DEZOBEYISANS SIVIL, NOUVO ZOUTI BATAY NOU!
Ayisyèn ak Ayisyen anndan tankou nan tout Dyaspora
Nou leve
N ap kontinye viv
E nou dwe kontinye viv
Pa nan nenpòt kondisyon
Pou sa
Fòk genyen
Yon revèy total kapital
Fòk tout moun ki pa dakò
Ak mòd lavi sa
Y ap benyen ladan l lan
Manifeste Kòlè yo
Fòk tout moun
Ki kwè moun
Pa dwe viv nan kras Konsa
Fòk nou Revòlte
Tout moun ki
Wè Leta sa pa itil anyen
Okontrè se toufe l ap toufe n
Aksyon an se:
Dezobeyisans sivil
Pou fèmen vann tout kote gouvènman enkonsyan, ensousyan, san koutya sa ap pran lajan sou nou.
Nou pa dwe peye okenn Redevans ak Leta a
An nou koupe tout
Sous rantre yo
Depi nan DGI
Pase nan Ladwann
Pou rive nan tout lòt espas
Kote Leta parazit sa
Ap fè aspirasyon
Ap fè ponksyon
Ap koupe pòch nou.
Ayisyèn ak Ayisyen anndan tankou nan tout Dyaspora
Se pou n antre nan
Dezobeyisans sivil la
Pou n montre
Ekip gouvènman Ariel Henry a
Ki sw senbòl Leta parazit la
Nou fout bouke
Ak yo paske
Sèl sèvis yo ba nou
Se bâton, kidnapping, Grangou
maladi.
Se pou n antre nan Dezobeyisans sivil la
Pou n koupe tout sous
Kote ekip Gouvènman sansi
Ariel Henry ak
HCT madanm
Mirlande Hypokrit Manigat
Ak ekip Akò, Akwòkò Dezakò
Ekip Krizokal
Edmonde le Supplice Beauzile
Ensousyan Rosemond Pradel
Hébété alkolik Alex Larsen
Zaboka pouri gra pi mal pase chat kay Monseyè André Michel
Fiyèt lalo Rosemila Petit-Frère
Caméléon Sorel Jacinthe
Tipretansye Jean Tolbert Alexis
Ekip boujwa rapas ak
Laurent Saint Cyr nan Tèt yo Manb HCT ansanm ak tout Anti Chanb(ADIH, ACHAM…) k ap souse dènye goutte sang nou.
Dezobeyisans sivil la dwe pi gwo zouti batay nou kont tout antipatriyòt, antinasyonal, anti Pèp sa yo.
Depi yo pa kapab vòlò y ap blije fè bak. Paske ekip bandi legal PHTK3ième vèsyon sa yo pa gen okenn lòt fonksyon y ap regle nan tèt pey y’a.
Marcel P Mondesir






