyem manda, eleksyon nan peyi Etazini tounen yon match ant vis prezidan Kamala Haris (Pati Demokrat ) ak   Donal Trump ( Pati Repibliken). Eleksyon yo chofe anpil paske tou de pati ap chache make pwen pou fè ajanda yo avanse. Li ta sanble Pati Demokrat yo ap mennen lè ou konsidere pozisyon yo nan sondaj yo, kantite moun yo mobilize, ak kantite lajan yo ranmase.

1E Koze : Leve Kanpe Tanmen pou Prezève epi Ranfòse Demokrasi

Moun kap analize di anvantay demokrat yo sòti nan fason yo ranmase  yon gwo mouvanm leve kanpe ki tanmen nan peyi a pou prezève demokrasi. Sonje Prezidan Trump se yon politisyen ki gen tandans kraze brize e li pare pou l elimine anpil nan gany ak dwa moun te konkeri nan sosyete meriken an, tankou dwa pou avòtman, dwa moun LGBTQ+, ak asirans medikal. Anplis, Prezidan Trump pwomèt pou l fèmen fwontyè yo, depòte imigran yo, epi kraze NATO, yon alyans ki mare Etazini ak lòt gwo peyi oksidantal yo. Konsa, moun nwa , fanm , latino , sendika , jenn , patriyòt tout kalte leve kanpe tankou yon sel  zòm pou yo  anpeche  Donal Trump pran pouvwa a pou reyalize rèv li menm ak patizan li yo fè pou yo anfragele dwa kategori sa yo nan peyi meriken.

An Ayiti, gen yon momentòm pou chanjman ki gen pou pi piti 6 lane . Jodya a, patriyòt ayisyen ki swaf jistis  ak sekirite ap rele  anmwe kont kidnapin ak vyolans gang ame ; chanjman an toujou rete bloke nan pasaj.

2E Koze : Mouvman pou Prezève Demokrasi Ozetazini se yon mak Lanmou pou peyi a.

Anpil moun te etone lè yo te aprann Prezidan Biden te deside pa kandida pou yon dezyèm manda, yon desizyon ki te vize ogmante chans Pati Demokrat la pou l genyen pwochen eleksyon yo. Sa te reprezante yon gwo sakrifis Prezidan Biden fè pou benefis peyi l. Menm jan an, sitwayen ki angaje nan defans demokrasi Ozetazini deklare yap goumen san rete pou asire pitit yo ak pitit pitit yo pa viv nan yon sosyete kote dwa yo redwi konpare ak jenerasyon anvan yo.

Patriyòt Ayisyen yo toujou fè anpil sakrifis pou wete peyi yo nan move pas. Istwa peyi nou an ekri ak san batayè  ki tonbe pou lavi fleri. Malerezman, sakrifis sa yo souvan tounen mach pye pou politisyen ale fè gagòt nan pouvwa.

3E Koze : Tèt Ansanm pou Wete Demokrasi nan Move Pas.

Youn nan siksè mouvman pou prezève demokrasi Ozetazini se rezilta yon gwo tèt ansanm pami divès gwoup enterè ak kategori moun ki deside mete fòs yo ansanm pou fè enterè yo tounen yon majorite an favè defans enstitisyon demokratik yo.

Ayisyen toujou fe dekabès lò yo kolezepòl youn ak lòt pou yo vanse. Jodya, ayisyen dwe  fouye nan rezèv yo pou mete kanpe yon gwo tèt ansanm ki pote ale kidnapin ak vyolans gang ame pou sekirite, jistis ak demokrasi.

4E Koze : Politik pou Pezoud Pwoblèm

Menas ekstremis ladwat kont demokrasi Ozetazini manifeste nan plizyè fòm tankou tantativ pou minen enstitisyon ki kenbe balans pouvwa a, vyolans politik , ranvèse anpil pwogrè ki te fèt nan domèn dwa sivil ak egalite, demantle pwogram sekirite sosyal yo, depòte  an mas imigran elt. Tout aksyon sa yo gen entansyon wete kapasite gouvènman an pou l travay pou byennèt komen  pandan y ap favorize enterè espesyal ak ideyoloji ekstremis. Douvan menas sa yo, patriyòt,  lidè ak reskonsab politik yo potekole ak mouvman oswa inisyativ sitwayen yo pou yo adrese pwoblèm sa yo epi chèche solisyon ansanm dekwa pou prezève ak ranfòse demokrasi a.

Sepandan, an Ayiti li ta sanble  pa gen okenn antant nan mitan divès chabrak kap deside lavni peyi a sou pwoblem kidnapin ak  vyolans gang ame, yo chak gen yon solisyon ki depaman youn ak lòt . Absans vizyon ak aksyon reskonsab yo lakòz pwoblèm kidnapin ak vyolans gang ame ap vin pi grav chak jou ki pase  , kat (4) mwa apre CPT te pran kontwòl gouvenans peyi a  pou swadizan tabli lapè ak sekirite.

Apre yon viretounen li te fè nan Pòtoprens nan mwa dawout la, jounal New york Times te ekri yon atik ki rele : ” Gang yo an Ayiti kontinye simen laterè pandan y ap evite fòs sekirite kenyan yo ki deplwaye nan peyi a”. Atik sa a te konstate :

  • Plizyè semèn apre yon fòs sekirite entènasyonal rive an Ayiti, gang yo ki te paralize kapital la, Pòtoprens, ansanm ak lòt rejyon nan peyi a, pa montre okenn siy pou yo sispann aktivite yo. Manm gang yo te konsantre atak yo sou wout nasyonal yo epi anvayi vil ki te chape anba kanpay asasinay, kidnapin, ak vyòl yo anvan sa.
  • Yon gwo pati nan vil Pòtoprens toujou rete yon kanpe lwen pa pwoche pou residan ak pou biznis.
  • Plis pase yon ka lekòl nan Pòtoprens fèmen akòz ensekirite a.
  • Sitiyasyon swen sante a nan kapital la toujou rete kritik, majorite lopital yo fèmen apre gang te piye yo(Adams & Paultre , 2024).

Sitiyasyon sa yo se prèv pàn nan se nan sa swadizan reskonsab yo ap ofri li ye. Pèp Ayisyen swaf jistis ak sekirite tankou tè sèk ki bezwen lapli. Patriyot ak pwogresis Ayisyen toupatou sou latè dwe mache kontre ak tout viktim yo pou rele yon gwo anmwe pou Jistis , reparasyon ak demokrasi.

Reference

Adams, D. C., & Paultre , A. (2024, August 11). Gang yo an Ayiti kontinye simen laterè pandan y ap evite fòs sekirite kenyan yo ki deplwaye nan peyi a. New York Times. Retrieved from https://www.nytimes.com/2024/08/11/world/americas/haiti-gangs-kenya-police.html

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *