Banm yon Ti Limyè, souple! ( Manno Chalmay).

Boukan News, 10/12/2023 – M ap gade dènye klip pwopagann yon mesye yo vèy non Arab k ap mache tout kote nan Nò, nan Sid peyi a pou montre akonplisman ansyen Prezidan asasinen, Jovenel Moïse. M ap avwe. M ap admèt Mwen poko konpwann anyen nan anyen nan politik lakay…
Anpil konfizyon nan tèt anm.
Ann èy wè:
- Les Clinton ake establishment pati demokrat ameriken an selèksyone Martelli pou vin jere neyo koloni an…
- Jeran Martelli ( PHTK) chwazi yon sou jeran Jovenel Moïse pouki ale nan elèksyon Epi bèy tout akonpayman pou y vin ranplase y nan tèt leta a. Epi, pou y kontinye politik PHTK kòm Nouvo Prezidan…jeran.
- A vrèdir koze politik la, koze bon jan gouvènans lan pa t ap mache sou administrasyon Nouvo jeran an. Lòbèy tout lajounen. Popilis yo fin anraje. Pwemye minis tonbe. 2 ( yonn yo rele Lafontant Se pa Dr Nwaris la, yon lòt ki te pi mal pase yon bèbè… Yonn nan ra fwa li pale devan moun, li te vle refè eksplwa ki te nan chante lame DAyti pou Lwanje moun Duvalier yo…
“ Duvalier Kanpe Woy (2x)
“ Duvalier kanpe nan Palè a pou “ Senkant an ..
“ 70, 80, 90, 100…
Guy Lafontant li menm te wè PHTK sou pouvwa pou Senkant lane Tou…
- Apwesa, te gen yon gwo Notèr JeanClaudiste, lavalasyen an plis ki pase yon Ti tan nan Biwo Pwemye minis la …. Mwen pa si Se te nan ansyen Kay Marcaisse Prosper a, ansyen Chèf la polis Pòtoprens sou Paul E Magloire, yon chèf militer prezidan , moun nan Nò ki t ap chache refè ekspkwa yon lòt Prezidan militèr moun nan Nò yo te rele “ Marbial” ( Florville Hyppolite) . Magloire li menm Se te “ Kanson Fèr”. …Ha, Lòbèy pi rèd… Nou sonje koze Konbyen ansyen militèr ameriken yo te bare nan Pòtoprens ake yon dividal zam fann fwa anba pounyèt a yo…. Jiska prezan peyi a pa Janm konnen sa yo te vin chache …
- Te gen yon jenn gason yon elvèr, yon antwepwenèr … Tou. lis diplòm a msye te enpwesyonan prèske menm jan ake kina Leslie Manigat. Sepandan, klòch pat sonnen pou y tale pwan Ochan ..devan katedral.
6 . Jouk nwan Aryel Henry te vin site anvan konkonbwèt la ki voye Prezidan an nan peyi San chapo…Epi yo mete, enstale, kwoke msye nan gòjèt a Pèp Aysyen an kòm pi gwo jeran nan Lakou neyo koloni an. Li pa pase devan Palman e li tèlman awogan. Menm Lagèr li di li ka “ Deklare”. Depi de lane, l ap rache, l ap koupe. Se sèl kòk k ap chante nan Lakou a. Li pa genyen kont pou y rann bèy pyès moun…. Li mèt ( yo mete y) mèt neyo koloni… an…That’s it.
Ekwasyon an se:
Les Clinton = Martelli
Martelli= Jovenel
Jovenel= Aryel…
Alòs, sa m ap eseye detèmine nan pawòl pwopagandis sa Se lyen, Alyans ant Martelli ake Aryel kont Jovenel… la? Ki sa ki alabaz li ? Ki sa ki ta dèyè Alyansay sa?
Pwoblèm ideyolojik, politik, pèsonèl…?
Sa vin pi konplike toujou lè m tande non yon seri de gwo konpwadòr , y ap rele Oligak Kòwonpi ki antre nan ekwasyon an.
Tiens! Tiens! Se pa menm gwoup moun sa yo ki te nan 184 an 2003, 2004? Martelli pa te konn ba yo jarèt nan GNB, pale de “ Lavalas santi” lè l ap fè fanatik li yo leve de men anlè pou li menm lap ekpoze “ derrière à lui”?
Poukisa tout moun sa yo ta tounen kont Jovenel tankou an 1991, 2001 jouk rive nan 2004 yo te nan bwa nan bounda Aristide, bwa…
“ A lepòk:
Ki sa Aristide te ye pou yo pa voyel ale?
Ant 2018 e 2021, menm chante sa refè surface:
“ Kisa Jovenel te ye pou nou pa voye l ale…?
Men “ Point focal” a tèks la:
Poukisa pwopagandis Jovenel oubyen Aryel yo Se yo menm ki nan avangad kritik oubyen “ hostilité” kont Lavalas ake Aristide?
- Toulède genyen menm orijin sosyal: La petite bourgeoisie rurale. De pitit peyzan k ale lekòl lavil e ki chape poul a yo anba “ apartheid sosyal” Aysyen an..
- Se menm kategori sosyal nan ansanm klas dominant yo ki pat vle wè ni Atistide, ni Jovenel..
- Toulède genyen menm pozisyon pa rapòt a leta. Yo plis kreye enstitisyon paralèl olye yo ranfòse ti sa ki ekziste yo..
- Toulède plis pale anpil pou di yo ake Pèp, y ap louvri zye Pèp olye yo poze baz èstrikti òganizasyon solid ki ka akonpaye Pèp la ni sou plan ekonomik, politik e militèr pou ede mas popilèr yo soti nan “ SEP” klas dominant yo mete yo a…depi digdantan.!
Alòs menm nan Fowòm yo nan gwoup what’s app yo anpil zanmi nou ka konsidere tankou opozan fawouch a Aristide Se defansè “ Tèt Kale” Jovenel yo ye…Se lojik sa m ap chache konpwann. Se ti Limyè sa pouki ta limen nan Labirent la..
M ap eseye trouve yon sèten koyerans politik nan kompòtman sa, mwen poko ka rive?
Èske Se Paske Aristide pa mouri li menm? Epi menm lènmi politik sa yo ( ?) voye Jovenel èy chita ake nonm anlè a?
Vrèman?
Men Kòman yo kòmanse vann yon lòt Atoufè nan menm ekwasyon an pou vin kontinye kache peche nan neyo Koloni an..
Wilfrid Suprena





