Operasyon “Bwa kale” dwe monte sou Operasyon wete trip mete pay

Massachussetts, USA, 05/27/2023 – Nan Kafou tenten Ayiti ye la a ak yon bann bandi, yon bann fo demokrat, yon pakèt mouch avè nou blije ap chache konprann, chache sa k ap fèt, pou n soti tout bon vre nan Operasyon wete trip mete pay Ayiti ap sibi depi li te kase ak san pitit li yo chenn lesklavaj la.
Lè n konsidere degre mechanste lakay entèlektyèl opòtinis ansanm ak machann mikwo yo, demach pou detounen lespri moun nan peyi a ap vin pi fò chak jou.
Paske lè nou wè nan koulwa tòtòt lespri moun ak yon bann koze gòchdwat dwatgòch Ayiti twouve l la;
Nan tranche san fen kote akouchman pa fouti fèt natirèlman. E, sanble, se pa nenpòt ti kout bistouri k ap kapab fè sezaryèn nan fason Ayiti ye la a. Alewè pou Fanm Saj/matwòn nou yo, menm lè yo chaje ak eksperyans;
Nan operasyon jwèt bakara kote twa (3) koupe las, kote tout kat yo doye;
Nan moman kote kriz la blije dezabiye anpil moun pou fè popilasyon an konstate yo vann nanm yo ak vant yo pou yon plat manje ak kèk fèy goud;
Nan mikmak, manje ranje sa a kote mask demagoji, woulemdebò ak kostim fo demokrat yo ap dechire pak an pak sou anpil moun. Yo tèlman pèdi lakat, yo tounen pèwokè. Y’ap depale nan tout radyo kote youn ap avili lòt pou longè malpwòpte ak zak koripsyon yo reyalize ansanm sou do peyi a.
Nan moman verite sa Ayiti twouve l la kote madigra yo mete kò yo deyò pou fini ak nou tout bon vre lè yo sèvi ak tout zouti k ap wete lavi Inosan : ti bebe, fanm ansent, moun andikape, elèv lekòl. Yon operasyon destriksyon pwenn fè pa;

Nan toubiyon kote Ariel Henry ak tout sa k sanble l yo/marasa parèy li yo : Mirlande Hyppolite Manigat, Laurent Saint/Cyr, Calixte Fleuridor, Edmonde Le Supplice Beauzile, Sorel Jacinthe, André ak Marjorie Michel, Jean Tolbert Alexis men nan men ak boujwa kowonpi, Core Group lage peyi a, n ap mande :
Kisa fòs pwogresis yo ap regle, kouman y ap ede pèp la asire defans li kont tout mikwòb destriktè sa yo;
Èske tout moun ki pou Ayiti yo, ki dakò pou Ayiti rete doubout deside tout bon vre fè bèk atè devan antipatriyòt ki vann nanm ak vant yo pou kèk fèy goud ak yon plat manje tankou nou viv sa nan Woumble HCT a sou ensekirite a.
Li klè pou nou tout pi gwo pwoblèm ensekirite ki t ap diskite nan Woumble Karibe a e ki jwenn solisyon se ensekirite vant ekip HCT ak tout parèy li yo. Imaj yo pwouve sa klè.
Ayisyen yon lòt fwa Kote nou?
An nou leve kanpe ak Operasyon « Bwa Kale » a. Pou nou soti nan Operasyon wete trip mete pay tout sila yo, san vègòy yo, san trip yo, ap fè ak Ayiti la.
An nou pa pran nan pèlen machann mikwo yo, entèlektyèl opòtinis yo, k ap fè nou konprann Operasyon Bwa Kale pou elimine tout dechè, tout fatra k ap anpeche Ayiti pran wout pwogrè se zak baba, se aksyon ki pa siye kole, ki pa mache ak sa “les gens de bien”, “les personnes civilisées”, defini tankou “la modernité”.
Koze sa yo, se pyèj entèlektyèl defwoke ak machann mikwo tann pou detounen lespri nou sou vrè batay la epi tou pou fè nou konplekse, fè nou rayi tèt nou ansanm ak orijin nou. Se yon lòt fason pou yo tòdye Listwa nou kòm pitit pitit Bosal yo.
Nou kapab poze yo kesyon sa yo tou :
Èske « civilités » se demounize Moun?
Èske « civilités » se aksepte bandi legal yo, akolit li yo ak sendika Core Group kontinye senyen nou nan mwèl nou, kontinye wete trip nou pou mete pay?
Pou nou Operasyon « Bwa kale » a se Operasyon pou fè nou pran wout ledikasyon kòm zouti prensipal pou devlopman, paske l ap pèmèt nou fòme Ayisyen k ap vin defann enterè Ayiti anvan tout lòt.
Operasyon « Bwa Kale » se Operasyon k ap fè nou pran wout lajistis kòm enstriman k ap mete nou tout kanpe sou menm mach nan eskalye lavi a, k ap fè n konnen tout Ayisyen se Ayisyen. Se Operasyon k ap fè nou koupe fache ak moun anwo, moun anba. Moun lavil, moun andeyò.
Wi Nou dwe montre tout atachman n, tout filyasyon nou ak Operasyon Bwa kale a nou konsidere tankou Operasyon Bwa Kayiman pou akouche Dezyèm Endepandans lan.
Tout trèt yo dwe jwenn santans yo merite apre lajistis fin koresponn ak yo.
Marcel Poinsard Mondésir





