An nou ba Ayiti yon kout men pou l k ab gen yon demen.

An nou ba Ayiti yon kout men pou l k ab gen yon demen.

Esau Jean-Baptiste
New York, USA, 04/27/2023 –Sa fè lontan ke batri Ayiti dechaje. E se sa k fè ke l pa k ab demare. Pou Ayiti k ab gen yon demen, li bezwen yon gwo kout men de tout pitit li yo.
Sa fè lontan ke Ayiti nan garaj yon ban n ak yon pakèt mekanisyen abolocho, machoukèt ki ap eseye manyen, touche tout pyès ki nan machinn lan pou fè l pati. Malerezman, yo pa konnen sa ke yo ap fè, donk machinn lan pa k ab bouje.
Chak jou ki pase, po machinn lan ap dekale. Ki vle di, li ap pèdi tout frechè, tout bèl koulè ke l te genyen. San konte pyès ki ap wouye. Donk, machinn lan ap devalorise.
Pandan tan sa, ou tande, stat, bal gaz, pouse, an n eseye demare, se toujou pawòl tout mekanisyen ki ap travay nan garaj lan. Men, pandan tout pale fò sa yo, bòs ki an chaj garaj lan poko jan m ka wè ke se batri machinn ki rele Ayiti an ki dechaje.
Se batri Ayiti ki bezwen rechaje. E pou Ayiti k ab gen yon demen pou ti mounn ki ap vini yo, li bezwen yon gwo kout men de tout granmoun n jodi yo.
Gen anpil ayisyen andedan tankou andeyò peyi an ki gen kab nan men yo e ki ap tan n pou yo bay Ayiti boustè pou rechaje batri l. Sa w tande an, aprè yon ti tan, voum, kavoum, yon sèl kout kle, Ayiti te ap demare.
Tou pil ayisyen sa yo se ekspè yo ye nan zafè motè, transmisyon, radyatè, estatè ak tout lòt bagay ki nan yon machinn ki rele Ayiti an.
Se ki vle di: Depi machinn lan fin n demare, youn ladan yo ap pran volan lan, epi li ap konnen sa pou l fè pou fè machin n lan pran bon direksyon ki ap mennen l nan chemen estabilite ak devlopman.
Li ap konnen ke gen pasajè nan machinn lan ki pa k ab pran move sekous, donk nan sans sa, li ap fè tout efò pou l evite tout obstak ak tout move wout pou l k ab pa lague machinn lan nan pil gwo twou ki gen nan la ri an.
Depi anba tant nan Palè nasyonal, chofè an ansanb ak tout ekip teknisyen li yo ap gen pou sonnen kòn n lanbi rasanbleman an pou mobilize ayisyen nan tout kò peyi an tankou nan Nò, Sid, Lès ak Lwès etsetera.
Konsa, sa yo ki an Ewòp, Amerik, Lafrik, tout kote nan rès mond lan ap gen anvi retounen vinn pote kole nan konbit gwo rasanbleman pou devlopman sa.
Wi, pou Ayiti kab gen yon demen pou timoun kap vini yo, li bezwen yon gwo kout men patriyotik pou rechaje batri l ki pa gen chaj. Ki se yon chaj de motivasyon. Yon chaj de konsyans.
Sonnen lanbi rasanblreman an, youn di lòt, pandan ke bandi yo ak volè yo ap gen pou fè wout Penitansye nasyonal pou yo peye pou kri m vòl, vyòl ke yo te fè, men nan men, an n bay Ayiti yon kout men pou l kab gen yon demen.
Kò m koze an di: men anpil chay pa lou. Donk, nan respè youn pou lòt, pou yon demen miyò pou timoun ki ap grandi yo, Ayiti ap bezwen tou, yon bon kout men de bon zanmi ke li genyen nan entènasyonal lan.
Pwofesè Esau Jean-Baptiste
Photo:www.lejournaliste7.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *