OCHAN POU LILIANE

Liliane travèse.
Nou pantan, nou sezi
nou estomake, nou kriye
nou rele, men nou pa moli
Liliane se yon vanyan
ki pa janm pè di verite
menm lè sa mete lavi l andanje.
Vanyan tankou l se wololoy pou libète.
Se pou sa nou louvri yon bèl dra blan
pou nou di l : OCHAN.
Liliane ak diktatè tout kalte
se lèt ak sitwon.
Li fè yo pantan,
li se yon chanpyon
nan denonse aganman
kap fè gran panpan
olye yo fè Ayiti vanse.
Kote Liliane kanpe
Van libète soufle
pou tout malere yap eksplwate,
pou tout fanm yap matirize oswa degrade nan move chante,
pou tout pitit soyèt kap chache avanse,
pou viktim tout kalte
kap chèche Jistis kont abi
pou tout yon pèp kap di :
Otan tèt mato, Otan chalatan
Lè a rive pou chanjman
Mikwo Liliane se bonjan vitamin pou demokrasi,
Se limyè pou moun wè piklè ak je,
Se bay kou bliye pote mak sonje,
Se de je kontre manti fini.
Liliane se yon repiblik zòrèy chak 4 trè
kap chache wout pou Jistis ak Lapè.
Li mete anpil kran pou Ayiti chanje
nan entere majorite
moun kap viv ladan l.
Li pran baton,
yo fèmen l nan prizon,
Li pati an egzil.
Men, tout sa te initil
pou kase detèminasyon l
Liliane batay pou lavi.
Men li mouri anba kèsere
nan yon peyi ki pa gen lasante ,
Batay la pa fini, li fenk kòmanse.
Nan memwa Liliane fòk lit la vanse
Pou Ayiti Liliane te reve a
tounen bonjan reyalite.
Liliane kite yon bèl egzanp kouman yon moun ka sèvi peyi l
san li pa okipe gwo pòs nan leta oswa kowonpi
Mèsi Lilli, ou mèt pati anpè
paske wap rete vivan nan kè n
(Par l’organisation Reouvo Demokratik)






Waw, ala yon gwo teks, yon gwo ochan pou Lili. Chapo ba.
Lili se te dènye nan echantiyon sa- a. Vanyan pat gen tankoul
Ale anpè Lili.