Pòtoprens, Mèkredi 17 mas 2021
Nòt Pou Laprès
Nan dat 12 mas 2021, Operasyon Tèt Ansanm te deja kondane , Ansyen Prezidan Jovenel Moise ak CSPN nan kite planifye ak chef gang vilag Dedye Operasyon fyasko kite reyalize nan vilaj la, kote bandi asasinen anpil polisye.
Tout enfòmasyon kap sikile, fè konprann se prezidan jovenel ki voye lajan bay Izo ak sèkèy bay bandi yo e li mande yo pa remèt mò yo, pou polisye yo pa pwofite okazyon antèman yo pou yo tou dekroke l nan palè a. Negosyasyon ak bandi vilag yo,moutre aklè zanmitay pouvwa ak kidnapè. Anplis, Prezidan Jovenel kipa vle wè lapolis la,kouri pwofite soufrans polisye yo ,pou l anonse li pran yon dekrè ki pou pèmèt lame milis li a travay ansanm ak polisye yo. Kidonk plan Jovenel se kore gang, fè polisye yo pase pou senèryen e enpoze lame milis li a.
Gètapan ki fèt sou polisye yo, se pa zèv ni yon enspektè polis,ni yon komisè polis, se zèv CSPN nan ( Premye misis defakto Jouthe, minis Enteryè defakto Audin Bernadel Fils, Minis Jistis defakto Rockfeler Vincent, Direktè jeneral defakto Leon Charles, Enspektè jeneral lapolis la) ak Prezidan Jovenel. Operasyon Tèt Ansanm di polisye yo piga yo pran nan kraponay, Ansyen Prezidan Jovenel Moise ak eskadron lanmò l yo.
Ansyen Prezidan Jovenel ki konnen OEA ak ONU se reselè l nan fè magouy pou tabli diktati nan peyi a kouri mande OEA ak ONU èd pou l swadizan konbat ensekirite. Nap raple tout moun, Sekretè jeneral l’ONU an te byen akeyi desizyon Pouvwa PHTK a te pran pou bay gang yo jarèt lè l te dekare dapre rapό Madanm Lalime bay : « Depi lè gang yo finn federe a , zak asasinay diminye nan peyi dayiti». Kidonk demand Jovenel Moise la, se èd lap chache pou l vinn kraze zo pèp la pirèd. Pèp Ayisyen ,pap pran nan okenn divèsyon, ni nan solisyon makiye,manda Jovenel fini, fόk li bay palè a.
Operasyon Tèt Ansanm konstate Jovenel Moise kenbe nan prizon polisye ak militan politik kap revandike dwa yo. Poutan gang, dilè drόg, Kriminèl ak kidnapè ap paweze. Polisye yo dwe konprann pwoblèm peyi a , se pwobèm yo tout. Toutotan yo pa kanpe ak pèp la nan kad misyon lalwa ba yo, pou frennen tren lanmό a, bandi pouvwa PHTK ap kontinye mete dlo nan je yo chak jou.
Devan sitiyasyon gravman grav sa ,Operasyon Tèt Ansanm mande tout fòs viv nasyon an , nan 4 kwen peyi a, leve kanpe pou dekroke ansyen prezidan Jovenel Moise nan palè a. Se sèl fason pou n kanpe tren lanmò rejim PHTK a.
Moun ki siyen pou komite pwovizwa Operasyon Tèt Ansanm :
Ansyen Depite. Abel DESCOLLINES ………………….
Ansyen Depite. Hugue CELESTIN …………………….
Ansyen Depite Joseph Manès LOUIS …………………….




