Nòt Konjonkti Initiative Patriotique Marien (IPAM)

Limonad 24 Jen 2023,

Nòt Konjonkti Initiative Patriotique Marien (IPAM)

Boukan News, 06/26/2023 – Patriyòt pa gen dwa rete bwa kwaze! Ayiti an danje! Oligak  kontrebandye, politisyen raketè ak konplisite Kò Gwoup  lage peyi an nan yon  katastwòf san parèy. Yo deside  jwe tout ti vis pou renouvle sik kawo a, epi  kenbe sistèm gwo vale piti a tennfas. Inisyativ Patriyòt Maryen (IPAM) kwè li nesesè pou tout pitit peyi a ki pa gen grenn zanno kay òfèv leve kanpe pou batay kont malè pandye sa.
IPAM kwè konba tout patriyòt jodi an, tout pwogresis dwe chita sou ansanm pwen fondamantal sa yo:
1. “Kesyon Sekirite”: Popilasyon an dwe kontinye òganize brigad vijilans pou pwoteje tèt li pou l sispann pitimi san gadò. Brigad nan tout rakwen peyi a se zouti efikas pou kwape bandi, asasen, kidnapè, boujwa kriminèl, ofisyèl ak soubreka pouvwa tèt kale Ariel Henry a. Se an menm tan remèd ki pi efikas pou kaba fenomèn ensekirite a devan konplisite leta.
2. “Grangou, Mizè ak Krim Ekonomik”: Mobilizasyon san pran souf kont oligak kontrebandye, pouvwa Aryel la, politisyen raketè ak tout sipòtè yo nan kominote Entènasyonal la  ki t ap  ede yo defilfare lajan leta pandan mas pèp la ap viv nan malsite. Malgre gaz desann sou mache entènasyonal, l ap vann tèt nèg nan peyi an, epi boujwa kontrebandye ap kreye rate atifisyèl pou fè mache nwa.
3. “Gouvènans ak Tranzisyon Koupefache” : Òganizasyon k ap goumen kòtakòt ak mas yo dwe travay pou n ranfòse estrikti ki pèmèt yo jwenn  solisyon pou retire peyi a nan katchouboumbe pouvwa delenkan Aryèl Henri a. Pa gen wout pa bwa, sèl yon Tranzisyon Koupe Fache kapab mennen n sou wout devlòpman dirab. Nan mitan n pa fèt pou gen trèt.
4. “Sanksyon Entènasyonal” : Sanksyon divèsyon pa dwe vire lòlòj nou pou n sispann batay. Se anba je entènasyonal la yo defilfare 2.3 milya  Petro Karibe, Bidjè Leta nan Dwann, DGI, APN, Fon Paspò,  Kowona, elatriye…. Se ansanm ak yo  Bill Clinton defilfare  14 milya dola CIRH.  Si sanksyon yo te pi serye, kòwonpi tout plim, tout plimay t ap vole gagè, paske lajistis t ap mache sou yo. O kontrè, Oligak yo, alye Kidnapè yo vin pi awogan,  yo kontinye ap salopete peyi a nan menm lojik apre nou se nou an.
5. “Masak KODEVI nan  Wanament”: Ouvriyèz ak ouvriye KODEVI dwe  pwoteje tèt yo pandan y ap devlope kapasite pou defann dwa yo. 2 ouvriye ak yon timoun tonbe, san pèp la koule kou laviday. Se twòp atò! Fòk lakwa sispann plante kay pèp la. Anplis, pandan Pwopriyetè KODEVI  ap itilize metòd gwo ponyèt kont ouvriye, yo pwofite fè dappiyan sou tè peyizan  akote  Pak KODEVI nan Pitobè. Se menm tray peyizan nan Nòdès anba grif Oligak nan Pòtoprens ki  poze lapat sou tè nan rejyon depi avèlman rejim Tèt Kale yo.
6. “Enjerans Etranje”:  Batay la dwe kare kont enjerans Anbasad Kò Gwoup yo ki pa  sispann imilye ayisyen. Nan lonè ak respè, nouvo dirijan responsab dwe tabli bon jan koperasyon ak tout peyi pou kwape modèl Koperasyon charite sa k ap ranfòse lamizè. Yon koperasyon efikas dwe bay jarèt ak envèstiman pwodiktif, epi bon jan politik piblik nan sante ak edekiasyon ki se  prensipal zouti devlopman.
Pou yon Ayiti politikman estab, ekonomikman pwospè, sosyalman ekitab, IPAM mande san pran souf inite nan mitan tout fòs pwogresis peyi an pou n retire l anba grif Aryel Henry ak konplisite BINUH ak Anbasad Kò Gwoup yo.  Se konsa n ap  kapab rive  mete yon bout nan kriz la pou yon veritab tranzisyon koupe fache.
IPAM, pou yon sosyete san fòs kote!
_________________________            _________________________
                 Hugue CELESTIN                                           Jean Baptiste BIEN AIME
                        Kòdonate  Nò                                                 Kòdonatè Nòdès

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *