Pèp Ayisyen: mizè ap galope, dola ap pèdi pye, kouman nou konprann sa?
Boukan News, 07/03/2023 – Laboujwazi pouki n ap tòtòt pèp la konsa? Ki sak fè otirite Leta ansanm ak politisyen yo pa janm di yon mo nan lamizè pèp la?
Nou kontinye ap pran pataswèl. Nou kontinye ap pran nan konplo boujwa patripòch. Nou kontinye ap sibi mesaj dwatgòch ekonomis soumi ak gouvènman tyoul /restavèk sou jwèt Yoyo Goud vs Dola. Nan jwèt marèl sa ou ta di domino a toujou genyen mi. Paske nenpot fason ou vire kesyon an, pèp la toujou pèdan. Atoufè yo toujou leve tout bon Zo yo.
Kouman nou konprann koze sa, chak jou dola ap grigole desann, pandan chak jou tou pri pwodui yo sitou sa pèp la plis bezwen pou l viv yo ap grenpe monte jouk kite tèt katedral.
Mwen konnen ekonomis tyoul sistèm nan, les chiens de garde ap vin di nou, pwodiksyon nasyonal la kite estad kwachòkò pou l tonbe nan estad anemi total tèlman, sitiyasyon an grav. Tout machin pwodiksyon an kanpe nan kelkanswa sektè ou antre.
Si nou pran sektè agrikòl la, li pa fouti bay 40% popilasyon an manje. Malerezman nou pa gen posiblite pou genyen bon jan chif sou volim pwodiksyon kit viv (yanm, patat, bannann…) kit grenn tankou(diri, mayi, pitimi…), legim, paske ”’Biwo Estatik Ministè ya” pa gen mwayen pou l mezire kantite pwodui ki sòt nan jaden yo. Menm sou baz espererimantal nou pa fouti bay okenn Chif akòz absans ankadreman peyizan. Epi ti jefò ki te konn fèt nan domèn sa, anpil fwa se lajan yon pwojè mesye leblan pou n pa di USAID ki te pèmèt sa.
Sèl fason nou kapab apresye pwodiksyon an, se sa je nou ba n nan divès mache peyi ya marye ak rèl peyizan yo plis grangou an ki kaye tout bon ki fè n konnen sitiyasyon an grav pi mal pase aksan grav.
Fòk nou di tou ”Kowòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA)” kontinye fè yon travay evalyasyon kote li prezante tablo kouman grangou a repati nan divès zòn sou tout tèritwa Repiblik la. Konsta a tris anpil.
Pwoblèm ensekirite jeneral la jwenn ak koze razè ya (pa gen lajan, okenn opòtinite kredi pou sektè agrikòl la) plis absans total Ministè Agrikilti sou plan ankadreman teknik ak apwi nan entran (zouti, semans, dlo pou irigasyon…) fè rekòt yo diminye anpil pandan kantite bouch pou bay nan peyi ya manje ogmante.
Nan lòt domèn yo se menm konsta, ekspòtasyon nou diminye nèt. “Aktivite sou tretans” la bese. Konsa pa gen mwayen vre pou patwon yo, flibistye yo jwenn dola pou fè kòmand.
Kesyon n ap poze ekip tyoul sa yo, ki ta vle pran nou tout pou sèvèl poul, sèvèl wòwòt pandan yo menm yo kanpe ogadavou pou defann patwon yo, sangsue yo,
Kiyès moun ki toujou ap tire fisèl yo?
Kiyès moun ki genyen kontwòl swadizan Gouvènè BRH la? Poukisa se pèp la ki toujou ap foule? Se yon verite li ye. Pri pwodui yo, pa janm swiv okenn bès/diminisyon menm lè dola pèdi anpil pwen sou goud la.
Nou tout nou konnen fòmil la: nan peyi Dayiti se sèl drapo ki monte a 8:00 nan maten epi yo desann li a 5:00 nan apremidi. E dapre obsèvasyon anpil moun fè genyen kèk tan menm drapo a yo pa desann li ankò a 5:00 nan apremidi. Li rete kwoke nan Ma pou anpil tan. Van ak lapli tèlman maltrete drapo yo, yo chifonnen tankou figi anpi nan nou. Si yon etranje ta di nou nan anpil biwo Leta drapo a sanble ak vizaj Pèp Ayisyen an, nou pa gen pou n estomake. Nou pa gen okenn Lwa Grann Guyton ak Lwa Dessalines ki pou danse nan tèt nou, paske se yon verite.
Kisa ki kapab esplike Dola ap pèdi pwen sou Goud la nan moman sa?
Ministè Komès, Bank santral, ekonomis tyoul yo ansanm ak tout gouvènman Akò, Akòkò, Dezakò, madanm Mirlande Hypocrite Manigat prezidan HCT ansanm ak Laurent Saint Cyr represenzan boujwa patripòch yo nan estrikti sa Poukisa tout pwodui pèp la ap achte rete disètwotè, pa gen yon iota ki soti sou pri yo. Nou admèt pou pèp la toujou rete chwal papa, nou dakò pou nou kontinye ponpe lajan, kontinye chire pòch malerèz ak malere pou gwosi fòtin patwon nou ak pou ogmante komisyon nou. Sa nou sanble bliye kreyon pèp la pa gen gòm. Listwa ap toujou fè n sonje se nou menm ki fasilite epi ki pèmèt boujwazi patripòch la/flibistye yo kontinye ap peze kou, ap tòtòt Pèp Ayisyen an konsa.
Sa nou konnen, sa n ap sibi, sa n ap viv: Dola ap grigole desann, pri pwodui yo menm ap hisse monte pou kite tèt katedral.
Marcel Poinsard Mondésir






