Tout jenes la vle kouri kite peyi a !

Tout jenes la vle kouri kite peyi a !

Esau Jean-Baptiste

New York, USA, 03/13/2023 – Se temwayaj tris yon jenn ayisyen ki anvi kraze rak kite peyi an pou al viv byen lwen kote l panse ke yap resevwa l epi trete l tankou mounn. Kote ke l kapab vrèman rive rete lwen tout bandi legal yo ki ap fè vyolans fizik, vèbal ak ekonomik sou popilasyon an.

Fòk li ale. Paske, nan dènye ane sa yo ki sot pase nan peyi an, li wè, li tande ak li viv tout kalite vyolans de bandi ki legal ak sa ilegal. Twòp move souvni.

Se sa ki fè, menm lè pa gen katouch ki ap tire, li pa kab dòmi. Si l ta rive fèmen je l, se kochma ke li ap fè. Se toujou move rèv ke l ap fè pandan ti bout somèy tyake li yo. Finalman, jenn sa se yon mounn ki vrèman twomatize.

Definitivman, se kò li ki an Ayiti, men espri l se yon lòt kote li ye. Li pa kapab sipòte ankò. Li gen anvi al rekòmanse yon lòt kote. Kote yo bay la vi mounn enpòtans.

Li anvi pati pou w al viv lwoin katouch. Lwoin vyolans. Lwoin kidnapping. Lwoin tout sa ki fè ke l pa k ab viv tankou mounn.

Li anvi, menm si se pou yon ti bout tan, al viv yon lòt kote. Yon kote ke l kapab rive panse reve. Panse pou tèt li ak avni fanmi l.

Li anvi viv nan yon peyi kote manje, dlo kouran, swoin sante ak tout lòt bagay de baz yo p ap yon liks pou li ansanb ak pitit li yo.

Li prefere al viv yon vi majinal, retire, byen lwoin kote yo pa konnen l, men o mwoin, timoun n li yo a gen pou yo sispan n sote, vole barikad anba bal mawon pou al chache pen enstriksyon nan yon peyi kote dirijan pa apresye ak bay edikasyon valè.

Li anvi fè menm jan ak anpil lidè politik yo fè ki se retire madanm yo ak pitit yo nan peyi an, epi al sere yo lwoin barikad ak serenad katouch ki ap plede tire maten, midi, swa ak gwo zam fan n fwa bandi pa bò isit.

Wi, definitivman, li anvi mete van nan vwal li pou l al bay timounn li yo yon lòt chans pou yo kab ale lekòl, manje, jwe, grandi epi vini yon bon sitwayen ki kapab sèvi kominote kote ke yo ap viv lan ansanb ak rès mond lan.

Li anvi vire do bay otorite peyi l ki pa menm konnen si l egziste. Li pa k ab wè ban n chaloska, maskarad, mal maske sa yo ankò. Li fatigue ak tout move tretman e ipokrizi fo lidè sa yo ki nan opozisyon jis pou yo kab jwoinn pozisyon politik pou satisfè bezwen pèsonèl yo, fanmi ak zanmi yo.

Li vle pati paske l anvi tande yon lòt diskou politik. Yon diskou ki vrèman diferan de sa ki ap sòti tout la sent jounen nan bouch politisyen sa yo, ansanb ak entèlektyèl zuzu sa yo ki chita ap kondwui gwo machinn Izuzu ak anpil gaz, ajan sekirite ke Leta nan peyi an ba yo pou fè gagòt ak sirèn nan la ri pou gran mesi.

Gran manjè sa yo, lè yo manje twòp e yo gonfle, yo toujou bezwen yon espas pou yo al fè dijesyon de tout move gonfleman rasi yo. Se sa ki fè ke yo se yon ban n ak yon pakèt mounn ki pran plezi pale, fè anpil gwo bwui nan radyo, pou, finalman, yo pa rive di anyen ki gen pou wè ak pwoblèm pèp malere tankou li yo.

Si li anvi kraze rak kite Ayiti bay Doktè an ansanb ak tout zanmi li yo, li mande tout militan nan peyi an ki te konn ap goumen ansanb ak li yo, pou yo konprann li. Nan sans sa, li panse ke yo p ap kouri prese jije l, ni evalye l,  kòm kwa dire li gen foli fou. Epi si se ta vre, li sèlman gen yon foli anvi kouri al chache la vi kote mounn ap viv.

Si lót lan gen foli chèf Palè nasyonal ak Prinati, Si anpil lòt mounn fè chwa pou yo bandi legal, li menm tou se yon dwa ke l genyen pou l anvi pati kouri kite peyi an bay ti gwoup gran manjè sa yo nan pouvwa ansanb ak ansyen manb opozisyon yo.

Nan moman an, li gen anvi fè yon ban n ak yon pakèt lòt bagay. Men, sof rete nan peyi sa pou goumen kont bandi sa yo ki gen manda legal pou yo taye banda. Fòk li ale.

Men, ale ki bò? Ale kay vwazen ou ale lakay tout lòt mounn sa yo ki renmen di ke yo se zanmi peyi Dayiti yo? Si wi, èske yo ap vrèman rive resevwa l tankou mounn?

Se tout kesyon sa yo ki te toujou ap travèse nan tèt li ki fè l p at jan m gen twòp gwo anvi pou l te deplase, paske yo te fè l konnen ke se lakay ki lakay. Se lakay li te k ab viv byen. Men jodi an, li pa kapab ankò.

Nan syèk pase an, li te goumen kont VSN ak FRAPH ki te konn ap frape trè fò nan katye popilè yo. Pa twòp lontan de sa, li te anfas manb GNB yo tou. Kounye an se yon G9 ak tout lòt 3 let ki fòme òganizasyon nan opozisyon ki nan pozisyon ki ap plede siyen tout akò akwòkò yo. Definitivman, li fout bouke.

E li vrèman pè tou. Nan sans sa, li anvi kouri. li anvi kraze rak, pati pou ale nenpòt kote.

Men gen yon pwoblèm ki prezante.  Li pa gen paspò. E li pa anvi kouche ak chaloska mal maske sa yo ki deyò ak andedan biwo Imigrasyon ki ap fè rakèt yo. Paske li pa anvi al akouche ti bandi nan peyi mounn yo. Donk, fas a gwo dilèm sa ki poze an, kòman ke li ap rive fè yon paspò pou l k ab dekole kite peyi an bay bandi yo ak tout chèf yo?

Definitivman, se pa pou sa ke n te fè 7 fevriye 1986.

Esau Jean-Baptiste 

Photo: www.aliexpress.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *