An n envante demokrasi pa nou !
Boukan News, 16/12/2023 – 16 desanm 1990
Nou deside al vote
Pou peyi y’a la chanje
Pou lavi ka miyò
Pou demokrasi ka donnen.
33 Lane apre
16 desanm 2023
Nou nan men bandi legal
Ak tout yon ekip ensousyan enkonsyan.
Kominote entènasyonal la ap fè nou tout jwe Yoyo.
Jean Dominique defen ta di
Men kote nou ye.
Ayiti ap rame
Ayiti ap trimen
Ayiti ap trepase
Pèp la ap depale
Pèp la ap detripe
Pèp la ap gigote
33 Lane apre
Pwojè enperyalis la
Pran rasin
Li donnen nan tout anndan nou
Pwojè enperyalis la fout nou deyò.
Sonje byen Premye dekapitasyon an kòmanse ak koudeta 30 septanm 1991 lan.
Tout lidè, tout tèt de pon
Tout nèt blije pran lekzil
Pou yo te sove po yo
Anba men FRAP ak NINDJA
Ki jounen jodi y’a transfòme
An bandi legal
Ak
Bandi ak sapat
Yo kontinye menm metòd yo
Fè moun pè
Vyole, imilye, vole, touye
Yo jwenn menm rezilta
Pifò nan nou blije kouri
Mèt yo blan òganize
Pwogram pou fè nou pati
Lakay tounen yon kwoki vid
Tikras ki rete yo ap sibi
Tout kalte presyon ansanm
Ak tout maladi(Tansyon, sik, AVC, Kè).
Tikri tikrak yon move nouvèl
Rive sou ou menm ki lwen
Kote w ap viv chagren
Ou pa fouti adapte w
Ou pa fouti pran pye
Lakay toujou nan lespri w
Vire tounen ou reve
W nan jaden w ap fè rekòt
Ou nan mache w ap lote
Ou nan lakou w ap tire kont
Ou nan rara w ap danse siwèl
Poutan lè w pase men nan je w
Ou wè se sou Flatbush la
Ou byen sou Mattapan nan
Ou kanpe fredi ap koukouzi w
Pandan w ap tann yon bus
Ou tande yon vwa sou kote w
K ap pale nan telefòn
Ak yon moun Ayiti
K ap ba l dènye nouvèl yo
Ti Lapli fenk kidnape yon machin chaje moun ki pral
Jeremi
Li di l tou mesye Savien yo se lave y ap lave moun
nan Kafou Pèy la.
Ou reponn li si se pousa
Prefere fredi koukouzi m pase pou Tilapli ak bandi Savien yo ta koupe souf mwen.
Epi tou Komè pa m, pran prekosyon yo wi. Pa soti non.
Si yo kidnape w, sa ap rèd pou nou.
Pou kounye y’a se sèl mwen ki nan yon ti degaje. Lòt mesyedam yo poko jwenn anyen. Konsa, nou pap fouti voye lajan pou libere w.
Wi 33 Lane apre
Timari pa monte
Timari pa desann
Sèlman Pèp Ayisyen
Vin
Pi antòtye
Pi demounize
Pi demantibile.
Politisyen yo
Pou anpil ladan yo
Vin
Pi tyoul
Pi restavèk
Pi antipatriyò
Pi enkonsyan
Pi vòlò
Klas popilè y’a
Vin
Pi degraba
Pi dezoryante
Pi fann tankou grenn zaboka
Pi abolotyo
Klas mwayèn nan
Vin
Pi desounen
Pi andebandad
Pi tyake toujou
Pi gaye
Pi pa gen ren ankò
Klas entèlektyèl la
Vin
Pi reskiyè
Pi swivis
Piozòd blan ak flibistye yo
Pi opòtinis
Pi likid toujou
Pi souflantyou(soufif)
Klas boujwa
Vin
Pi aferis
Pi flibistye toujou
Pi antinasyonal
Pi bandi
Jenès la
Li menm
Yo touye
Tout anvi viv li
Tout lespwa l
Tout avni l
Tout lavi l
Sa k rete
Jenès ki konn sa l vle y’a
Sèten irediktib
Sèten rezistan(anndan kon deyò peyi y’a)
Ou jwenn yo nan tout kategori nou site anwo yo.
Tout makonnen ansanm
Yo se WOZO
Yo pliye yo pap kase.
Soufrans yo menm pwofondè ak Esperans yo.
Men pou makònay la ap fèt pou se WOZO yo menm ki fini pa genyen kontwòl sitiyasyon an.
Se vre match la rèd. Se kranpon fè, se jwèt moun pa kanpe. Tankou pawòl la di l, timoun pa antre nan lame, men irediktib yo, rezistan yo, jenès ki konn sa l vle y’a, y ap fini pa jwenm chimen yan kote pou makònay la fèt la pou tout bon
Nou di:
Twòp se twòp
Abraham di c’est assez.
33 lane apre 16 desanm 1990 ou ta di Ayiti pi lwen pase l pi pre.
N ap envante demokrasi pa nou an!
Marcel Poinsard Mondésir
16 desanm 2023.-
Wozo yo la y ap veye.
Yo pliye
Men tonnègraze n yo pap kase.






