An nou remet peyi a moso sa li te ba nou, tout sa li fè pou nou!
Boukan News,09/29/2023 – Alapapòt m ap di nou demach sa a jwenn rasin li nan yon echanj ak yon pitit peyi a ki pa janm fatige panse, twoke lide sou sa k dwe fèt pou Ayiti pran wout libète, diyite ak pwogrè. Ayibobo pou moun sa a!
Konstriksyon kanal sou rivyè Masak la se yon pwojè ki montre nou kisa tèt ansanm kapab reyalize.
Peyizan nan Plenn Maribawou louvri chemen pou tout Ayisyen rive mete an pratik deviz nou ki enskri sou fwonton Repiblik la:. Men anpil chay pa lou, Yon sèl dwèt pa manje kalalou, Plis nou plis, plis nou fò.
Men tou lòt leson pou n tire nan gwo eksperyans solidarite, mete men ansanm sa a, se kouman pou divès kategori moun, divès kategori teknisyen dwe rive mete konesans yo ansanm nan respè pou kòz peyi a.
Se sou sa mwen pral pale ak divès pwofesyonèl ki nan domèn jeni sivil, jeni idrolik, jeni riral, konstriksyon baraj pou sèvi nan irigasyon, ak agwonòm ki genyen pou akonpaye peyizan yo lè y ap genyen pou eksplwate kanal la.
Nou panse li fondalnatal pou pwofesyonèl ki metrize konstriksyon ouvraj tankou baraj pou vinn fè irigasyon yo ta kapab fè yon kowòdinasyon pou mache kontre ak peyizan yo, yon fason pou yo kapab pran an konsiderasyon tout aspè teknik, tout egzijans yon travay konsa mande.
Kòm travay la deja kòmanse, e nou tout konnen redresman teknik ouvraj sa yo konplike, se pou nan peryòd sa a menm fanm ak gason ki kapab yo, yo vin reponn prezan pou evalye travay ki deja reyalize, korije sa k dwe korije. Konsa yo va kontinye epi relanse travay yo ak plis garanti, plis konfyans sou plan teknik.
Menm jan tou, nou panse, li nesesè pou pwofesyonèl agrikòl yo: agwonòm ak teknisyen yo chita ak peyizan yo pou konnen ki kilti k ap pi enpòtan epi ki kantite tè yap wouze ak premye priz la, premye kanal la. Sa ap pèmèt tou yo fè kalibraj nesesè yo sou plan teknik.
Tankou nou kwè l, tout travay teknik genyen valè yo, menm lè se teyorik. Konsa, ekip teknisyen k ap pwopoze tèt yo kapab rasanble sa k fèt deja pou konpare yo ak premye etap konkrè nou ladan l lan. Jan fraz an angle a di « Learning by doing ».
Tout jefò sa yo, si nou rive fè yo, n ap montre Luis Abinader ak reyaksyonè lakay li yo, pèp ayisyen konn sa l vle epi tou li konnen kouman pou l reyisi sa l vle a.
Nou mande Ministè Agrikilti, atravè Direksyon Enfrastrikti Agrikòl ki genyen ti non jwèt DIA, pou li mete l disponib nan kolaborasyon ak Direksyon Depatmantal Agrikòl Nòdès, pou ankadre ekip pwofesyonèl k ap pote yo volontè pou travay epi akonpaye moun nan Plenn Maribawou.
Moman an rive pou n tounen bay Repiblik la ti moso nan tout sa li ba nou, nan tout sa li fè pou nou.
Pa ka gen kache ankò.
Ak volonte tout pitit Ayiti, Ayiti ap retounen fè Listwa.
Marcel Poinsard Mondésir, agwonom






