“Galipòt,  Toukoutap, Toukoutap, Se Chwal Dessalines lan k’ap chache yon lòt kavalye” (Jean-Claude Martineau)

“Galipòt,  Toukoutap, Toukoutap, Se Chwal Dessalines lan k’ap chache yon lòt kavalye” 

Wilfrid Suprena
Boukan News, 10/17/2023 – 17 Oktòb 1802. Nan komin Gros Morne ( GwoMòn). Reyaksyonèr Ewopeyen yo ki te debake ake yon ajenda ranpli kou ze pou rechouke desandan Tayno ake afriken yo nan menm sistèm Bourike  pou granmesi a epi Pou Gran blan, Gran Milat, pwopriyetèr Tèr ake Komès ap jwi, Travay lannwit kou lajounen pou leta metwopòl la vin pi  pwisan , te manke voye Mèt JanJak nan peyi San Chapo. Se yon fanm kwizinyèz, yon milatrès, Madame Pageot ki te genyen yon krich nan men y e ki tap vide dlo sou men Jal la anvan y  t èy manje ake yon “ Père Blan” ki sove y. Anbiskad la te pare toutozalantou legliz kantin an pou mache pwan Gwan chèf la. Madame Pageot te ede y sove. ( Henry Christophe dans L’Histoire d’Haiti, Vergniaud Leconte).
Fanm milatrès sa   te sove Revolisyon an. Li  te sove Ayti. Li te sove Nou..
17 Oktòb 1806. Kat lane annapwe. Reyaksyonè yo, kont revolisyonè yo, tout koulè, tout tandans nan lame a, vòlò tèr, prevarikatèr k ap fè yo papye tèr, Fo lisans pou louvri biznis Epi pa peye taks, yo tout mete ansanm pou fwape ansanm. Yo mete ansanm ake Etranje Tou “ Konplo pi rèd pase wanga” pou yo Fwape. E yo Fwape..Byen di.  Ni Marcadieu, Ni Defilée, Ni Claire Heureuse, Ni Euphémie Daguilh, Ni Couloute, Ni Boisrond Tonnerre, ni Cappoix, Ni Goman pat ka sove Revolisyon an. Kont Revolisyonèr yo te fwape fò. E fwap sa ap
Miyonnen sèvo tout Aysyen jouk jounen jodya.
Pandan apepwè 40 lane  ( 1806/1845) Se te “ bouche cousue, Tight lips” pinga, pinga, gwo pinga si yon jou yon Aysyen ta menm site nwan Dessalines nan bouch èy.  Louis Pierrot te vin ranvèse sa lè y te deside bèy Ansyen Anperèr a, yonn nan fondatèr peyi a, yonn nan pi gran Revolisyonèr limanite pwodwi yon “ sépulture” ki diy…  Jouk rive nan Nord Alexis ki vin bèy 17 Oktòb la tankou yon jou konje…
Epi, Apwe. Epi…. Pita pita Jean Jacques ,  ki te  rele li menm  Jean Jacques Dessalines Cincinnatus Leconte te fè Konstwi yon Fort, yon gwo Kazèn a kote Palè Nasyonal ki te pote nwan Jean Jacwues Dessalines. Li te vin tounen yon prizon pou tòtire, maspinen, toufe, pandye, eliminen opozan politik. Yonn nan yon gwo powèt Okap,  Henry  Claude Daniel te mouri pandye…nan prizon sa… ( 1969). San konte lòt jenn revolisyonèr ki te sòti nan tout rès peyi a.
 Se jouk sou gouvènman Magloire, Aysyen vin fè yon efò ake Vertières. ( 1953). Pita, Powèt Morisseau Leroy vin ban  nou pi gwo Ochan pou Mèt Jan Jak: “ Mèsi, Papa Dessalines” nan yon bèl powèm.
Sou Gouvènman Duvalier, Gran Rue te pwan yon lòt non   “ Boulevard Jean Jacques Dessalines” .  Èy gade eta y  jounen jodya….Vil  Marchand  nan latibonit vin tounen Marchand Dessalines… Sou Jean Claude, ansyen lekòl segondèr yon avoka, moun Granrivyèrdinò,  opozan modere a moun Duvalier yo, Gregoire Eugène nan Avni Christophe te vin fonksyonnen sou  Lycée Jean Jacques Dessalines…Nan menm zòn lan, Richard ake Lunise Morse ( RAM) selebre nan yon bèl mizik tradisyionèl Lavi Papa Dessalines..nan peryòd k naval nan ane 90 yo….
17 Oktòb 2023. Jodya Nou menm patryòt, progresis tout tandans, revolisyinè tout lekòl, tout Aysyen Natif natal  ki kontinye kwè ke Ayti ka sòti nan labou santi li ye la, n ap sonje Jean Jacques Dessalines, le Grand…. Nou rèspèkte lide y, nou venere konviksyon y, nou renmen kouraj li, nou mete n ajenou devan lidèship politik e militèr li… Men Se tout moun oubyen Pèp nwa sou tout la tèr beni pou ki ta kanpe menm yon minit pou salye memwa Potorik gason sa…. Si nou menm Aysyen nou te fè devwa nou pou nou Konstwi yon peyi tout bon kote  nou menm t ap viv Lib e Nan byennèt,….
Si nou te serye ake tèt an nou pou nou pat chita nan yon hing hang sou koulè po, koulè drapo, Sak pi bon kretyen, Sak pi bon sèvitè peyi Etranje Epi pou n te prezante e reprezante Dessalines ake Ideyal li….Se tout Pèp Ke gwo peyi te anvayi ti peyi yo pou enpoze Lwa yo, mete gouvènman pou yo , vòlò richès yo,  tèr yo, demonize Epi majinalize  kilti yo, lang yo pale ki ta dwe kanpe chak 17 Oktòb tankou yon sèlòm pou yo ta di tankou Morisseau Leroy e tout Aysyen konsekan:
Mèsi Papa Dessalines…
Wilfrid Supréna

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *