Ensekirite boykote Rara Leyogan Toto
New York, USA, 04/04/2023 – Rara nan Leyogann se istwa tout bon souvni ke bòs Toto, ki se yon mekanisyen, te ap pataje ak yon ansyen kliyan l ki te vini ba l fè yon travay nan yon garaj nan kominote Ti Ayiti nan Eta Florid.
Tèks sa, se tou, ekspresyon de fristrasyon yon ayisyen natif natal ki ap plenyen akoz de pwoblèm ensekirite, li pa k ab al nan peyi l pou l al danse rara pou peryòd fèt pak lan.
Toto se yon nèg Leyogann ki p ap viv Ayiti depi plis pase 20 tan. Men li toujou aranje l pou ke chak peryòd rara yo toujou pran l nan vil kote li te fèt ak grandi ki se: Site Anakaona.
Men, depi 2 zan, kò m li pa k ab mete pwoint pye l Leyogann, donk li te trè fache kont sa ki ap pase an Ayiti an. Se sa li bliye ke li pat di kont otorite ki ap dirije peyi Dayiti kounye an. Toto tèlman fache, li di bann chaloska, maskarad mal maske sa yo, pou ki sa yo pa remèt demisyon bay lòt mounn chans pou dirije peyi an.
Bòs Toto, prèske kriye, ap eksplike ak kliyan an ke: se kò li ki nan garaj lan an Florid, men espri l se nan rara Leyogann ke li ye nan moman an.
Jan Ti Malice Kache chante l nan youn nan bèl konpozisyon li yo ” Rara pa Bizango” pou l pale de pitit Yogann natif natal ki pa kapab prezan nan komin nan pandan sezon rara, ” Depi Karèm rive, se kò yo ki deyò, lespri yo rantre Yogann.”
Pandan tan sa, kliyan an ki se yon chofè taksi, lide pa l se nan la ri an ke li te ye. Li vrèman enpasyan, li pa kab tann pou li wè machinn li ranje pou l al bouske la vi pou fanmi l.
Men pèdi nan zafè rara Leyogann, bòs Toto pa rann li kont ke malere an pa sou tande zafè plezi rara Leyogann. Gen de moman, se pa plezi ki enpòtan. Men, ou pa kab fòse tout mounn wè bagay yo menm jan. Ou pa k ab vrèman chanje vivè, jwuisè ke se senp sitwayen, ke se gwo otorite, sitou sa yo ki nan Leta ak nan opozisyon pou pozisyon pòs politik.
Se konsa Toto kontinye pou l di ke li ap imajine l ak yon boutèy kleren Salay Gwòg nan men l nan ri “La Croix” nan youn nan gwoup sa yo, ki se:Ti Malice Kache, Mande Granmoun, Model d’Haiti, Laflè di Woz, Chacha Sans Rancune, SteThérèse Gwo Lo, Chen Michan, Ste Rose Gwo Bèf, etsetera.
Toto te tèlman ap domine li bliye rele yon Mezon ki vann pyès machinn pou l te k ab plase kòmand lòt pyès nèf, epi rive ranje machinn pòv malere pè de fanmi an.
Telefòn lan kenbe nan yon men, e pandan ke li ap chache nimewo Mezon an, li pwofite pou l ap di kliyan: “week end des Tenors” nan zafè rara ki sot pase la nan Leyogann, se mwoin ki konnen sa ke m tap fè.
Toto ajoute, depi ke Majò Jon nan rara yo konnen ke bòs lan nan vil lan, yo tout tap anvi vinn bay ochan nan lakou fanmi an ki se yon ansyen gwo notab.
Misye kontinye pou l ajoute, sa w tande an, manje, tafya, bèl nègès kreyòl ak bèl tete doubout fè mikala w. Men nan tout grajè sa yo, bòs Toto p at konnen ke si madanm li te ap tande l nan sal datant ki sou kote nan garaj lan. Donk li pwofite pou l di kliyan ke li se yon bon kòk kalite ki pa gen zepon l pou granmesi. Li pa jan m pèdi batay li nan gagè.
Malerezman, lè bòs Toto pase nan sal datant lan, li wè madanm li move kou w kong. Bouch li lonje men longè.
Se konsa Toto te pèdi tout bon sans li. Misye te gentan ap imajine banm rara nan Leyogann ki ap chante: Toto antrave. Toto dòmi deyò.
Nan ka sa, bòs Toto vinn gen 2 bagay ki ap domine lespri l. Rara nan Leyogann. Epi, se ki sa ke li pwal di madanm li lè li rantre lakay li pita. Donk, plis pwoblèm pou chofè taksi an ki te deja enpasyan nan zafè pann ke vye machinn li an te genyen an. Ebyen, se sa ki rele: pwoblèm pap jan m fini. Pwoblèm pi rèd.
Esau Jean-Baptiste






