Yon Nostalji pwes kap Anglouti Dyaspora a

 Yon Nostalji pwes kap Anglouti Dyaspora a

Esau Jean-Baptiste

New York, USA, 03/01/2023 – Jeneralman tout moun n ki ap viv deyò peyi yo, aprè yon tan, sitou nan peryòd vakans ou fèt fen ane, yo toujou gen nostalji de bon moman ke yo te konn pase ak fanmi e zanmi yo. Mounn ki pale fransè yo, yo rele sa: “Le mal du pays.”

Se sa ki fè ke anpil chantè konn renmen chante mizik nostalji. Se yon fason pou yo eksprime kòman yo santi lè yo pa lakay yo Ayiti. Sitou sa yo ki konn ap viv nan peyi Ewòp ak Amerik di Nò kote ki gen anpil fredi ak nèj nan peryòd li fè frèt. E nan chantè ki chante nostalji peyi Dayiti, Leon Dimanche se youn ladan yo.

Men fòk nou di lè nan ane 70 yo, Leon Dimanch te konn ap chante “Nostalgie, douce melancolie, vais- je rester…” mwen pa kwè li te gen pwoblèm pou li te sòti Okay pou l te rantre Pòtoprens.

E si se pandan ke li te ap viv Ozetazini ke li te ap chante Nostalji, si li p at gen pwoblèm kat de rezidans ou an egzil pou zafè politik, li te k ab rantre nan Ayeopò Pòtoprens san pwoblèm. Epi samdi swa, al jwe bal li nan nenpòt night club nan peyi an. Kou bal lan te fini nan zòn n 4 trè nan maten yo, li te k ab travèse Matisan pou l rantre Okay al jwe nan festival bò lanmè sou plaj Gélé, san ke li pa pè pou bandi pa atake l.

Jodi an, se pa nostalji sa ke m ap pale. Mwen ap pale de yon nostalji kote ke majorite dyaspowa an pa k ab rantre nan peyi l pou fèt fen dane, kanaval fèt Pak menm jan ak vakans dete.

Se yon peyi ki ap mouri sou kont yon Doktè ki pa konprann, vrèman, anyen nan anyen. La polis enpwuisan devan bandi tout plim, tout plimaj. Se ki fè, devan pwoblèm ensekirite sa ki jeneralize nan tout peyi an, mounn Pòtoprens pa k ab travèse Matisan pou ale nan Gran Sid peyi an. E se menm bagay lan pou mounn ki pa k ab travèse Pon Wouj ak Kanaran pou ale nan Gran Nò peyi an. San konte tout lòt zòn tankou Laboul, Pènye, Kwadèboukè kote se bandi ki ap deside de vi ak biznis tout moun n

Se konsa, pandan ke m ap panse ak tout pwoblèm peyi an, m al tonbe sou yon mizik ke yon ansyen zanmi te poste sou Facebook

Mizik sa se yon nèg ki te ap viv lwoin peyi l tou. Tankou tout ayisyen ki te ap viv deyò, li te gen nostalji tou. Men, li p at chante bèl plaj, bel peyizaj, bel fanm kreyòl tete doubout. Pandan ke li te ap degaje fristrasyon l kont dirijan yo, li te ap chante kont malpwòpwete, koripsyon, imoralite, tout vye bagay ki te ap pase nan epòk lan tou.

Se sa ki fè, jodi an, pandan ke mounn ki deyò yo ap plenyen kote ke yo pa k ab rantre nan peyi yo, donk mwen prete mo ki nan mizik sa pou m fè m pòt pawòl anpil ak anpil lòt mounn ki pa kab mete pye nan peyi an.

Epi mete kelke fraz sou papye pou eksplike yon nostalji ki melanje ak yon fristrasyon, endiyasyon de yon peyi ki ap depafini. Yon peyi ki nan men bandi ki legal ki kòm kwa dire, yo gen lisans pou vyole, vòlò, kidnape ak touye mounn ke lide fè yo plezi.

Sou Tonton makout VSN, ansanb ak atache FRAPH, gen dyaspowa ki te konn desann nan peyi an. Men jodi an, sou rejim PHTK/G9, se deyò, deyò nèt.

Donk, fas ak sitiyasyon malouk sa ke peyi an ap travèse an, mwen envite nou chante ak mwoin paragraf sa ki se chanson:

Nan peyi m pa k ab mete pye, frè m kòman wè peyi m pou mwoin. Kòm ki nan peyi etranje, espri m se Ayiti li ye. Si chak swa m dòmi reve timoun mwen yo ki ap mal manje, pitit fi m yo fin n pwostitiye, dirijan  yo pou m remèsye.

Esau Jean Baptiste

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *