Kilè jou sa ap rive?

Kilè jou sa ap rive?

Marcel P Mondesir
Boukan News, St Thomas, 08/19/2024 – Kilè yon Ayisyen ap leve “égayer”, le sourire aux lèvres, li mete rad espò l sou li, ap mache, fè espò kote li pap wè nan chak kwen kadav chen devore, epi bandi pap kidnape l?
Kilè yon Ayisyen ap leve pou l gade vwazen an epi mache sou li, pran l nan bra l anbrase l. Epi tou 2 fanmi yo deside pataje bonè yo?
Kilè yon  Ayisyen ap leve pou l louvri radyo l epi se pa Gérald Gilles, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire, 3 ti visye, 3 dechèpiyè ansanm ak yon Raoul Pierre-Louis jeran lajan piblik, k ap envite “otorite vin manje lakay li”, pou l kapab garanti dyòb li l ap tande k ap nwi zòrèy li ak pawòl dwatgòch?
Kilè yon Ayisyen ap leve 4è di maten, pral legliz epi bò wout la, li kanpe pou l bwè yon kafe cho san kè sote paske tout anviwonman pa fè l pè?
Kilè yon Ayisyen ap leve epi li tande nan medya Non x ou y vin chèf/otorite pou l di nou resi jwenn youn kote nenpòt jan w vire l ou tounen l ou pa fouti di li se yon: vendu, esklav mantal, tyoul, flibistye, newo kolon, dechèpiyè, machann mikwo, envètebre, politisyen sousou, sosyete sivil ozòd, entèlektyèl pakoti…?
Kilè, Kilè, Kilè jou sa ap rive. Sitou ak Teknoloji a, Tik tok, Facebook, WhatsApp, tout lòt yo, enfòmasyon an pap pran tan pou l gaye sou tout latè.
Nou pa kwè nan mirak, nou pap tann mirak. Men omwens, nou ka espere yon maten nan jou k ap vini yo la, pèp Ayisyen nou leve epi nou tande nan tout radyo epi nou Li nan tout rezo sosyal yo, 3 dechèpiyè yo, 3 ti visye yo, epi tout lòt k ap ede yo dechepiye peyi a yo pral devan Yon Jij pou esplike yo.
Koze IMMUNITÉ PRÉSIDENTIELLE sa, ki se yon “Échappatoire”, yon “Faux fuyant”, koze “Grand Commis de l’État”, un mauvais jeu, un faux exutoire pour contenir les eaux sales et continuer à nous rendre plus laids du fait d’innondations qui vont continuer à emporter nos maigres ressources.
Pèp Ayisyen nou pap bese bra. Nou pap dekouraje. N ap tann jou sa.
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *