An’n etidye listwa.

Jacmel, Haiti, 04/18/2023 – Le 17 avril 1961, sou desizyon prezidan Ameriken Eisenhower e apwobasyon John Kennedy, 1,400 exilés cubains (avèk lojistik lame USA) débarquaient dans la baie des cochons, sur la côte sud de Cuba… ce fut un échec total.
Se nan journal ‘Le Monde/France nou pran ekstrè sa a. Men sa nou-menm Ayisyen, eritye papa Desalin pou nou konprann. Etazini pa reflechi kòm kwa ou pa renmen’l.
Yo pa gade pou wè èske ou ret nan patiraj ou san’w pa menase ekzistans yo. Yo pa bezwen konnen si’w pa anmède yo. Sèl bagay yo bezwen klè se : èske ou pare pou fè sa yo di’w fè; pou’w ekzekite kat volonte yo. Kijan sa rele ?
Etazini fè 638 tantativ pou touye Fidel Castro. Mezanmi oooo, nou tande koze. Nou se Ayisyen, nou konn sa n’ap pale, e nou pap bliye. Yo debake an Ayiti an jiyè 1915, yo imilye, menase, choute Rosalvo Bobo.
Pi devan yo asasinen Chalmay Peralt. Yo fè peyizan yo an Ayiti tout kalte abi. Dayè majorite militè fòs okipasyon se ti blan rasis ki te soti nan Sid peyi Etazini kote esklavaj la te pi sanginè.
Lè an 1934, yo fin pran tou sa pou yo pran; yo fin klase sa pou yo plase yo leve, yo ale, yo kite dèyé youn lame kriminèl kraze zo. Koulyea nou an 2023, ki sa’k chanje ? Epi ki sa’n dwe fè ?
Nan konsepsyon, Etazini anyen pa chanje, sitou vizavi Ayiti. Nou pa ka bliye 1er janvye 1804, yo te di nou non! Menm anbasadè Ayisyen nwa yo pat aksepte. Ni konsil ni ajan komèsyal.
Mwen te gen prèv kijan bouch Helen Lalime e Mme Sison te konn nan zòrèy Martelly e Jovenel PHTK. Men… Erezman mond la ap chanje. Pi rapid nou pa ta vle kwè. Fò’n pa dekouraje nan lit la. Fò’k nou chache plas nou nan nouvèl òd miltipolè a. Pwochènman nan montre siy BRICS yo.
“L’acronyme BRICS désigne le rapprochement de quatre pays aux vastes territoires: le Brésil, la Russie, l’Inde et la Chine, auxquels s’est intégré l’Afrique du Sud en 2011.”(http://geoconfluences. ens-lyon.fr › …BRICS (anciennement BRIC) – Géoconfluences)
Nan entèval tan sa, gen anpil ak anpil lòt peyi ki fè tantativ pou yo rejoin n BRICS.
Selon https: //lecourrier.vn “Le nombre des pays qui veulent adhérer aux Brics (Brésil, Russie, Inde, Chine et Afrique du Sud) et à l’Organisation de coopération de Shanghai (OCS) a augmenté en 2022 pour atteinte une vingtaine d’États.Feb 27, 2023.
Serge Pierre-Louis





