Anba kòd

Anba kòd

Esau Jean-Baptiste

New York, USA, 03/20/2023 – Jeneralman, lè la polis Dayiti nan kad yon entèvansyon miskle nan yon zòn, rive fè yon gwo kout filè kote li arete plizyè bandi, pou prezante yo nan televizyon bay popilasyon an, pandan ke li ap site non yo youn aprè lòt, gen vwa yon fanm ki aprè chak non ki site, toujou di: anba kòd.

Sepandan, tit atik sa, se pa yon kout filè ke la polis te fè. Se pito yon rezime, men yon fason trè komik, ironik menm de reyaksyon anpil mounn sou rezo sosyal yo te genyen pa rapò ak prezans bato Kanadyen ki te nan peyi an pandan plizyè jou e ki finalman te repati nan week end lan.
Anba kòd se yon tèks ki ekri ak anpil imou nan yon estil de “: raisonnement par l’absurde, konsa pou nou rive fè w ri men jan ak Henri,  an menm tan tou, nou tou ap pwofite chache konpran n sa bato an te vinn regle definitivman nan dlo lanmè peyi Dayiti.
Aprè plizyè jou pase nan dlo peyi Dayiti, finalman bato peyi Kanada mete vwal yo retounen lakay yo.
Aprè yo fini leve lank, anpil kesyon tap poze. Se ki sa vrèman ke yo te vinn fè? Se ki sa yo te vinn regle nan peyi an. Paske pandan ke yo te la, bandi yo pat chome ditou. Yo pat sispann teworize popilasyon nan katye popilè yo.
Wi, definitivman se pandan ke yo te la ke bandi yo te deplwaye nan tout kapital la pou te montre fòs ke yo genyen. Malerezman pou popilasyon an, nan tout move moman ke yo te ye a, sanble se pat ditou zafè bandi ke bato a te vin regle.
Se sa ki fè, ke se mounn ki toujou pou ou kont entèvansyon etranje nan peyi an, yo te oblije ap poze tèt yo kesyon de ki sa bato an te vinn regle.
Sou rezo sosyal yo, gen anpil kòmantè ki fèt. Anpil ladan yo fè sans. Pa egzanp gen anpil mounn ki di ke se bagay anba lanmè peyi Dayiti ke bato an te vinn pran.
Èske se vre? Èske se pa vre? Nou pat rive wè anyen nan boul krystal nou. Men,tankou ansyen gran mounn yo te kab di: Tout bagay posib anba syèl ble sa. Anyen pa enposib.
Gen kòmantè ki pi komik ke yon lòt. Se sa ki fè menm nan peryòd difisil ke peyi an ap travèse jodi an, pèp ayisyen, pou yo retire estrès move moman an, yo toujou ap jwoinn yon fason pou yo fè blag.
Chak fwa w li yon kòmantè, ou jwoinn youn ki plis komik ke yon lòt. Enspirasyon pèp sa ale pi lwoin ke Kapitèn bato Kanadyen yo te kapab imajine.
E youn nan komantè ou de preferans, youn nan blag yo, se kote ke gen yon mounn ki ekri: aprè pasaj plizyè jou ke bato peyi Kanada te pase sou peyi Dayiti, gen anpil pwason tankou kèk gwo reken ki anba kòd.
Wi, reken tigr anba kòd. Reke blanc anba kòd. Reken martineau anba kòd. Gwo reken anba kòd. Pwason malswen anba kòd. Malerezman tout gwo reken ak ti pwason ki nan lanmè nan Bisantenè nan zòn Vilaj de Dye yo toujou deyò ap paweze. Petèt se sanksyon ki ap gen pou pran kont gwo reken ak ti pwason sa yo. De tout fason, ki vivra, vèra. ki sora, ekrira.
Esau Jean-Baptiste

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *