Tolbert Alexis dezonore fyète moun Okap ak 500 goud!
«Lajan o, a la yon mal nesesè. Isiba pa gen klas o, se lajan k konte o, pou ki sa n pa wè sa» ( Timanno)
Massachussetts, USA, 05/19/2023 – “Lajan o, a la yon mal nesesè. Isiba pa gen klas o, se lajan k konte o, pou ki sa n pa wè sa”, se konsa ti Manno te konn chante pou denonse koripsyon nan peyi Dayiti nan ane 1980 yo.
40 tan aprè, a la chante Ti Manno ta chante jodi an, si li te la pou l te temwen aksyon malonèt e dezonorab ansyen depite, onorab komin Kwadèboukè an te fè nan vil Okap nan jounen 18 me an, fèt drapo peyi an, pi gwo senbòl fyète pèp Ayisyen an.
Tolbert Alexis est l’ ATM distributeur des 500gdes au Cap-Haïtien. C’est le prix d’un homme de Moïse Jean-Charles pour que Tolbert Alexis puisse acheter la paix des militants du Parti Polititik Pitit Desalin (PPPD). Moïse Jean-Charles likide militan l yo bay Ariel Henry e se Tolbert Alexis ki te gen responsablite peye yo.
Kounye an, kesyon an, nan tout kòb sa onorab lan te gen nan men l pou l fè zak dezonorab sa, se konbyen ki rete pou li ansanb ak fanm dominikèn ki nan men l lan. Chalmas, ala kote gen koze papa. O, misye sa, se ki wòl li jwe nan finans peyi an? Se kiyès li ye menm? Kote entitisyon yo rele ULCC an?
Kostim blan, pantalon blan, chemiz blan, ou pa ta di yon pòy sigarèt Mantole ki limen nan 2 bout. Vil Okap o, a la kote w wè chaloska, maskarad mal maske k ap fè moun pè anba gwo solèy mwa me.
Ou pa ta di tou se yon penp nan youn nan ansyen bòdèl sou wout Kafou an ki finn bwè 2 gwòg. Epi pandan tyoul lan sou kou pipirit, li tou ap simaye 500 goud pou fè moun dodo epi rive bliye move sitiyasyon mizè y ap biv melanje ak yon ensekirite ki blayi kò l nan tout peyi an.
Ala istwa papa. Ayè 18 me nan vil Okap, komedyen tout move akò akwòkò yo te an aksyon. Men longè mouche an ak yon fanm panyòl bò kote l. Li santi l fyè. Ou pa ta di se yon nèg ki ap eseye vanje ras lan. Onorab lan santi l jennjan. Li santi l macho. Li santi l bòzò.
Devan pòt tounen dèyè kay. Vil Wa Anri Kristòf lan tonbe atè plat. Pandan tan sa, chat te pran lang lidè kòman l rele an. Nan zafè jiskoboutis lan, ki se te pwòp zafè pa l, men kote li rive mennen kapwa yo. Tankou Tripotay lakay ekri “Alòske drapo an monte byen wo nan Kap Ayisyen, pri milian yo desann. Li sòti nan 1000 goud li tonbe nan 500 goud.”
Nan sans sa, si pa gen anyen ki fèt pou voye mal pou wont sa yo ale, retire manje ranje sa yo nan figi moun, pou selebrasyon Vètyè 18 novanm ane sa nan Vil Okap, gendwa se 100 goud onorab lan ap gen pou bay militan yo.
Anatandan nou rive la, mwen ap fini pou m di, se vre ULCC pa t ap k ab verifye si onorab lan pat gen yon kalson wòz anba pantalon blan li an, men Òganis Leta a ta dwe rele onorab Tolbert Alexis pou l vinn bay plis esplikasyon ak pil 500 goud sa yo li t ap distribiye yo?
Le pèp, men kouman Ariel Henry a ak tout parèy li tankou ekip Wo Konsèy Tranzisyon (HCT) yo ak Madanm Mirlande Hyppolite Manigat (Mannigèt) sal drapo peyi y’a nan Vil Henri Christophe la. ULCC jwèt pou ou. Paske pita k ab pi tris.
Marcel Poinsard Mondésir






