Ini pou dezini

Ini pou dezini

Esau Jean-Baptiste

New York, USA, 03/27/2023 – “Union fait la force”. Bèl fraz sa, se deviz peyi Dayiti. Malerezman depi aprè reyinyon istorik 18 me 1803 ki te fèt nan vil Akayè an, ou plis wè anpil ak yon pakèt mounn ki toujou fè inite pou fè plis mal ak peyi Dayiti.

Pa egzanp aprè mouvman Akayè sa, epi gwo batay Vètyè nan dat 18 novamb 1803 ki debouche sou endepandans peyi an 1804, aktè ki pran plezi nan mal yo, ta pwal kòmanse ak prensip divize pou reye. E se sa ki ta pwal bay 17 oktob 1806 kote te gen yon inyon ki te fèt ant nèg nan Sid ak nèg nan Lwès yo pou te touye Papa nasyon an sou Pon Wouj.
Depi lò sa, gen plis inite nan mal ki kontinye ap fèt pou kraze, brize, epi van n peyi an ak blan tan ke ou ta wè gen yon efò inite ki fèt pou avansman ak devlopman nasyon an, epi chanje vi mounn ki pi pòv yo.
Kò m li toujou pi fasil pou yon gwoup mounn ki sanble rive rasanble pou fè sa k pa sa nan peyi an, se konsa anpil nan konze sa yo ki nan klas entèlektyèl ak ekonimikman lan, sitou sa yo ki gen gwo kontak politik nan mond entènasyonal lan te rive travèse tout 19e ak 20e syèk lan kote yo te toujou mete tèt yo ansanb nan zafè divize pou reye nan fè mal.
Menm lè gen kèk tantativ ki ta vle fèt pou ke nan inite gen kèk bagay pozitif ki fèt pou devlope peyi sa, toujou gen yon gwoup entèlektyèl ak politisyen abolocho ki san etadam ki pou trayi mouvman sa bay gwo komèsan ki gen anpil chocho yo ansanb ak gwo blan rasis nan anbasad yo ki twouve yo nan Pòtoprens.
Donk, ke se swa anvan, pandan e kounye an, se toujou yon gwo batay ant yon gwoup nasyonalis ki ini pou sa chanje kont yon lòt gwoup anti chanjman ki regwoupe bò kote pa yo tou, men nan objektif pou defèt tout sa ki gen pou wè ak pwogrè.
E avèk tan, bagay yo pa chanje. Divizyon sa kontinye tout kote. Olye nan inite, gen yon pwogram desantralizasyon ki mete sou pye pou rapwoche vil pwovens yo ak kapital lan, ou jwoin n kèk mounn ki toujou ap frape lestomak yo kote ke yo pran fyète pou ap pale de nèg kapital ak nèg nan mòn.
Ajoute ak sa, pou kenbe pouvwa politik pou yo kontinye pa fè anyen, yo gen atik nan konstitisyon manman lwa peyi an ki bay yon bwa long ak ayisyen ki ap viv deyò peyi an. Konsa, vinn genyen ayisyen an Ayiti ki k ab fè politik, e sa ki nan dyaspowa ki gen lòt nasyonalite ki pa kab patisipe nan eleksyon pou okipe pozisyon politik
Se sa ki fè, pa egzanp, nan peryòd elektoral ou kapab wè yon politisyen an Ayiti pandan ke li ap fè kanpay, pase nan kèk kominote pou pale de pwojè politik li ak dyaspowa an. Aprè sa, klas politik ak anpil lòt gwoup mounn an Ayiti pa bay dyaspowa an regle anyen pou yo. Paske yo toujou konsidere ayisyen ki ap viv a letranje yo plis ke etranje ke mesye dam Kò Gwoup yo.
Men m jan yo mete tèt yo ansanb pou kenbe dyaspowa an deyò nan zafè politik, se menm bagay lan ke yo toujou fè pou yo di aba, sitou kont prezidan popilè. Se toujou konsa, ini pou voye ale, pou finalman divize nan eleksyon.
Sa pa rete la, paske menm lè, nan yon pwosesis de mobilizasyon elektoral te gen yon platfòm politik ki rele tèt li Inite, se te yon inite nan gwo divizyon. Se te yon inite pou te rive gen plis depite ak senatè san ideyoloji politik ak yon pwogram komen nan palman an. San konte yon pouvwa egzekitif nan Palè nasyonal ki p at vrèman gen oken kontwòl sou onorab li yo nan Bisantnè ki te ap fè yon pakèt bagay dezonorab .
Pandan tan sa, mounn rich yo, nan inyon pa yo ak klas ekonomik lan rive gen kontwòl  tout biwo dwan n, ONA, ak anpil enstitisyon piblik ki la pou rapòte anpil kòb bay Leta.
Tandike bò kote manb oligarg enperyalis oksidantal nan kominote entènasyonal lan ki pa jan m bay Ayiti yon chans pou l respire, nan rasanble tout sa ki sanble yo nan yon òganizasyon ke yo rele Kò Gwoup, yo rive mete otorite, epi fè yo siyen tout vye akò akwòkò pou avanse pwòp ajanda pèsonèl pa yo.
Donk, ti tèks sa se te yon rapèl pou montre ke elit entèlektyèl, ekonomik, politik ansanb ak anbasad etranje an Ayiti yo fè plis inite nan fè sa ki mal. Yon mal ke anpil fwa ke yo rive fè trè mal.
Esau Jean-Baptiste 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *