Yon lòt krim ensanse sou yon pitit Tibiwon, yon sèvitè nasyon an, Polisye Kempès Bélizaire!

Yon lòt krim ensanse sou yon pitit Tibiwon, yon sèvitè nasyon an, Polisye Kempès Bélizaire!

Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 06/21/2023 – Popilasyon Tibiwon ap poze polisye Pierre Josué kesyon sa yo:

– Poukisa li chwazi wete lavi Kempès Bélizaire apre 14 lane sèvis nan PNH la?
– Èske te gen yon pwoblèm ant Kempès Bélizaire ak Josué Pierre?
– Èske degene zam nan se pi bon mwayen Josué Pierre ta kapab rezoud pwoblèm nan?
– Josué Pierre kouman w santi  konsyans ou nan moman sa a, lè w konnen ou detwi lavi fanmi ak paran Kempès san nou pa pale de tout lòt moun Kempès te gen relasyon ak yo?
-Josué Pierre eske se paske w konnen dra enpinite a ap kouvri w,  konsa, sa ba ou dwa elimine lavi yon sitwayen, yon papa, yon pitit, yon sèvitè nasyon an?
– Josué Pierre kouman ou konprann deviz PNH la ki se: “pwoteje ak sèvi” ?
Pèp ayisyen an jeneral, kominote Tibiwon an patikilye kote kòd lonbrit Kempès Bélizaire plante kwè  wap reponn ak tout konsyans ou kesyon sa yo, paske yo vle konnen vrè rezon ki pouse w retire zam ou degennen l sou Kempès Bélizaire pou w ekzekite l ak yon bal dèyè tèt li.
Ki moun ki Kempès Bélizaire kominote Tibiwon ap reklame jistis pou li nan yon premye tan, nan men Enspeksyon Jeneral la ki chaje pou mennen ankèt epi voye dosye ya bay Komisè Gouvènman pou lajistis fè chemen l?
 Bruno Bélizaire ak madanm li Ersilia Souverain gen plis pase 40 lane y ap viv ansanm. Konsa yo genyen 9 pitit. Kempès se twazyèm lan. Tout moun konprann ki pwofondè doulè lè se paran k ap antere pitit. Sikonstans lanmò sa a ranfòse doulè manman ak papa Kempès paske se nan telefòn yo aprann nouvèl lanmò pitit gason yo.  Yo Pa gen tan pou ba li yon te.
Menm jan Kempès pa gen tan di madanm li Cherly Cadet Bélizaire ak 3 pitit li yo : Anne Jotha Ditchly 10 zan
Anne Nidjly Kimberly 9 an ak Evander 3 zan okenn pawòl. Rezon an senp, Kempès p at malad, ni li p at fè aksidan.  Senpman polisye Josué Pierre sèvi ak zam li pou etenn souf yon flè lespwa ki te kòmanse anbome kominote lakay li ak pafen lavi.
Tankou anpil lòt timoun nan jenerasyon l, Kempès te frekante lekòl Notre Dame de Fatima pou premye ak dezyèm sik fondamantal li.  Apre, li te travèse nan Lise Romenus A. Romain pou twazyèm sik la.  Pou Klas Imanitè yo (3ième -Philo), Kempès te blije kite Tibiwon pou Okay, chèf lye depatman e se nan Centre de Formation Technique des Cayes (CFCT) li te fini etid segondè l.
Men youn nan dènye aksyon sitwayen Kempès Bélizaire Josué Pierre manje tou kri pou nou menm Tibiwon. Se Samdi 17 jen an mwen te nan konvèsasyon ak li sou koze sekirite lakay nou Tibiwon. Nou t ap reflechi ansanm pou n wè ki demach nou kapab fè pou fè responsab depatmantal  PNH la nan Okay pran responsablite yo paske bandi achte kominote a lajan kontan.
Tankou anpil komin nan peyi ya, sitou depi w pi lwen sant pouvwa ou soufri plis ak mankman estrikti Leta yo. Nou menm nan Tibiwon ki se dènye komin depatman Sid la, nou toujou ap poze tèt nou kesyon si Leta egzite vre kit nan aspè regalyen, kit nan aspè sosyal li.
Depi anviwon yon lane pòt tribinal la fèmen nou pa konnen poukisa. Nou pa fouti sonje chak ki peryòd Jijdepè komin Zangle a vini pou trete kesyon jistis yo. Nou kapab konprann si pat genyen yon veritab tèt ansanm, yon veritab viv ansanm nan mitan popilasyon sa a ki kantite krim yo t ap anjeristre.
Pou lapolis ki se Oksilyè lajistis, konbyen moun Tibiwon ki kapab di ki kantite polisye ki genyen nan komin nan. Menm premye sitwayen nan vil la pa konnen. Paske, se tanzantan yon grenn polisye parèt figi l nan kominote ya. Nou kapab konprann poukisa bandi achte zòn nan lajan kontan.
Nan sousi pou rezoud pwoblèm absans polisye akòz mwayen yo pa genyen, Kempès Bélizaire, “policier de son état” te pran sou responsablite l ansanm ak kèk sitwayen nan Kominote y’a   fè yon Kèt zoban pou te kolekte lajan pou pèmèt reparasyon yon machin   PNH pou vil la.
Konsa, li menm ak majistra te remèt 125 mil goud bay Administratè Depatmantal PNH la pou machin nan. Rès lajan li te achte lòt materyèl pou sèvis machin nan. Nan politik machiavélique yo, apre reparasyon machin nan Direksyon Depatmantal Sid PNH la chwazi afekte machin nan a yon lòt Komisarya. Se yon mannyè pou ta fè lese frape, chire pit ant Tibiwon ak lòt komin yo.
Nan sousi ak volonte pou pèmèt kominote ya sispann soufri anba men bandi san fwa ni lwa yo e toujou nan lespri deviz PNH la, polisye Kempès Bélizaire tap chache lòt bourad pou mande responsab yo kote machin moun Tibiwon fin depanse pou repare ya. Konsa, ansanm ak kèk lòt sitwayen, vandredi 16 jen an, mwen resevwa yon apèl osekou sou kesyon sekirite lakay mwen Tibiwon. Polisye Kempès mwen pale ak li premye fwa di kouman ou kapab ede nou rezoud pwoblèm sa.
Se konsa, li banm tout detay sou depans lajan ak kontak li fè bò kote otorite yo. E li pa janm jwenn okenn repons. Mwen di polisye a ansanm ak majistra nou pral fè yon lèt tou louvri pou CSPN iresponsab la, pou n mande yo èske yo livre Tibiwon tout bon vre bay bandi.
Nou kapab konprann kouman tout trip mwen koupe
lè Majistra Remiza rele m lendi 19/06/2023 bò 5è nan maten pou l aprann mwen kouman Josué Pierre, yon polisye ki afekte nan komisarya Pòsali a e ki pat de sèvis jou sa a, asasinen lachman Kempès, frèdam li ak yon bal dèyè tèt.
Kisa kominote Tibiwon an fè Josué Pierre ak CSPN nan pou y ap fè nou kriye konsa?
Ki responsablite Leta nan lanmò Kempès la?
Ki moun k ap vin pote popilasyon Tibiwon an sekou kont bandi yo?
Moun Tibiwon ap di otirite peyi Dayiti, Kempès Bélizaire pap pase nan pèt e pwofi, ni nan fòmil lapidè “l’enquête se poursuit” a. Nou egzije pou fanmi Kempès ansanm ak pou kominote Tibiwon an, ke Enspeksyon Jeneral PNH la lanse yon ankèt dapre tout nòm ak metòd pou rive fè limyè sou krim san parèy sa. Fòk la verite blayi e la verite ap blayi.
Nou swete ankèt sa pèmèt nou dekouvri tout mekanis ansanm ak machin k ap manje pitit peyi a konsa, sitou sila yo ki anbrase deviz PNH la ki se:”pwoteje ak sèvi”.
Kominote Tibiwon an ann fè youn ak fanmi Kempès pou n rache jistis la. Se nan kondisyon sa sèlman n ap kapab fè dèy frè nou, pitit nou, fanmi nou, zanmi nou.
Kempès Bélizaire ou mèt ale  nan lapè paske san w pap koule pou granmesi. Se pou kadav ou pèmèt enpinite a kaba nan peyi dAyiti.
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *