An n louvri je nou !

Boukan News, 01/09/2024 – Nou dwe wè kote nou ye, sitou nan kisa nou ye, nan ki pèlen tèt nou pran.
Ayisyen, kisa n ap di?
Ayisyen, kisa n ap fè?
Kouman! Èske nou aksepte kontinye sibi move konpòtman responsab pouvwa Leta?
Èske nou dakò pou nou chak rete nan ti kwen pa nou pou: Sa k konn lapriyè. Kretyen katolik yo ap resite 3 Nòtre Pè, 30 Je vous salue Marie ak tout lòt rityèl nou konnen yo; Kretyen pwotestan yo menm, y ap priye, y ap fè “jeûne”, y ap resite “tous les 150 psaumes de David”, pandan y ap chase demon yo (gang yo, Ariel ak tout salmanaza l yo), y ap rele Aba satan, Alleluia, pandan y ap resite kèk gwo vèsè… Mèt lakou yo menm (vodouyizan yo), y ap jete dlo nan 4 kafou, y ap kraze krich, y ap entèpele lespri yo, y ap fè gwo seremoni nan dèyè tout tip bandi yo, y ap remèt yo bay Bawon…
Men nan fen jounen yan, lè yo tout louvri je yo, yo wè ou byen bandi kidnape yon frè yo, bandi vyole yon pitit fi yo, bandi rache yon mari yo, bandi fòse moun yo kite kay yo. Dayè yo blije kouri kite legliz la ak peristil la paske bandi yo lage koukouwouj dèyè tout moun nan zòn kote legliz yo t ap lapriyè ya ansanm ak peristil yo t al bat kat pou wè sa k ap pase fanmi yo, sa k ap pase peyi ya.
Pi gwo sezisman yo fè, se lè yo wè bandi yo fin anraje epi pa gen okenn prezans lapolis pou kòlte ak yo. Okontrè! Epi tou, pandan y ap tande radyo, gen yon jounalis fouyapòt ki di li rele Lapolis, yo reponn: machin yo gen pwoblèm, epi tou pa gen gaz pou yo ta voye kèk patwouy nan zòn nan pou ta vin fè fas kare ak bandi yo.
Dayè pandan jounalis la ap bay “flash” la, se Kòtèj mouche premye minis la ki genyen pou pi piti 20 machin k ap pase ak anpil sirèn ki twouble repòtaj la tèlman li fè bri.
Yon lòt kote, genyen yon delegasyon manm Kominote entènasyonal la ki genyen yon kòtèj disèt longè ak 3 machin back up plis 2 cha blennde PNH la k ap pen pen penp ki travèse Lali, monte Petyonvil. Men sonje lè jounalis la te rele pou l di: men bandi ap fè moun yo kouri, y ap kite zòn nan, repons lan se te: machin yo an pann, epi tou pa gen gaz pou lapolis ta vini pote sekou bay kominote y’a.
Ni sila yo k ap resite Nòtre pè yo, ni sila yo k ap fè jenn yo, ni lòt yo k ap entèpele lwa yo, nou tout n ap pran menm gwo pataswèl, nou tout pap chape anba raj bandi yo. Youn nan lespri yo n ap lapriyè yo pap rive frennen okenn nan bandi yo. Kit bandi ak sapat yo, sitou bandi ak kravat yo (kòtèj Ariel la), yo pi odasye, je yo pi chèch toujou, kit patwon yo (delegasyon blan).
Pi gwo leson pou n tire nan sa k pase y’a, nou dwe konprann sèl fason pou n chape, pou n sove, pou n gen lavi, se fòs nou pou nou mete ansanm, se aksyon kowòdone pou nou antreprann, se goumen pou nou goumen tout bon pou n rive chase madichon sa yo, move zè sa yo ki lage nan kò nou. Tout foli yo se pou fini ak nou.
Nou wè si nou rete nou chak nan ti kwen nou, si nou kite y ap pran tèt nou nan divèsyon revolisyon tewori, k ap bla bla bla, nou fenk kòmanse nan kouri.
Se leve kanpe li ye!
Se revòlt li ye!
Se dezobeyisans total kapital li ye!
Se goumen tout bon li ye!
Marcel Poinsard Mondésir





