Mach pasifik Souf pou Ayiti, Pari reyisi!

Mach pasifik Souf pou Ayiti, Pari reyisi!

« Ayisyen Nou tout pa koupab, men nou tout Responsab » (Gregory Toussaint)

Marcel P Mondesir

Boukan News, 07/10/2023 – « Ayisyen Nou tout pa koupab, men nou tout Responsab  Pawòl Pastè Gregory Toussaint nan mesaj li apre Mach Pasifik nan nivo mondyal ak leitmotiv : « Souf pou Ayiti ».

Inisyativ reyisi soti Etazini pase Kanada, Chili, Ayiti anba yon flanm Solèy Ayisyen tout kategori epi tout laj pran lari pou di Kominote entènasyonal ak Moun k ap mennen pouvwa nan peyi DAyiti Se pa Posib. Fòk peyi a rale Yon souf. Fòk pèp la rale Yon souf.

E pawòl ki di nou tout responsab la, dwe fè chak grenn Ayisyen kelkelanswa kote li ye poze kesyon sa a: apati jodi y’a lè m soti nan mach pasifik sa, kisa m ap fè ansanm ak Moun ki nan anviwonman m nan pou tout bon sa chanje nan peyi y’a, sa chanje pou pitit peyi y’a?

E sans responsablite sa mesaj la Mach la charye la, mache ak yon lespri pozitif ki pou pèmèt nou ranmase enèji pozitif pou nou aji pi byen toujou.

Mesaj la plen Lanmou ladan l. Li mete sou kote reziyasyon e rayisman chen manje chen ki sèten fwa vle fè nou fouye pwòp twou pou n antere tèt nou.

Li ensiste sou kapasite nou menm menm Ayisyen pou Panse ak Aji nan enterè Kolektivite nasyonal.

Mach pasifik entènasyonal Souf pou Ayiti y’a nan kafou tenten peyi nou an ye la, sanble kou degoutdlo ak gwo mach Ayisyen te fè nan Nouyòk nan lane 80 yo pou te FDA konnen SIDA pa marasa ak  Ayisyen. Konsa 4H ki te yon stigmate pou Ayisyen fòk yo wete vye etikèt sa sou do nou toupatou sou latè.

Mach Pasifik Souf pou Ayiti 9 Jiyè 2023 di Mèt mond yo sitou Etazini, Kanada, Lafrans ak Sendomeng epi tou Nasyonzini(Antonio Guterres) Pèp Ayisyen ki te fè 1804 pa Timoun. Se vye mannèv Divize pou yo menm kapab Sèl mèt bato a (peyi y’a) ak gwo mwayen yo itilize ki fè nou nan eta sa. Se pou koupe fache ak pratik sa yo Souf pou Ayiti reyalize la.

Souf pou Ayiti vin di lemond antye nou vin Wete chenn nan yo antòtye nou ak li pou nou kapab mache nan direksyon nou deside mennen peyi nou nan enterè nou.

Souf pou Ayiti vin di gouvènman Ayisyen an ansanm ak tout opòtinis k ap kore l yo nou pa dakò pou bandi ak kravat gi ap dirije ak remot control voye bandi nan katye nou yo vin vyole, vòlè epi kidnape nou ankò.

Mach Pasifik mondyal sa vin fè lemond antye konnen Ayiti genyen Moun anndan tankou nan dyaspora yo ki anime ak anpil volonte mete ak kapasite marye ak lanmou plis enterè pou byenèt kolektif la pou pran responsablite yo pou tabli yon Gouvènans ki chita sou:

Sans reyèl peyi y’a;

Kilti nou kòm Pèp

Epi

k ap defini yon seri politik piblik Dapre:

Bezwen ak mwayen nan tout sans ak nan tout nivo pou mete politik sa yo an aplikasyon.

Souf pou Ayiti vin di lemond antye nan respè youn lòt e dapre enterè Pèp Ayisyen nou pa fouti kontinye mòd kowoperasyon kote se yo menm ki anwo ap bay lòd epi nou menm anba ap pran lòd epi egzekite 4 volonte mèt blan. Li pa nòmal pou kominote entènasyonal la se li menm ki deside pou kont li kisa ki bon pou peyi a ak pou Pèp Ayisyen. Se yon kowoperasyon ki dwe bati selon vrè bezwen ak reyalite peyi y’a. Koze pou toujou ap konsidere Ayiti tankou Timoun nan dwe fini.

Souf pou Ayiti ki degaje nan Mach pasifik entènasyonal 09 Jiyè 2023 se Premye jalon nan ansanm aksyon ak konpòtman ki ranmase tout Enèji pozitif nan Yon lojik konstriksyon tout bon peyi nou an kote nou pral kontinye fè demonstrasyon  “Nou tout pa koupab, men nou tout Responsab.”

Ayibobo pou Ayiti!

Jou delivrans lan genyen pou l sonnen.

Sonje pawòl lakay ki di:” Ak pasyans n ap jwenn grenn banbou.” Genyen Moun tou ki di: Ak pasyan n ap jwenn trip foumi.”

Nou pral pwouve lemond antye sa.

Marcel Poinsard Mondésir, agwonom

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *