18 novanm 1803 – 18 novanm 2004; 219 lane apre ki kote nou Ye?

Massachusetts, USA, 11/18/2022 – 219 lane apre youn nan pi gwo batay sou latè pou redefini ekspresyon tankou: Libète, Dwa Moun, Egalite;
219 lane apre youn nan pi gwo batay pou fè konnen pa gen moun ki dwe esklav ankò, pa gen ras ki siperyè pase lòt;
219 lane apre youn nan pi gwo batay pou te di sou tout fas Tè y’a : Tout Moun se Moun, Tout Moun alapapòt nou gen pwa nan balans politik la;
219 lane apre yon « bann esklav » ki dapre kolon yo pa konnen okenn teknik nan lagè rive dechouke youn nan pi gwo lame modèn nan epòk la epi dekonstwi mantalite «le nègre est inférieur »;
219 lane apre pi gwo batay pou bay tè sa yon non, yon batistè, pou bay tout mas moun ki te gaye sou bout tè sa uon Idantite;
219 lane apre viktwa san parèy sa bout tè sa fin pran siyati ak batistè AYITI, l ap trennen, l ap konnen tout move moman. Ayiti ansanm ak pitit li yo toujou ap pran move kou. Li rale, li rale, l ap rakle kounye y’a. Genyen anpil nan pitit li yo ki dekouraje, genyen lòt ki pèdi lespwa.
Men jodi 18 novanm 2022 y’a, mesaj la se:
Tounen nan rasin nou pou nou antre nan pwofondè tout sa k ki te pèmèt nou reyalize jès san parèy sa, jès ewoyik sa. Youn nan pi bon fason pou n kapab tounen reyalize yon lòt yès ewoyik tankou 18 novanm 1803 se lè nou rive pran konsyans se nou menm sèlman ki kapab chavire sitiyasyon an, se nou menm sèlman ki pou dakò admèt Ayiti se pou nou menm Ayisyen li ye, nou pa dwe ap ni maltrete l ni fè kò ak lòt moun pou maltrete l.
Sonje anpil moun ki di yo se zanmi nou pa janm padone nou viktwa nou te fè sou lame fransè y’a kote nou te louvri je tout lòt esklav sou latè. Paske lesklavaj se pi gwo sous eksplwatasyon yo, pi gwo sous richès yo.
Marcel Poinsard Mondésir
MPM





