Tout elektoralis se fo nasyonalis
Boukan News, 08/22/2023 – Paragraf sa yo ke m itilize pou m kòmanse tèks sa ta dwe kesyon pèp ayisyen kont tout elektoralis yo, politisyen abolocho ki toujou ap montre pèp lan ke yo renmen l sèlman lè gen eleksyon.
Si yon mounn di ke l renmen Bon Dye alòske li rayi frè l, li se yon mantè, paske yon mounn ki pa renmen frè l ke l wè, kòman l ap fè renmen Bon Dye ki nan syèl ke l pa jan m wè ditou. (1Jan 4 vèsè 20)
Men nan liv Matye 25 vèsè 42 ak 45, pitit lòm lan te pi dirèk toujou nan kesyon sa yo kont ipokrit, tonm blanchi, fo pwofèt, farizyen yo ki toujou ap di ke yo renmen l anpil.
Mwoin te grangou ou pat ban m manje. Mwen te swaf, ou p at ban m dlo. Mwen te etranje, ou p at akeyi m. Mwen te toutouni, ou p at ban m rad pou m mete. Mwen te nan prizon, ou p at vin n vizite m.
Kòm foul ke li t ap anseye yo p at k ab rive konpran n pawabòl Ian, yo te repon n, Mèt depi ki lè ou te gen tout pwoblèm sa yo e ke nou pat la pou ou.
E Jezi te repon n, an verite mwoin di nou sa, a chak fwa nou pa fè sa ak mounn ki pi piti pase nou yo ou ak mounn ki nan bezwen sa yo, konsidere se ak mwoin ke n pa fè sa.
Jodi an se konpòteman reyaksyonè ke yon gwoup mounn nan soyete an toujou genyen lè bandi ap touye pèp lan ke tèks sa vin n denonse.
Ou menm politisyen, entèlektyèl, jounalis, chef pati, polisye, Pastè, Prèt, pwofesè, responsab dwa mounn, avoka pèp, papa pèp, manman pèp, manb HCT, elektoralis, fo nasyonalis, yo ap touye mounn tout kote nan peyi an, tout kote nan katye popilè yo, ou fèmen bouch ou, ou pa di anyen. Ou pa wè, ou pa tande, se eleksyon ke w ap tann.
Lè se pa Bel-Air, se La Saline, se Pon wouj, se Site Solèy, se Solino, se Ri Sen Maten. etsetera, era. Jodi an se mounn Kafou fèy ki nan kouri, ou pa di anyen. Ou ap tan n gen eleksyon pou w vini rablabla nan zòn sa yo ak yon vye pwogram politik dwat e gòch tou mal fagote.
Politisyen elektoralis se fo nasyonalis. Yo pa gen kè. Yo pa janm la pou pèp lè yo gen pwoblèm. Kòm yo pa gen zye pou yo wè, ni zòrèy pou yo tande sa ki ap pase, donk se konsa ke yo pa gen bouch pou yo denonse enjistis vyolans, abi ki ap fèt sou pèp ki lague 2 bwa pandye nan katye popilè yo.
Kòm elektoralis sa yo toujou ap chache bòn n gras nan men pouvwa anti pèp ki an plas lan, ansanb ak alye li yo nan klas ekonomik e Core Group nan kominote entènasyonal lan, donk yo pa vle kanpe anfas yo pou denonse masak ki kontinye ap fèt nan katye popilè yo.
Donk mwoin ap fini pou n di: tout entèlektyèl, jounalis, Pastè, Prèt, aktivis, militan, chef pati politik, pwofesyonèl tout kategori, si w fèmen zye w pou w pa wè sa ki ap pase la, si w bouche zòrèy pou w pa tande, e finalman fèmen bouch pou w pa pale, konnen ke w se yon elektoralis ki ap tann eleksyon.
Esaü Jean-Baptiste






