Fwontyè: Ouvè, fèmen

Fwontyè: Ouvè, fèmen

 
Esaü Jean-Baptiste

Boukan News, 10/10/2023 – Sa fè kèlke zane, chak fwa gran vwazen di Nò an bezwen pran sanksyon kont anpil lidè politik nan peyi an, li koupe viza yo.  Sa tèlman fèt souvan, li vinn tounen yon jwèt.

 
Kòm anpil nan politisyen sa yo, byen ak fanmi yo, se lakay gran vwazen an ke yo ye, lè konsa, menm si yo ta anvi fè bwui, yo oblije vin n dou kou mouton.  
 
Sa w tande an, si anpil nan yo se bouch fèmen. nan moman ke vwazen an retire viza yo, anpil lòt konn ap mache nan radyo pou yo ap di se pèsekisyon politik.
 
De tout fason, pèsekisyon politik ou pa, se fason sa gran vwazen renmen itilize pou fè lidè sa yo chanje pozisyon nan direksyon politik ke yo pwale an. 
 
Pandan tan sa, ti vwazen li menm ki gen foli gran, chak fwa li gen pwoblèm ak Ayiti, pou pran pòz entimide popilasyon, lè li pa deplwaye fòs militè l, se fwontyèl ke l fèmen. 
 
Se vre ak tout pwoblèm ke peyi an ap fè fas nan dènye ane sa yo, de jou an jou, vant pèp ayisyen plis depan n de ti vwazen. Men yo bliye tou si Ayiti se youn nan gwo kliyan ki konsome anpil nan pwodwui ke yo ap vann yo. Sa pa anpeche, anpil fwa, nan awogans ak rasis ti vwazen, li bliye sa. Pou ti krik, ti krak, se fèmen fwontyè.
 
Sa pa gen lontan, pa egzanp, nan zafè kanal ke popilasyon Wanament lan ap kanalize an, ti vwazen move kou yon ti kong. Sa w tande an, pa gen pawòl anpil, fwontyè fèmen.
 
Se yon fason pou di pèp ayisyen, nou ap fè frekan ak zafè kanal sa, donk mwen ap touye vè nan vant nou. Depi pwodwui pa rantre lakay nou, mwen ap wè sa ke nou ap manje.
 
Men se byen konte, mal kalkile. Pèp ayisyen ranmase karaktè yo. Nan repons ke yo voye bay ti vwazen, mounn nan zòn lan di ou te fèmen fwontyè pa w, epi kounye an ou vle ouvè l. Ebyen nou menm, nou fèmen pa nou.
 
Donk ti vwazen vle ouvè kounye an, men popilasyon Wanament ak tout lòt zòn nan depatman Nòdès lan vle fèmen baryè yo. Se sa ke nou rele: ouvè, fèmen.
 
Esau Jean-Baptiste

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *