LOVANA, BÈL NÈGÈS
“Lovana, w a prete m batwèl la
Souple pou m ale lave.
Se lave, mwen pwale lave, Lovana,
M poko rense”…
***************
LOVANA, e kò a konmè?
Yo di m ou gen anpil doulè,
Men sa pa anpeche ou ale larivyè
Pou w lave, rense e fè gason chèlbè.
Menm si w ap soufri nan kè,
Kouray ou fè tout moun bèbè.
Ou s’on boul pik. Ou ka malerèz,
Men ou pa janm fanm paresèz
Paske ou lesivyèz, repasèz e lamanjèz…
M santi m ta tounen yon chèz
Twa plas pou w te ka repoze kò w alèz,
Makomè, menm jan ake Blèz.
Lovana, ou se yon bon fanm kreyòl.
Sou Tè a, Bondye ba w jwe anpil wòl:
Nan bon tan, ou chante kon rosiyòl.
Nan move tan, ou pwoteje kon yon parasòl.
M fou pou bouch la paske i ron kon bòl;
M anvi kole ake w menm jan kou ake kòl.
Karès a w pi dous pase siwèl;
Lang a w pi sikre pase siwo myèl.
Gangans a w fè Manzè lakansyèl
Taye banda-kalenda nan syèl.
Lolo, se pa de bèl non ou pa bèl.
Cham ou, ayayay! se yon modèl.
Klète je w briye pase larenn Solèy.
Ou fè m gaga tèlman ou s’on mèvèy!
Vava, Nana, tanpri, resevwa kobèy
Sila ki chaje ak yon ribanbèl flè ak fèy.
Gade non! M dekore yon gwo fotèy
Pou m ka ba w yon flanm akèy…
——————————–
Rejinal Soufran
27 me 2017





