Yon dènye koze n ap fè ak Francesse Déligent, Fanfanne, Sè Déligent, Sè Dede pou tout Moun ki te konnen l.

Boukan News, 11/25/2023 – Sè Mwen Francesse Déligent te rantre nan Kominote Filles de Marie Reine Immaculée nan lane 1972. Konsa se tout lavi li li te konsakre a Kominote y’a nan sèvi BonDye.
Nou menm Frè ak Sè l nou te rele l Fanfanne. Kominote Ste Mari y’a te rele l Sè Dede.
Sè Dede se konsa yo te souvan rele l nan Kominote y’a. Li okipe anpil fonksyon nan Kominote Filles de Marie Reine Immaculée ki se youn nan Kongregasyon relijye ki kreye an Ayiti ak Ayisyèn selman (autochtone).
Se depi lane 1972, nan moman sa Francesse te gen 21 lane li te chwazi pou kont li rantre nan nouvo fanmi Filles de Marie Reine Immaculée Sè Saint-Louis te kreye.
Konsa Sè Deligent ki ale jwenn Papa li BonDye Granmèt la apre 72 lane sou Tè sa pase 51 ladan l ap fè misyon BonDye te chwazi pou li e li te dedye lavi l pou li.
Sè Dede te grandi ansanm ak Kominote y’a. Li te okipe anpil fonksyon depi nan fè lekòl, pase nan responsab pansyon jouk nan kowòdonatris Mezon nan yon seri zòn tankou: Kwadèboukè ak Lali nan Lwès, Sodo nan Sant, Okoto nan Sid…
Li te toujou jwenn fason pou li pase yon tan, ak fanmi natirèl li, fanmi byolojik li. Fanfanne te renmen nou anpil e Sò m te toujou ba nou anpil atansyon.
Tati tankou nyès ak neve li yo rele l, te toujou preche nyès ak neve l yo lanmou, solidarite, respè ak imilite. Li se youn nan pi gwo konfidan Nyès li yo. Yo tout genyen yon respè, yon atachman ak tati yo ki pa janm manke okazyon pou pataje yon pawòl lespwa ak yo.
Kòm Gran Sè, malgre obligasyon relijyèz li, Francesse te toujou jwe wòl pi Gran li nan mitan nou; mwen ap pale de Claudette, Kénédy ak Marcel. Li pataje avèk nou tout bon ak move moman nou konnen nan lavi.
Menm jan tou, lè nou gen pwoblèm sa afekte li anpil anpil. Mwen pa bezwen di plis paske nou tout konnen kouman maladi ak lanmò Sò nou Claudette te frape l, sitou li pa te kapab prezan nan dènye moman yo bò kote l. Se prèske chak jou pou Fanfanne te rele pou genyen nouvèl Sò l. Li pale ak li, li priye pou li, li konsole Nyès li yo. Pou Kénédy menm ak mwen, li te toujou monte moral nou, li te toujou motive nou pou nou bay Sè nou tout ankadreman, tout atansyon paske se Eritaj Lanmou Manman nou Henriette te kite pou nou.
Sa k fè nou tout nan fanmi an pi mal, paske Fanfanne pa nou an, Fanfanne ki te toujou prezan pou nou, nou pat fouti akonpaye l fizikman nan maladi li akòz tout pwoblèm peyi y’a.

Chak fwa, Kénédy ak mwen pandan dènye tan sa yo pran desizyon pou vini, ou tande tèt chaje pi rèd. Tankou pifò Moun anndan peyi y’a ap viv tout kalte kalamite se menm jan pifò Frè ak Sè nou deyò ap sibi sa tou. Genyen Zanmi mwen konnen ki pa menm genyen chans pou yo prezan nan lantèman yon Moun ki genyen anpil valè nan lavi yo(Manman, papa, pitit, Fanmi, mari, Madanm, bon zanmi..).
Soufrans sa yo genyen anpil konsekans sou lavi nou tout kòm Moun epi kòm Pèp.
Soufrans sa yo redwi sou esperans lavi nou epi tou yo ogmante rayisman nan sosyete y’a.
Se menm soufrans sa fanmi Fanfanne, Fanmi Sè Dede ap viv paske yo pa kapab vini nan lantèman li.
Soufrans sa yo pa pote lòt koze se degoutans pou tout sila yo ki lakòz ensekirite y’a ki blayi nan peyi y’a, ki anpeche fanmi Fanfanne, Sè Dede akonpaye li nan dènye kay li avan l al jwenn Papa l Granmèt la.
Nou sèten pou fason Sè Déligent ou byen Sè Dede ou byen Fanfanne te viv misyon apostolik li ak tout Kè li, tout volonte li;
Pou fason li te bay tèt li pou travay BonDye Kouvè li ap tann li pou l al manje sou menm Tab avèk Granmèt la.
Fanfanne nou konnen ou konprann epi ou te aksepte sa pandan toutan nou te konn ap pale. Lanmou nou tout te genyen youn pou lòt fè nou prezan jou lantèman.
Nan Non tout Fanmi nou ki ta renmen prezan la ak nou men sikonstans yo fè yo pa kapab fè sa, mwen mete Vwa m ak vwa gran Frè Mwen pou di Kominote Filles de Marie Reine Immaculée menm jan ak yo Nou pèdi e nou di yo Kouraj epi lafwa yo ap pèmèt yo kontinye chemen yo.
Nou di tout Moun ki temwaye fanmi nou Senpati yo nan moman difisil sa Mèsi, pawòl yo, jès yo ede nou pran Fòs.
Nou di Asistans lan Mèsi.
Pou ou menm Sòm Fanfanne mwen konnen ou ale ak anpil chagren men tou anpil lanmou.
Se pou Granmèt la, BonDye lavi ya louvri 2 bra l pou l resevwa w.
“L’Éternel a donné, l’Éternel a repris: que l’Éternel soit béni.”
Mèsi anpi pou pasyans nou.
Marcel Poinsard Mondésir
Ti Frè Sè Déligent.-






