Mizopwen konpatryot Wilfrid Suprena
Nou pa bezwen joure. Nou pa bezwen fache…
Erèr a , san di pètèt , se Nou ki fè y..
Boukan News, 08/13/2024 – Lè m di Nou an, mwen wè dabò “ Kont Revolisyonèr “ yo (Pwemye Aysyen yo ye tou) ki te kòmanse tòpiye gwo bèl eksperyans batay 1791-1804 pou yon mond kote yon ti gwoup pa ka redwi yon majorite kòm bèt oubyen Moulen pou travay lajounen tankou lannwit pou anrichi yo menm e peyi yo ki te Founi yo mwayen, lisans pou èy lòt kote , kaptire, tòtire, Anchennen , jete nan kal bato, mare epi èy jete nan peyi pèdi pou travay, bourike e bati, Konstwi kapital pou lòt moun……
Kont revolisyonèr yo pote peyi a Pwemye kou politik fatal la nan mwa Oktòb 1806, yon Dezyèm lan an 1825 ( ekonomik), yon Twazyèm ( sosyal/kiltirèl) an 1860. Epi dènye kou ki touye koukou a ( coup de grâce la) an 1915……
Depi lè sa yo n ap dongoye nan yon bato san kapitèn nan mitan yon lanmèr k ap monte desann ake reken ozalantou k ap devore ni bwa bato a, ni zaviwon yo ni moun ki andedan y…
Andedan bato a menm tout moun tounen kanibal. Len ap manje lòt. Dezèspwa total kapital. Epi sak te pwofite nan fè nwa jete poul a yo k ap gade sa k ap pase pandan yo sou lòt zile , oubyen y ap sekwe tèt a yo, oubyen y ap fè ekzakteman sa yo pat ka fè ake menas kout kanno gwo bato, enpoze nou tradisyon yo, lang a yo, fason yo abiye, fason yo priye e jodya separe , diskrimine Aysyen parèy a yo sou baz sa yo kwè oubyen pa kwè..
Yo rive fè nou ap renye tèt an nou yon jan oubyen yon lòt:
1.Andedan peyi a: Jenn Gason ake jenn fanm ant 17/35 ki wè pwomosyon sosyal nan vyole, nan vole, nan kidnape, nan touye Aysyen parèy a yo ki Konstwi yon ti byennèt nan travay di, nan voye chen sou chat, nan pwan kout ponya e ke yo apovri nan yonn oubyen de semèn..
2.Deyò peyi a: Aysyen plis idantifye yo ake lòt kwayans, lòt kilti, tounen do bèy istwa epik yo ke lòt pèp ap admire… Yo travay Anpil pou fè pitit yo ki fèt lot kote bliye, wi bliye sistematikman istwa manman yo, papa yo, zòn kote yo soti e sitou tradisyon yo, koutim yo…
Men Ayti pa ka mouri. Nou pa ka kite Ayti disparèt…
Men sa nou ka fè nan kad yon pouvwa politik ki genyen yon manda popilèr pou remete Ayti nan wout Solidarite, renmen abt tout Aysyen:
A. Chwazi 4 gwo pò nan peyi a… Nan diferan Depatman yo. Men sa Okap se nan “ La Petite Anse” pou y ta fèt…Rekonstwi yon gwo bato “ Négrier” nan chak . Pou se yon obligasyon tout ti moun anvan yo antre nan laj lekòl ( 5 lane) èy vizite .. ake paran yo oubyen gadyen yo… Pou yo wè nan ki kondisyon gran, gran èt paran yo te ateri sou bout tèr sa.. etc…
B. Rekonstwi yon bato pou montre kalamite 300 èsklav yo te rele “ Les Suisses “ yo ki te goumen akote blan yo lè yo te bezwen yo… men ke yo te toufe nan kal bato sa lè yo pat bezwen yo ankò….. Sa se nan zòn Montrouis..
C. Kanpe yon èstati jeyan ( 25 Mèt pou pi piti) Jean Jacques Dessalines nan La Crête à Pierrot ke chak jèn Aysyen anvan y antre nan lekòl segondèr dwe èy vizite..Èstati sa, Ou Liancourt, Verrettes, Marchand Dessalines, Desdunes depi yon Aysyen ta leve zye y nan dirèksyon syèl la fók li ta wè y olwen..
D. Fè de kawo tèr kote Vertières sitye a tounen yon gwo Sant Atraksyon entènasyonal … Rele y le Parc de La Liberté . Mete tout sa ki raple Tayno yo, Èstati Ilara, Anakawona, Huatey Bacardi, Caonabo, Padrejean, Mackandal..andedan y… Mete tout kalite pye bwa ake tout kalite zwazo Antènor Firmin te enimere yo nan liv li ( Président Roosevelt des Etats Unis et la République d’Haiti)…… Mete yon gwo “ amphithéatre 5.000.00 plas “ Moïse Louverture”.. Epi Parc natirèl pou ti Moun èy jwe…Epi yon latriye rèstoran k ap pote nwan Gerye ki te kontribye pou chase Ewopeyen yo ( èsklavajis, kolonyalis e neyo kolonyalis) sou bout tèr sa a… Paul Prompt, Toussaint Brave , Jean Philippe Daut,,,, François Cappouet ( Capoix) ake yon gwo chwal li an fas yon Batri Kanno Fwanse yo k ap tire kanno sou li… Pou Granmoun tankou ti moun èy monte chwal la pou van ap voye chapo a tonbe pandan bri kanno ap fèt Epi pou Aysyen yo ki sou chwal la ap di:
“ En Avant, En Avant , Les Boulets sont de la poussière”…
Se sa yo ki merite fèt nan peyi nou pou chak Aysyen rive konpwann wól li te jwe nan chanje Wout istwa Moun Ewopeyen sa yo ke anpil nan nou ap venere jounen jodya..
Mwen ban nou garanti ke se sèl konstriksyon yon “ Leta Sosyalis Revolisyonèr” ki ka rive fè travay sa…
Se pou sa n ap travay nou menm. E l ap fèt vle pa vle. Te mèt nan 50 lane.
Fòk nou rekòmanse a zero pou rekonstwi yon lòt Ayti pou tout Aysyen…
Wilfrid Suprena







Mwen were chapo m byen ba devan tout jounalis ak moun kap twavay nan jounal Boukan News pou m felisite pou geo twavay enfomasyon ak konsyantizasyon nap fe nan mitan sosyete ayisyen lan. Men pemet mwen koube m byen, byen ba devan otè tèks la mouche Wilfrid Suprena. Mwen swete li sante pou l kapab kontinye ponn pou nou kalite refleksyon konsa.
Atik sa ki mete … banm okasyon pou m reyaji nan fe komante sila. Kòmantè: Mouche Wilfrid nan tèks la ofri yon pèspektiv enteresan sou istwa Ayiti, men li pa bay okenn detay ak kontèks pou kèk evènman istorik li mansyone. Se sap enpotan si li ta fe pèspektiv istorik sa benefisye de sa. Mwen kontan pou pwopozisyon konkrè ki mansyone pou restore memwa istorik ki enteresan e kreyatif. Mwen swete refleksyon an kontinye rive nan evalyasyon an pwofondè sou fezabilite ak enpak pwoje yo.
Mwen ta gen anpil pou m di men m pa vle two long anplis kite plas pou lot zanmi yo li epi fè yo lide pa yo.
Pou m fini, m kwe tèks sa a ofri yon pèspektiv pwovokant sou istwa ak avni Ayiti, ki ankouraje refleksyon ak diskisyon sou idantite nasyonal, memwa istorik, ak direksyon politik peyi a.
Kenbe la e kontinye reflechi mouche Wilfrid