36 lane apre, kote nou ye ak Konstitisyon peyi y’a? 

36 lane apre, kote nou ye ak Konstitisyon peyi y’a? 

29 Mas 1987 – 29 Mas 2023
Manno Chalmay te di: “Mwen gen 36 rekòt kafe, sa vle di m fèt sou Estime…”
Enben Konstitisyon an te akouche apre yon Referandòm ki te fèt dimanch 29 Mas 1987, kote apre Yon kanpay sansibilizasyon dinamik Pèp Ayisyen pou premye fwa apre Ke makak te kase, te al vote pou l te bay Tèt li yon dokiman pou defini lavi l ak lavni sa k tap vin apre yo.
Se te byen konte, mal kalkile. Nou bliye si move pratik yo genyen lavi long.
Nou bliye fòmil ki di:”Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.”
Nou bliye si pouvwa se enterè. Nou bliye si enterè se rapò fòs.
Depi w di rapò fòs ou di pi gwo ak pi piti.
Nou bliye se pi piti ki toujou anba.
36 lane apre kote tout sa k te ekri nan Konstitisyon ki te pou fè Ayiti, Yon Peyi, Yon Leta, Yon Nasyon pa janm mete an pratik vre.
36 lane apre si w mande Èske Ayiti egziste kòm peyi, kòm nasyon?
Pi gwo kesyon èske Ayiti genyen Yon Leta?
Les autorités de fait manifestent le désir d’élaborer une nouvelle Constitution. Dans l’état actuel de ce qui reste de Ayiti Cheri, est-ce arrogant ou déplacé si l’on demande pourquoi une nouvelle Constitution avec ces truands et hors la loi, ces patripoches? Pour assouvir leur ambition et remettre à leur patron de la communauté internationale tout le territoire et ce qu’il
contient comme richesse humaine et matérielle.
Hypocrites dans l’essence, traîtres dans le sang le pouvoir d’Ariel Henry et ses acolytes n’a qu’une seule mission: ÔTER HAÏTI SUR LA CARTE MONDE. E yo vle sèvi ak mwayen legal sa kote yon nouvo Manman
Lwa vin dezabiye Ayiti ansanm ak tout Ayisyen ki ladan l.
36 lane apre malerezman Vwa Samba Peyizan Gwoupman Ti peyizan Janrabèl yo pa janbe kalfou paske okenn lwa pa Ekri pou jije kriminèl yo. Se kounye y’a kriminèl yo ap paweze, ap bwè sang nou.
36 lane apre Ariel Henry ak parèy li yo montre nou klè Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.
Boukan News

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *