7 Fevriye 2024
Boukan News, 02/07/2024 – Ayti nan Kalfou danjere ankò..( La Poudrière) . Ankò se repwóch.
Chanpwèl, Bizango ap bat e danse kalinda nan Kalfou sa…
Madigra mele ake bon mask kanpe an Dan di nan kalfou a. Len ap fè lòt Grimas…
Lougawou menm sou do fetay tout kay , nan kat kwen kalfou a ap tann ti moun k ap kriye pou plonje andedan kay yo èy kontinye depatcha…Epi dekoupe kòpyèz…
Boule vèvenn. Boule kawotchou. Se rans.
Dan kwòk a yo, grif a yo anba kou tout tchovi ap souse San yo…… Tout moun pete kouri san gade dèyè… Tout kote bon. Depi Gen dlo, dife ake oksijèn pou rèspire..Tout Mwayen bon pou kouri kite Kalfou a. Zòn lan. Tout kanton an.
Depi Konbyen tan Se menm film lan, menm senaryo yo; aktèr yo ka chanje Vizaj yo, nwan yo….. Tou… Men, Se menm tit la. Menm konpòtman yo. Atitid parapòt ap peyi a. Parapòt a majorite Aysyen yo rete tenn fas. Ti mari pa monte. Ti mari pa desann….
“Depi nan Ginen Nèg Rayi Nèg..”
“ Dekonpoze “ Haïtien” ; “ Haïr Les Tiens et Les siens”
“ Aysyen yo di w wi, Se lave yon bò, kite yon bò”…
Wi,
Pouvwa Dous. Joure pou pouvwa. Batay pou pouvwa san Se pa majorite a ki chwazi mete yo sou pouvwa . Pa ka Kenbe pouvwa. Defann grenn senk, atoufè ki sou pouvwa. Atache a pouvwa..Konplote pou pouvwa. Pwomèt pouvwA. Pèdi pouvwa. Toujou menm vire an won an. nan politik peyi nou…..
Zafè kabrit pa zafèr a mouton..Se vre! Depi ki lèr?
Ou konnen yon bagèy??
Se nou pou ki chanje sa. Kalfou sa, Ayti
Se nou tout pouki chanje y
Se la lonbwit an nou tere..
Se li ki pou nou..
Lòt kote Se “ ladòmi” yo ban nou..
Se bout tè sa zansèt yo te mouri kite pou nou, pou nou viv ant Fwèr e Sèr… Se nou pou ki degaje nou tankou mèt Jean Jacques pou nou ramne lòt Fwèr ake Sèr an nou yo alarezon. Pou nou ede yo chase hèn yo enplante nan kèr a yo pou peyi a e pou nou menm Tou..
Aryel, Gi Filip e anvan yo Jovenel ake Martelli, Preval ake Aristide, Duvalier yo, papa ake pitit, Se ekzanp ki pi resan de Pitit peyi a ki pa renmen y..
Poukisa m di sa?
Paske yo pa rèspèkte la Lwa peyi a..Konstitisyon peyi a.. Yo te plis enterese a pouvwa pou pouvwA, Kenbe pouvwa oubyen pase pouvwa bèy moun ki pwòch yo pou y ap dirije dèyè rido, pou yo kontinye menm metòd gouvènans anti Pèp e anti nasyon an.
Nou oblije kontinye goumen Kwakilanswa kote nou ye a pou peyi nou ka Granmoun tèt èy….
Yo vin dirije peyi a, men yo pa kreye e mete kondisyon pou tout Aysyen kòmanse rèspèkte la Lwa e apwann chwazi moun konpetan e kapab pou vin dirije e aplike la lwa…
Jan sa dwa…
Lè sa rive e li gen pou rive,
Kalfou kat tèt la pap danjere ankò…
L ap pou nou tout e sa ki pa kontan pap nan voye wòch ankò….oubyen Anbake ankò.
.Ni pap genyen voye wòch kache men oubyen benyen kache lonbwit. Ankò.
N ap chita ansanm pou nou di sa ki fè nou mal. Ansanm. Nan kole zepòl. Nan tèt ansanm.
E pou nou chache solisyon yo ansanm….
Wilfrid Suprena






