FANTOM-509 bay gouvenman 12 Zè d tan pou al achte kadav polisye yo nan men Izo, menm jan yo te fè l pou blende a!

*Kominike kominike* *fantom* 5️⃣0️⃣9️⃣ *alantèn*

Nou menm fantom 5️⃣0️⃣9️⃣ki se vrè defansè *polisye vivan yo*, sak dwat yo, nou pat konplis nan vi nòmal nou, e nou sèmante osi nou pap janm konplis menm nan kavo nou, se rezon sa ki fè nou paka rete kòm obsèvatè nan sa nou wè kap pase *polisye vivan yo nan peyi a*
Jodia nasyon an temwen ke *polisye vivan yo lage pou kont yo*, se rezon sa ki fè Papa Bawon di ke vrè polisye kap sèvi peyi yo ak tout onètete yo *pap rete nan prizon epi pou bandi ap banbile bwè diven ak mouche leta*.
Donk
Se rezon sa ki fè nap di *EGZEKITIF la ak CSPN nan* yo gen aswèa ak demen 1️⃣8️⃣ mas jiska 1️⃣2️⃣h pm *pou yo al’ achte kadav polisye yo menm jan yo tal achte blende a ,ak pou yo bay rapò sou polisye 2️⃣8️⃣ème promotion an PIERRE LUCDOR (Animal) pou yo di kotel pase*.

Sa vle di ,a pati de midi 1️⃣8️⃣mas la tout polisye konvoke kafou rezistans an inifòm nou pwal kontinye lage vrè polisye yo sitou sa yo te arete ak jij Dabrézil kwadèboukè yo, *nap mande paran polisye sa yo ak pèp kafou a rejwenn nou kafou rezistans pou rann travay la pi fasil*.

*Fantom 5️⃣0️⃣9️⃣ pap fè l’ konplis e li pap janm konplis*

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *