Foutbòl: Grenadye yo fè 2 kabès

New York, USA, 03/26/2023 – Se pa sèlman nan domino, lè ou kab tonbe 2 kote nan jwèt lan, ke w fè 2 kabès. Gen de match foutbòl ke w genyen, akoz de objektif ou enpòtans li nan yon konpetisyon, viktwa sa k ab konsidere tankou se yon 2 kabès ke w fè tou.
Samdi 25 mas, li te 5 kè nan aswè, lòske nan match retou pou senkyèm jounen, grenadye yo, sou direksyon Direktè teknik Pierre Jean Jacques, te rankontre ekip Montserrat an lakay li. Objektif match sa, se te al dèyè yon viktwa pou yon doub kalifikasyon nan zòn n lan.
Efektivman, aprè yon bèl pakou ane pase kont yon seri de ekip nan Lig B “des nations” nan zòn CONCACAF lan, koyekipye Kapitèn Ricardo Ade yo te bezwen pou 2 denye match ki te rete yo an, sèlman 2 pwoin pou yo te kab retounen nan Lig A. E an menm tan, kalifye pou Gold Cup ki ap jwe an jiyè 2023 nan peyi Etazini.
Sou yon efektif de 23 grenadye konvoke, antrenè Jean Jacques te gen 20 jwè ki te reponn prezan pou 2 denye match yo. E pami jwè sa yo, atakan Dukens Nazon ak Frantzdy Pierrot te la.
Erezman ke yo pat nan match lan pou gran mesi. Tankou kèk mounn ta di, yo pat pote mayo yo pou bèl twal.
Paske, aprè yon trè move pèfòmans nan premye mitan an kote ni grenadye yo, ni advèsè an pat rive fè gòl, imedyatman ke dezyèm mitan an te kòmanse, sou yon bèl pas de Derick Etienne nan kare ekip advès lan, Nazon ta pwal make premye gòl pou Ayiti nan 49ièm minit.
Epi, 11 minit aprè, espesyalman nan 60ièm minit, sou yon sipèb sant ki te fè t nan bò goch lan pa lateral Alex Francois Junior sou tèt Frantzdy Pierrot ki, yon fason majisral te pwal twonpe vijilans aryè santral yo ansanb ak gadyen ekip Montserrat lan, e rive make dezyèm gòl pou grenadye yo.
Sa fè lontan ke 2 atakan sa yo p at fè gòl pou Ayiti. Dènyè fwa ke yo te fè gòl pou Ayiti, se te 7 jiyè 2021 nan eta Florid. Lè sa, Ayiti te ap jwe match baraj pou Gold Cup 2021. Se vre ke yo te jwoinn kalifikasyon yo jou swa sa, men yo te pwal teste pozitif ak Kowona, donk yo pat kab jwe premye match grenadye yo kont ekip Amerikèn lan nan dimanch 12, e malerezman rès chanpyona an.
An 2022, akoz de kèk pwoblèm ki te genyen andedan ekip lan, 2 grenadye sa yo te rive absan nan ekip lan. Men, mieux vaut tard que jamais. Bravo Nazon e Pierrot pou retou nou nan mitan lòt grenadye yo.
Aprè 2 gòl sa yo ki te dekonstobre ekip advès lan, Derick Etienne te pwal make 3è gol lan nan 70ièm minit. Epi Mondy Prunier ta pwal make 4èm gòl lan ou kou de gras nan match lan nan 82ièm minit.
Ak viktwa sa, Ayiti fè 2 kabès. Yo retounen nan Lig A “des nations” nan zòn CONCACAF lan men an menm tan tou kalifye pou Gold Cup ki ap fèt an jiyè ane sa nan peyi Tonton Sam. Nan sans sa, pèp ayisyen yo swete ke peyi Etazini pa bay pwoblèm nan zafè viza pou jwè foutbòl yo. Sitou pou sa ki ta gen pou sòti an Ayiti yo.
Brèf, pwiske, aprè yon sipèb pèfòmans nan konpetisyon sa an 2019 kote yo te pèdi nan semi final kont Mexique an 2019, e an 2021 yon move rezilta akoz plizyè jwè ki te gen Kowona, pou yon twazyèm patisipasyon konsekitif nan chanpyona sa, grenadye yo ap nan batay pou defan n koulè ble e wouj lan.
An pasan, grenadye yo ap gen pou yo jwe denye match yo kont ekip Bermudes lan madi ki ap 28 mas. Men se yon match san vrèman gwo enpòtans pou antrenè Jean Jacques paske yo te gentan fè sa ke yo te gen pou fè ki se te 2 kabès nan match samdi 25 lan ki te fini sou yon eskò de 4 a 0 an favè ekip Kapitèn Ricardo Ade, ak bitè sa yo tankou: Duckens Nazon, Frantzdy Pierrot, Derick Etienne ak Mondy Prunier.
Pou fini, selon yon nòt ke Federasyon nan zafè foutbòl fè sòti sou paj Facebook li, pou 18 match jwe sou yon peryod de 2 zan (mas 2021 a mas 2023), Direktè teknik seleksyon nasyonal lan, ansyen Kapitèn Pierre Jean Jacques fè 11 viktwa. Li fè 1 match nil. E li pèdi 6 match. Li enteresan pou mansyone tou ke pandan ke ansyen jwè ekip Nantes lan ap dirije seleksyon nasyonal lan kò m antrenè, grenadye yo rive fè 49 gòl. E yo pran 26.
Bravo antrenè Jean Jacques Pierre ak tout lòt grenadye li yo. Alaso, alaso Gold Cup tèt dwat.
Esau Jean-Baptiste





